< 利未記 9 >

1 到了第八天,梅瑟召集亞郎和他的兒子以及以色列的長老,
Alò, li te vin rive nan uityèm jou a ke Moïse te rele Aaron, fis li yo ak ansyen an Israël yo.
2 然後對亞郎說:「你牽一條公牛贖來,作為贖罪祭,一隻公綿羊來,作為全燔祭,都應是無瑕的,牽到上主前。」
Konsa, li te di a Aaron: “Pran pou nou menm yon jenn kabrit, yon jenn towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile, tou de san defo, e ofri yo devan SENYÈ a.
3 又吩附以色列子民說:「你們應牽一隻公山羊來,作為贖罪祭;一頭公牛贖和一隻一歲的公羔羊來,都應是無瑕的,作為全燔祭;
Epi a fis Israël yo nou va pale pou di: ‘Pran yon mal kabrit pou yon ofrann peche, ak yon jenn kabrit avèk yon jenn mouton, toude nan laj yon ane, san defo, pou yon ofrann brile,
4 再牽一頭公牛和一隻公綿羊來,作為和平祭,獻在上主面前;再帶些油調的素祭祭品來,因為今天上主要顯現給你們。」
epi yon bèf avèk yon belye pou ofrann lapè a, pou fè sakrifis devan SENYÈ a; e yon ofrann sereyal melanje avèk lwil: paske jodi a, SENYÈ a va parèt a nou menm.’”
5 他們遂將梅瑟所吩附的,都帶到會幕前;全會眾都前來,站在上主面前。
Donk, yo te pran sa ke Moïse te kòmande devan tant asanble a. Tout asanble a te rapwoche pou kanpe devan SENYÈ a.
6 梅瑟遂說:「這是上主命你們做的事,好使上主的榮耀顯現給你們。」
Moïse te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande nou pou fè, pou glwa SENYÈ a kapab parèt a nou menm.”
7 以後,梅瑟對亞郎說:「你走近祭壇,奉獻你的贖罪祭和全燔祭,為你自己和你的家族贖罪;然後奉獻人民的祭品,為他們贖罪,如上主所吩附的。」
Konsa, Moïse te di a Aaron: “Vin toupre lotèl la, e ofri ofrann peche ak ofrann brile nou yo, pou nou kapab fè ekspiyasyon pou nou menm, ak pou pèp la; pou nou kapab fè ekspiyasyon pou yo, jan SENYÈ a te kòmande a.”
8 亞郎於是走近祭壇,宰殺了那為自己作贖祭的公牛贖。
Donk, Aaron te vin toupre lotèl la. Li te touye jenn kabrit la, ofrann peche ki te pou li menm nan.
9 亞郎的兒子將血遞給他,他把手指浸在血裏,抹在祭壇的四角上,剩下的血都倒在祭壇腳旁。
Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la.
10 贖罪祭犧牲的脂肪、兩腎和肝葉,都放在祭壇上焚燒,照上主對梅瑟的吩附。
Grès la, ren yo avèk gwo mòso fwa ofrann peche a, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
11 至於肉和皮,都在營外用火燒了。
Men chè a avèk po a, li te brile yo avèk dife deyò kan an.
12 然後亞郎宰殺了全燔祭犧牲,亞郎的兒子將血遞給他,他將血灑在祭壇四週。
Answit, li te touye ofrann brile a; epi fis Aaron yo te lonje bay li san an, e li te flite li toupatou sou lotèl la.
13 以後,他們將切成塊的全燔祭犧牲和頭遞給他,他就放在祭壇上焚燒。
Yo te lonje ofrann brile a ba li an mòso avèk tèt la, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.
14 內臟和腿洗淨後,也放在祭壇上同全燔祭犧牲一起焚燒。
Li te lave zantray yo avèk janm yo, e li te ofri yo nan lafimen avèk ofrann brile yo sou lotèl la.
15 隨後他奉獻了人民的祭品:將那為贖罪祭的公山羊牽來,宰殺了,獻作贖罪祭,如前一犧牲一樣。
Answit, li te prezante ofrann pèp la, e li te pran kabrit ofrann peche ki te pou pèp la. Li te touye li e li te ofri li pou peche, tankou premye a.
16 又奉獻了全燔祭,全按禮儀進行;
Li te prezante osi ofrann brile a. Li te ofri li selon òdonans lan.
17 又奉獻了素祭,由其中取了一滿把,放在祭壇上焚燒,這是早晨全燔祭以外的祭獻。
Apre, li te prezante ofrann sereyal la, li te plen men li avèk kèk ladann. Konsa, li te ofri li nan lafimen sou lotèl la, anplis de ofrann brile nan maten an.
18 最後,他宰殺了為人民作和平祭的公牛和公綿羊;亞郎的兒子將血遞給他,他就將血灑在祭壇四週。
Answit, li te touye bèf la avèk belye a, sakrifis lapè ki te pou pèp la. Fis Aaron yo te lonje ba li san an pou li te flite li toupatou sou lotèl la;
19 至於牛羊的脂肪、肥尾、遮蓋內臟的脂肪、兩腎和肝葉,
ak pati grès ki sòti nan bèf la, nan belye a, grès ke a ak grès ki kouvri ren yo avèk gwo mòso fwa a,
20 他們都放在犧牲的胸脯上;亞郎遂將脂肪放在祭壇上焚燒,
epi yo te plase pati grès sou pwatrin yo. Konsa, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.
21 胸脯和右後腿,拿來在上主前行了奉獻的搖禮,照梅瑟所吩附的。
Men pwatrin yo avèk kwis dwat la, Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a, jis jan ke Moïse te kòmande a.
22 以後亞郎的人民舉起手來,祝福了他們。當他獻完了贖罪祭、全燔祭及和平祭以後,就由祭壇上下來了。
Alò, Aaron te leve men li anlè vè pèp la e li te beni yo. Konsa, li te desann lè l te fin fè ofrann peche a, ofrann brile a ak ofrann lapè yo.
23 以後,梅瑟和亞郎走進了會幕,兩人出來,祝福百姓時,上主的榮耀顯現給全體百姓。
Moïse avèk Aaron te antre nan tant asanble a. Lè yo te sòti e te beni pèp la, laglwa SENYÈ a te parèt a tout pèp la.
24 由上主前出來了火,吞噬了祭壇上的全燔祭祭品和脂肪。全體百姓見了,齊聲歡呼,俯伏在地。
Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.

< 利未記 9 >