< 路加福音 6 >
1 有一個安息日,耶穌經過麥田時,祂的門徒掐著麥穗,用手搓著吃。
Alò, li vin rive ke nan yon dezyèm Saba apre premye a, Li t ap pase nan yon chan ble. Konsa, disip Li yo t ap ranmase e manje tèt ble yo, lè yo fin fwote yo nan men yo.
2 有幾個法利賽人說:「為什麼你們做安息日不准做的呢? 」
Men kèk nan Farizyen yo te di: “Poukisa nou fè sa ki pa pèmi nan Saba a?”
3 耶穌回答說:「你們沒有讀過:達味和同他在一起的人,在飢餓時所做的嗎?
Jésus te reponn yo e te di: “Èske nou pa janm lisa ke David te fè lè li te grangou; li menm avèk sila ki te avèk li yo?
4 怎麼進了天主的殿,拿起供餅來吃了,又給了同他在一起的人吃。這餅原不准他人吃,而只准司祭吃。
Kijan li te antre nan kay Bondye a, li te pran manjepen konsakre a, ki pa t pèmi pou pèsonn manje sof ke prèt yo sèl, e li te bay a sila ki te avè l yo?”
Li te di yo: “Fis a Lòm nan se Senyè a Saba a.”
6 另一個安息日,祂進了會堂施教。在那裡有一個人,他的右手乾枯了。
Nan yon lòt Saba, Li te antre nan sinagòg la. Li t ap enstwi. Te gen yon mesye la avèk yon men dwat ki te sèch.
7 經師和法利賽人窺察祂是否在安息日治病,好尋隙好控告祂。
Konsa, skrib yo avèk Farizyen yo t ap veye L byen pre, pou wè si Li ta geri nan Saba a, pou yo ta kapab twouve yon rezon pou akize L.
8 祂看透了他們的心思,就對那枯了手的人說:「起來,站在中間。」他遂站了起來。
Men Li te konnen panse yo. Li te di a mesye avèk men sèch la: “Leve vin devan.” Konsa, li te leve vin devan.
9 耶穌對他們說:「我問你們:安息日是許行善呢? 還是許作惡呢? 是救命呢? 還是喪命呢?
Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?”
10 祂環視眾人一週,就對那人說:「伸出你的手來! 那人照樣一做,他的手便復了原。
Lè Lfin gade yo tout, Li te di li: “Lonje men ou!” Konsa, li te fè l. Epi men l te restore.
11 他們竟狂怒填胸,彼此商議,要怎樣來對付耶穌。
Men yo menm te anraje. Yo te diskite ansanm sou sa yo ta kapab fè a Jésus.
Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye.
13 天一亮,祂把們徒叫來,由他們人揀選了十二人,並稱他們為宗徒:
Lè li te fè jou, Li te rele disip Li yo kote Li. Konsa, Li te chwazi douz pami yo ke Li te osi nome kòm apòt:
14 即西滿,耶穌又給他起名叫伯多祿,和他的兄弟安德肋、雅各伯、若望、斐理伯、巴爾多祿茂、
Simon, ke Li te osi rele Pierre, André, frè li, Jacques, Jean, Philippe, Barthélemy;
15 瑪竇、多默、阿耳斐的兒子雅各伯、號稱「熱誠者」的西滿、
Matthieu, Thomas; Jacques, fis de Alphée; Simon ki te rele Zelòt la;
16 雅各伯的兄弟猶達和猶達依斯加略,他成了負賣者。
Jude, fis a Jacques; ak Judas Iscariot, ki te devni yon moun trèt.
17 耶穌同他們下山,站在一塊平地上,有祂的一大群們徒和很多從猶太、耶路撒冷及提洛和漆冬海邊來的群眾,
Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon.
18 他們來是為聽祂講道,並為治好自己的病症;那些疲邪魔纏擾的人都被治好了
Yo te vin pou tande Li, e pou geri de maladi yo; epi sila ki te twouble avèk lespri enpi yo t ap geri.
19 群眾都設法觸摸祂,因為有一種能力從祂身上出來,治好眾人。
Tout foul la t ap eseye touche Li, paske pouvwa t ap sòti sou Li, e t ap geri yo tout.
20 耶穌舉目望自己的們徒說:「你們貧窮的是有福的,因為天主的國是你們的。
Li te leve zye L, vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.
21 你們現今飢餓的是有福的,因為你們將得飽飫。你們現今哭泣的是有福的,因為你們將要歡笑。
“Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
22 幾時,為了人子的緣故,人惱恨你們,並棄絕你們,並以的名字為可惡的,而加以辱罵詛咒,你們才是有福的。
“Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.
23 在那一天,歡喜踴躍吧! 看,你們的賞報在天上是豐厚的,因為他們的祖先也同樣對待了先知。
“Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske semenm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.
24 但是你們富有的是禍的,因為你們已經獲得了你們的安慰。
“Men malè a nou menm ki rich, paske nou ap resevwa tout konfò nou.
25 你們現今飽飫的是禍的,因為你們將要飢餓。你們現今歡笑的是禍的,因為你們將要哀慟哭泣。
“Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou. “Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil.
26 幾時,眾人都誇讚你們,你們是禍的,因為他們的祖先也同樣對待了假先知。
“Malè a nou menm lè tout moun pale byen de nou, paske menm jan an, zansèt yo te konn aji avèkfo pwofèt yo.
27 但是我給你們這些聽眾說:應愛你們的仇人,善待惱恨你們的人;
“Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo.
Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
29 有人打你的面頰,也把另一面轉給他,有人拿去你的外衣,也不要阻擋他拿你的內衣。
“Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.
30 凡求你的,就給他;有人拿你的東西,別再索回。
“Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
“Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
32 若你們愛那愛你們的,為你們還算什麼功德? 因為連罪人也愛那愛他們的人。
“Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo.
33 你們善待那善待你們的,為你們還算什麼功德? 因為連罪人也這樣做。
Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la.
34 你們若借給那些有希望償還的,,為你們還算什麼功德? 就是連罪人也借給罪人,為能如數收回。
Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.
35 但是,當愛你們的仇人,善待他們;借出,不要再有所希望:如此,你們的賞報必定豐厚,且要成為至高者的子女,因為祂對待忘恩的和惡人,是仁慈的。
“Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
“Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
37 你們不要判斷,你們也就不受判斷;不要定罪,也就不被定罪;你們要赦免,也就蒙赦免。
“Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.
38 你們給也就給你們;並且還要用好的,連按帶搖,以致外溢的升斗,倒在你們的懷裏,因為你們用什麼升斗量,也用什麼升斗量給你們。
“Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
39 祂又向他們講比喻說:「瞎子豈能給瞎子領路? 不是兩人都要跌在坑裏嗎?
Epi Li te anplis pale yon parabòl a yo menm: “Èskeyon nonm avèg kapab mennen yon nonm avèg? Èske tou de p ap tonbe nan twou?
40 沒有徒弟勝過師父的:凡受過完備教育的,僅相似自己的師父而已。
“Yon disip pa pi wo ke mèt li; men Nenpòt moun, lè li fin enstwi, ap tankou mèt li.
41 怎麼,你看見你兄弟眼中的木屑,而你眼中的大樑,倒不理會呢?
“Poukisa n ap gade pousyè ki nan zye a frè nou an, men pa okipe bout bwa ki nan zye pa nou an?
42 你怎能對你的兄弟說:兄弟,讓我取出你眼中的木屑吧! 而你竟看不見你眼中的大樑呢? 假善人啊! 先取出你眼中的大樑,然後才看得清楚,以便取出你兄弟眼中的木屑。
Oubyen kijan nou kapab di a frè nou an: ‘Frè m, kite m retire pousyè sa a ki nan zye ou a, lè nou menm pa wè bout bwa ki nan zye pa nou an? Nou ipokrit, premyèman retire bout bwa nan zye nou an, e nou va wè klè pou retire pousyè ki nan zye frè nou an.
“Paske nanpwen bon ab ki pote move fwi; e lòt kote, yon move ab ki pwodwi bon fwi.
44 每一棵樹,憑它的果子就可認出來。人從荊棘上收不到無花果,從茨藤上也剪不到葡萄。
Paske chak ab rekonèt pa pwòp fwi li. Konsa, lèzòm pa ranmase fig frans nan bwa zepin, ni yo p ap rekòlte fwi rezen nan yon touf pikan.
45 善人從自己心中的善庫發出善來,惡人從惡庫中發出惡來,因為心裏充滿什麼,口裏就說什麼。
“Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.
46 你們為什麼稱呼我:主啊! 主啊! 而不我所吩咐的呢? 」
“Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di?
47 凡到我跟前,聽了我的道理,而實行的,我要給你們指出,他相似什麼人:
Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble:
48 他相似一個建築房屋的人,掘地深挖,把基礎立在盤石上,洪水瀑發時,大水沖擊那座房屋,而不能搖動它,因為它建築得好。
Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.
49 但那聽了而不實行的,相似在平地上不打基礎,而築房屋的人,洪水一沖擊,那房屋立刻傾倒,且破壞的很慘。」
“Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”