< 士師記 19 >

1 當以色列人尚沒有君王時,有一個肋未人寄居在厄弗辣因山地邊境;他由猶大白冷取了一個女子為妾。
Alò, li te vin rive nan jou sa yo, pandan pa t gen wa an Israël, ke te gen yon sèten Levit ki te rete nan zòn izole nan peyi ti kolin Ephraïm nan. Li te pran yon mennaj pou kont li, ki soti nan Bethléhem nan Juda.
2 那妾對他發怒,就離開他回了猶大白冷的父家,在那裏住了四個月。
Men mennaj li a te jwe pwostitiye kont li. Li te kite li pou rive lakay papa l nan Bethléhem nan Juda e li te rete la pandan yon kat mwa.
3 她的丈夫起來,帶著一個僕人,牽了兩匹驢去找她,想去慰問她,勸她回來;當他來到那女子的父家時,那少女的父親一望見他,就喜喜歡歡地來迎接他。
Epi mari li te leve swiv li, pou pale dousman avè l pou fè l tounen e te pran avè l sèvitè li a, ak yon pè bourik. Konsa, fi a te mennen li antre lakay papa l. Lè papa l te wè l, li te byen kontan rankontre li.
4 他的岳父,即那少女的父親,留他在家住了三日,他們在那裏一齊喫喝居住。
Bòpè li a, papa a fi a te fè l fè reta. Li te rete avè l pandan twa jou konsa. La yo te manje, bwè e loje.
5 第四天他們一早起來,肋未人起身要走,那少女的父親就對女婿說:「你們先用些餅,吃點點心,然後再走。」
Alò, nan katriyèm jou a, yo te leve granmmaten e yo te prepare pou sòti. Papa a fi a te di a bofi li: “Fòtifye ou menm avèk yon mòso pen pou, apre, nou kapab ale.”
6 於是他們二人坐下一起喫喝;少女的父親對那人說:「請你賞面,再住一夜,再高興高興! 」
Konsa, toude te chita manje e bwè ansanm; epi papa a fi a te di nonm nan: “Souple, vin dakò pou pase nwit lan e fè kè ou kontan.”
7 那人起身要走,但他的岳父挽留了他,他又在那裏過了一夜。
Alò, nonm nan te leve pou pati, men bòpè li te ankouraje li. Konsa, li te pase nwit lan la ankò.
8 第五天他一早起來要走,但那少女的父親又說:「請先吃些點心! 」於是二人又一同吃東西,直到日已西斜;
Nan senkyèm jou a, li te leve pati bonè nan maten. Men papa a fi a te di: “Souple, soutni nou e tann pou jiska apremidi.” Konsa, yo toude te manje.
9 那人和他的妾連他的僕人起身要走,他的岳父,即那少女的父親,對他說:「你看,天已晚了,今天在這裏再過一夜,再高興高興,明天清早起來,上路回家去罷! 」
Lè nonm nan te leve ansanm avèk mennaj li ak sèvitè li a, bòpè li te di li: “Men gade, jou a prèt pou rive; souple, pase nwit lan isit la pou kè ou kapab kontan. Epi demen ou kapab leve bonè pou vwayaje ale lakay ou.”
10 但是,那人不願再過一夜,就帶著他的妾和僕人,以及備好的兩匹驢起身走了,來到耶步斯,即耶路撒冷的對面。到基貝亞過夜
Men nonm nan pa t dakò pase nwit lan. Konsa, li te leve sòti pou te rive nan lye anfas Jebus (sa vle di, Jérusalem). Li te gen avè l de bourik sele; mennaj li a te avè l tou.
11 當他們臨近耶步斯時,日已西垂,僕人就對主人說:「來,讓我們轉去,到這座耶步斯人城裏去投宿! 」
Lè yo te toupre Jebus, jou a te prèt fini; epi sèvitè te di a mèt li: “Souple, vini e annou vire akote antre vil ki pou Jebizyen yo pou pase nwit lan ladann.”
12 主人回答他說:「我們不可進入這座不屬以色列子民的外方人的城,我們往基貝亞去罷!
Men mèt li a te di li: “Nou p ap vire akote antre nan vil etranje ki pa fè pati a fis Israël yo; men nou va kontinye rive jis Guibea.”
13 他又對僕人說:「來! 我們到一個地方去投宿,或在基貝亞,或在辣瑪。」
Li te di a sèvitè li: “Vini e annou pwoche youn nan kote sa yo. Nou va pase nwit lan nan Guibea oswa Rama.”
14 於是他們又上路前行,當來近本雅明的基貝亞時,太陽已經落了。
Konsa, yo te kontinye fè wout yo. Solèy la te kouche sou yo toupre Guibea, ki pou Benjamin.
15 他們遂進了基貝亞,在那裏投宿;他們進城後,就坐在城內街市上,因為沒有人收留他們在家中過宿。
Yo te vire akote la pou antre rete nan Guibea. Lè yo te antre, yo te chita nan mache ki pou vil la, pwiske pèsòn pa t pran yo antre lakay yo pou pase nwit lan.
16 有一個老人晚上由田間工作回來,他原是厄弗辣因山地的人,寄居在基貝亞;本地人卻是本雅明人。
Alò, vwala, yon mesye granmoun t ap sòti nan chan travay li nan aswè. Alò, mesye a te sòti nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li t ap viv Guibea, men mesye kote sa yo se te Benjamit yo te ye.
17 那老人舉目,看見在城中街市上又個過路的人,就問說:「你往那裏去﹖從那裏來﹖」
Konsa, li te leve zye li pou te wè vwayajè yo nan mitan mache vil la. Epi granmoun nan te di: “Kibò nou prale e kibò nou sòti?”
18 肋未人回答他說:「我們是從猶大白冷來,往厄弗辣因山地的邊境去。我本是那地方的人,我去過猶大白冷,現在要回家去,但沒有人收留我到自己家裏去。
Li te di: “N ap pase soti Bethléhem nan Juda pou rive kote ki pi izole nan peyi ti kolin Ephraïm yo, paske se la mwen sòti e mwen te ale Bethléhem nan Juda. Men koulye a, se lakay mwen mwen prale e nanpwen moun k ap ban m plas.
19 其實我有糧草餵驢,為我和你的婢女以及跟隨你僕人的這個青年人,都有食糧和酒,一無所缺。」
Men m gen pay ak manje pou bourik nou yo e osi, pen avèk diven pou mwen, sèvant ou, e jennonm ki avèk sèvitè ou yo. Nanpwen anyen ki manke.”
20 那老人對他說:「你放心罷! 你所需要的由我供給,只不可在街上過夜。」
Granmoun nan te di: “Lapè avèk nou. Sèlman, kite mwen okipe tout bezwen nou yo; sèlman, pa pase nwit lan sou plas la.”
21 他遂領他到自己家裏,餵上驢,他們洗了腳,以後就吃喝起來。基貝亞的惡行
Konsa, li te pran li lantre lakay li e li te bay bourik yo manje. Yo te lave pye yo e te manje ak bwè.
22 他們正滿懷高興的時候,看,本城的一些無賴之徒,圍住房屋敲門,對作家主的老人說:「把剛才到你家的那個人領出來,我們要認識他。」
Pandan yo t ap fete, veye byen, mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.”
23 家主出來見他們,對他們說:「兄弟們,不要如此! 請你不要行這樣的惡事! 這人既進了我的家,你們決不能行這醜事!
Alò, nonm nan, mèt kay la, te parèt deyò kote yo, e te di yo: “Non, zanmi mwen yo, souple pa aji mal konsa! Akoz nonm sa a te antre lakay mwen, pa vin fè yon zak bèt parèy konsa!
24 這裏有我的女兒還是處女,我領她出來,你們可任意污辱她,任憑你們待她;但是對於這人,你們決不可作這種醜事! 」
Men fi vyèj mwen an ak sèvant li an; souple, kite mwen fè yo sòti pou nou kapab kouche avèk yo e fè sa ke nou pito. Men pa fè zak bèt sa a kont nonm sa a!”
25 但是那些人不願聽他;客人就抓住自己的妾,把她交給了他們,他們就認識了她,整夜污辱她,直到早晨,在破曉的時候纔放了她。
Men mesye yo te refize koute li. Epi nonm nan te sezi ti mennaj li a, li te mennen li deyò kote yo. Konsa, yo te vyole li e te abize li tout lannwit jis rive nan maten, e yo te lage li lè solèy prèt leve.
26 天快亮的時候,那女子回到留他主人住宿的那人屋前,跌倒在那裏,直到天亮。
Lè jou te kòmanse vin parèt, fanm nan te vin tonbe devan pòtay kay a mesye a kote mèt la te ye a jiskaske solèy fin klere nèt.
27 早晨,當她的主人起來開門,出去要動身起程時,看見那女人,即他的妾,伏在門口,她的手扶在門限上,
Lè mèt li te leve nan maten e te louvri pòt la pou fè wout li, alò vwala, mennaj li an te kouche devan pòtay kay la, avèk men li sou papòt kay la.
28 就對她說:「起來! 我們走罷! 」然而沒有人回答他;那人便把她馱在驢上,起身回了本地。
Li te di li: “Leve non, annou ale.” Men pa t gen repons. Alò, li te mete kadav li sou bourik la, epi nonm nan te leve ale lakay li.
29 到了家裏,拿起刀來,握住自己的妾,把她的肢體切成十二塊,送到以色列全境,
Lè li te antre lakay li, li te pran yon kouto, li te mete men li sou mennaj li a e te koupe li fè douz mòso, manm pa manm e te ranvoye li toupatou nan tout teritwa Israël la.
30 吩咐他所派遣的人說:「你們要對以色列人這樣說:自從以色列子民由埃及地上來那一日,直到今日,是否發生過這樣的事﹖大家想一想,決定之後,請說出來。」凡看見的都說:「自從以色列子民由埃及地上來那一日,直到今日,從未發生過,也未見過這樣的事。」
Tout sa ki te wè l te di: “Anyen parèy a sa pa t janm fèt, ni pa t konn wè depi jou ke fis Israël yo te monte sòti an peyi Égypte la jis jodi a. Reflechi sou sa, pran konsèy e pale klè.”

< 士師記 19 >