< 馬可福音 10 >

1 耶穌從那裏起身,來到猶太境界,約旦河的對岸,群眾又聚集到他那裏,他又照常教訓他們。
Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.
2 有些法利賽人前來問耶穌:許不許丈夫休妻﹖意思是要試探他。
Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.
3 耶穌回答他們說:「梅瑟吩咐了你們什麼﹖」
Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”
4 他們說:「梅瑟准許了寫休書休妻。」
Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”
5 耶穌對他們說:「這是為了你們的心硬,他才給你們寫下了這條法令。
Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a.
6 但是,從創造之初,天主造了他們一男一女。
Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl.
7 為此,人要離開他的父母,依附自己的妻子,
Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li,
8 二人成為一體,以致他們不再是兩個,而是一體了。
epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè.
9 所以,天主所結合的人不可拆散。」
Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
10 回到家裏,門徒又問他這事,
Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò.
11 耶穌對他們說:「誰若休自己的妻子而另娶,就是犯姦淫,辜負妻子;
E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li.
12 若妻子離棄自己的丈夫而另嫁,也是犯姦淫。」
E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”
13 有人給耶穌領來小孩子,要他撫摸他們;門徒卻斥責他們。
Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.
14 耶穌見了,就生了氣,對他們說:「讓小孩子到我跟前來,不要阻止他們! 因為天主的國正屬於這樣的人。
Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo.
15 我實在告訴你們:誰若不像小孩子一接受天主的國,決不能進去。」
Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”
16 耶穌遂抱起他們來,給他們覆手,祝福了他們。
Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.
17 正在耶穌出來行路時,跑來了一個人,跪在他面,前問他說:「善師,為承受永生,我該做什麼﹖」 (aiōnios g166)
Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?” (aiōnios g166)
18 耶穌對他說:「你為什麼稱我善﹖除了天主一個外,沒有誰是善的。
Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl.
19 誡命你都知道:不可殺人,不可姦淫,不可偷盜,不可做假見證,不可欺詐,應孝敬你的父母。」
Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
20 他回答耶穌說:「傅! 這一切我從小就遵守了。」
Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”
21 耶穌定睛看他,就喜愛他,對他說:「你還缺少一樣:你去,變賣你所有的一切,施捨給窮人,你必有寶藏在天上;然後來,背著十字架,跟隨我!」
Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”
22 因了這話,那人就面帶愁容,憂鬱地走了,因為他有許多產業。
Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.
23 耶穌周圍一看,就對自己的門徒說:「那些有錢的人,進天主的國是多麼難啊!」
Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”
24 門徒就都驚奇他這句話。耶穌又對他們說:「孩子們! 仗恃錢財的人,進天主的國是多麼難啊!
Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a!
25 駱駝穿過針孔, 比富有的人進天主的國還容易。」
L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
26 他們就更加驚奇,彼此說:「這樣,誰還能得救﹖」
Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?”
27 耶穌注視他們說:「在人不可能,在天主卻不然,因為在天主,一切都是可能的。」
Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”
28 伯多祿開口對他說:「看,我們捨棄了一切,而跟隨了你。」
Pierre te kòmanse di L: “Gade, nou gen tan kite tout bagay e te swiv Ou.”
29 耶穌回答說:「我實在告訴你們:人為了我,為了福音,而捨棄了房屋、或兄弟、或姊妹、或母親、或父親、或兒女、或田地,
Jésus te di: “Anverite Mwen di nou, ‘Nanpwen pèsòn ki kite kay li, oswa frè li, oswa sè li ak pitit li, ni manman ni papa, oswa jaden li pou koz Mwen ak pou koz levanjil la,
30 沒有不在今時就百倍的房屋、兄弟、姊妹、母親、兒女、田地──連迫害也在內,並在來世獲得永生的。 (aiōn g165, aiōnios g166)
men ke l ap resevwa san fwa plis koulye a, nan tan sila a, kay, frè, sè ansanm avèk pèsekisyon yo; e nan laj k ap vini an, lavi etènèl. (aiōn g165, aiōnios g166)
31 但有許多在先的,要成為在後的;在後的,要成為在先的。」
Men anpil moun ki premye ap vin dènye; e dènye yo va vin premye.
32 那時,他們在路上,要上耶路撒冷去,耶穌在門徒前頭走,他們都驚奇,跟隨的人也都害。耶穌又把那十二人帶到一邊,開始告訴他們那將要臨到他身上的事:「
Yo te sou wout la pou ale Jérusalem e Jésus t ap mache pi devan yo. Yo te etone, e sila ki te swiv yo te pè anpil. Ankò Li te rele douz yo akote e te kòmanse di yo kisa ki ta vin rive Li.
33 看,我們上耶路撒冷去,人子要被交於司祭長和經師;他們要定他的死罪,把他交給外邦人;
“Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo.
34 這些人要戲弄他,唾污他,鞭打,他殺害他;但三天以後,他必要復活。」
Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”
35 載伯德的兒子雅各伯和若望走到耶穌跟前,對他說:「師傅! 我們願你允許我們的要求!」
Jacques, Jean, avèk de fis Zébédée yo te vin kote L. Yo te di L: “Mèt, nou vle ke Ou fè pou nou nenpòt sa ke nou mande Ou”.
36 耶穌對他們說:「你們願意我給你們做什麼﹖」
Li te di yo: “Kisa nou vle M fè pou nou”?
37 他們回答說:「賜我們在你的光榮中,一個坐在你右邊, 一個坐在你左邊。」
Yo te di L: “Bannou dwa pou nou kapab chita nan glwa Ou, youn sou bò dwat Ou, e youn sou bò gòch Ou nan glwa Ou.”
38 耶穌對他們說:「你們知不知道你們所求的是什麼;你們能飲我的爵嗎﹖或者,你們能受我受的的洗嗎﹖」
Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke M ap bwè a, oubyen batize avèk batèm ke Mwen ap batize a?”
39 他們對他說:「我們能。」耶穌就對他們說:「我飲的爵,你們必要飲;我受的洗你們必要受;
Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a.
40 但坐在我右邊或左邊,不是我可以給的,而是給誰預備了,就給誰。」
Men pou chita bò dwat Mwen, oubyen bò gòch Mwen an, sila a se pa pa M nan pou M ta bay, men se pou sila ke li te prepare yo.”
41 那十個聽了,就開始惱怒雅各伯和若望。
Lè yo tande sa, dis lòt yo te kòmanse santi ke yo te mekontan avèk Jacques ak Jean.
42 耶穌叫門徒過來,對他們說:「你們知道:在外邦人中,有尊為首領的,主宰他們,有大臣管轄他們;
Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo.
43 但你們中間卻不可這樣:誰若願意在你們中間成為大的,就當作你們的僕役;
Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou.
44 誰若願意在你們中間為首,就當作眾人的奴僕;
Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout.
45 因為人子,不是來受服事,而是來服事人,並交出自己的性命,為大眾作贖價。」
Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”
46 他們來到耶里哥。耶穌和他的門徒及一大群人,從耶里哥出來的時候,有一個瞎眼的乞丐,即提買的兒子巴爾提買坐在路旁。
Konsa yo te rive Jéricho. E pandan Li t ap kite Jéricho avèk disip Li yo, ansanm ak yon gwo foul la, yon avèg ki t ap mande, ki te rele Bartimée, fis a Timée, te chita akote wout la.
47 他一聽說是納匝肋人耶穌,就喊叫說:「耶穌,達味之子,可憐我罷!」
Lè l tande ke se te Jésus, Nazareyen an, li te kòmanse kriye fò e te di: “Jésus, Fis a David la, gen pitye pou mwen!”
48 有許多人就斥責他,叫他要作聲;但他越發喊叫說:「達味之子,可憐我罷!」
Konsa, anpil moun t ap pale ak li sevèman pou li ta pe la, men li te kriye pi fò: “Fis a David la: gen pitye pou mwen!”
49 耶穌就站住說:「叫他過來!」人就叫那瞎子,給他說:「放心! 起來! 他叫你呢!」
Konsa, Jésus te rete la, e te di: “Rele Li.” Yo te rele avèg la. Yo te di l: “Pran kouraj! Leve kanpe! L ap rele ou!”
50 瞎子就扔下自己的外衣,跳起來,走到耶穌跟前。
Li te jete akote gwo vètman li, te vòltije kanpe byen vit, e te rive kote Jésus.
51 耶穌對他說:「你願意我給你做什麼﹖」瞎子說:「師傅! 叫我看見!」
Jésus te reponn li, e te di l: “Kisa ou vle M fè pou ou?” Mesye avèg la te di L: “Rabouni (ki vle di Mèt), mwen vle wè ankò!”
52 耶穌對他說:「去罷! 你的信德救了你。」瞎子立刻看了,就在路上跟著耶穌去了。
Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.” Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.

< 馬可福音 10 >