< 士師記 16 >

1 三松往迦薩去,在那裏看見一個妓女,便去走近了她。
Alò, Samson te desann Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li.
2 有人告訴迦薩人說:「三松到這裏來了。」他們就把他圍住,終夜派人埋伏在城門口,整夜靜悄悄地等待他,說:「等到早晨天亮,我們纔殺他。」
Lè sa li te pale pami moun Gaza yo: “Samson vin isit la!” Yo te antoure kote a e yo te kache tann li tout lannwit vè pòtay lavil la. Yo te rete an silans tout nwit lan e yo te di: “Annou tann jis li fè klè maten e nou va touye li.”
3 三松睡到半夜,半夜醒來,抓緊城門,連兩個門框帶門閂,一起拔起,放在肩上,背到赫特龍對面的山頂上。三松與德里拉
Alò, Samson te kouche jis minwi e a minwi, li te leve pran pòtay lavil yo avèk de poto yo. Li te rale fè yo monte, ansanm avèk ba travès pa yo. Epi li te mete yo sou zepòl li, e li te pote yo monte pou rive anwo tèt mòn ki anfas Hébron an.
4 此後,他在芍勒克平原又愛上一個女人,名叫德里拉。
Apre sa, li te vin rive ke li te renmen yon fanm nan vale Sorek la, ke yo te rele Delila.
5 培肋舍特的酋長上到她那裏,對她說:「請你引誘他,看看他這樣大的力量是從那裏來的,我們怎樣能制勝他,將他捆起,而制伏他;我們每人給你一千一百銀子。」
Prens Filisten yo te ale kote li e te di fanm nan: “Mennen li ak dousè e twouve kote gran fòs li a sòti, e kijan nou kapab vin genyen l pou nou kapab mare li pou aflije li. Epi nou chak va ba ou onz-san pyès ajan.”
6 德里拉問三松說:「請你告訴我,你這樣大的力量是從那裏來的﹖人怎樣纔能將你捆起,而制伏你﹖」
Konsa, Delila te di a Samson: “Souple, pale m kote gran fòs ou a ye ak kijan ou kapab vin mare pou ou ta aflije.”
7 三松回答說:「人若用七根未乾的新牛筋繩將我捆起,我就像別人一樣軟弱。」
Samson te di li: “Si yo mare m avèk sèt kòd nèf ki poko sèch; alò, mwen va devni fèb e mwen va vin tankou nenpòt lòt gason.”
8 培肋舍特人的酋長就給她送來七根未乾的新牛筋繩,她便用這些繩子將他捆起。
Epi prens Filisten yo te mennen ba li sèt kòd nèf ki potko sèch e li te mare li avèk yo.
9 當時有埋伏的人暗藏在她的內室裏;德里拉向他喊說:「三松,培肋舍特人來捉你哩! 」他就掙斷牛筋繩,如同麻線被火燒斷一樣;於是人們仍不知他力量的所在。
Alò, te gen moun ki te kache ap tann nan chanm anndan an. Epi li te di li: “Men Filisten yo rive sou ou, Samson!” Konsa li te pete kòd yo tankou fisèl pit chire lè l touche dife. Konsa, fòs li a pa t revele.
10 德里拉遂對三松說:「看,你戲弄我,對我說謊。如今請你告訴我,怎樣纔能捆綁你﹖」
Epi Delila te di a Samson: “Gade byen, se twonpe ou twonpe m, ou ban m yon bann manti; alò, koulye a, souple, di m kijan ou kab mare.”
11 他回答她說:「人若用從未用過的新繩將我捆起,我就像別人一樣軟弱。」
Li te di li: “Si yo mare m byen di ak kòd nèf ki pa t janm sèvi; alò, mwen va devni fèb tankou nenpòt lòt gason.”
12 德里拉就拿新繩將他捆起,對他喊說:「三松,培肋舍特人來捉你哩! 」當時仍有埋伏的人暗藏在內室裏;但他掙斷手臂上的繩子,好像一根絲線一樣。
Konsa, Delila te pran kòd nèf e li te mare li avèk yo e te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Paske gason yo t ap tann nan chanm anndan an. Men li te pete kòd yo nan bra li tankou fisèl pou koud.
13 德里拉對三松說:「到現在你仍戲弄我,對我說謊;你告訴我,人怎樣纔能捆綁你﹖」他回答她說:「你若把我頭上的七條髮辮與織布的經線編在一起,然後用木橛釘住,我就像別人一樣軟弱。」
Epi Delila te di a Samson: “Jis koulye a, ou te twonpe m e ban m bann manti; di mwen kijan ou kapab mare.” Epi li te di li: “Si ou trese sèt très cheve m nan ansanm très la, epi tache l avèk gwo epeng tout très la, m ap vin fèb tankou nenpòt lòt gason.”
14 德里拉使他睡了,然後把他頭上的七條髮辮與織布的經線編在一起,再用木橛釘住,向他喊說:「三松,培肋舍特人來捉你哩! 」他從夢中醒來,把織布機的木橛連織布的經線都拔了出來。
Konsa, pandan li t ap dòmi, Delila te pran sèt très a cheve li yo, li te trese yo nan ansanm très la. Li te tache li avèk epeng lan, e li te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Men li te leve nan dòmi li, li te rale fè epeng lan sòti nan ansanm très la e li te rale cheve l nan griyaj très la.
15 德里拉就對他說:「你心裏既沒有我,你怎能說:我愛你呢﹖你已三次戲弄我,還沒有告訴我你這樣大的力量是從那裏來的! 」
Alò li te di li: “Kijan ou kapab di, ‘Mwen renmen ou,’ lè kè ou pa avè m? Ou te twonpe m twa fwa sila yo e pa t di mwen kote gran fòs ou a ye.”
16 因為她天天用話來逼他,催他,致使他的精神苦惱的要死。
Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò.
17 三松遂把心中的一切全透露給她,對她說:「剃刀從未接觸過我的頭,因為我在母胎時就是獻於天主的;人若剃去我的頭髮,我的力量就離開了我,我就像眾人一樣軟弱。」
Konsa, li te fè l konnen tout sa ki te nan kè li e li te di li: “Yon razwa pa t janm vini nan tèt mwen; paske mwen se te yon Nazareyen a Bondye soti nan vant manman m. Si cheve m vin taye; alò, fòs mwen an va kite mwen e mwen va devni tankou nenpòt lòt gason.”
18 德里拉一見他把心中的一切全給她透露了,便打發人召培肋舍特的酋長來說:「這一次你們上來罷! 因為他把心中的一切全透露給我。」於是培肋舍特人的酋長手中帶著銀子,來到德里拉那裏。
Lè Delila te wè ke li te di li tout sa ki te nan kè li, li te rele prens a Filisten yo e li te di yo: “Vini yon fwa ankò; paske li fin di mwen tout sa ki te nan kè li.” Epi prens a Filisten yo te vin kote li, e yo te pote lajan pou li a nan men yo.
19 德里拉使三松睡在自己的膝上,又叫來一個人,剃去他頭上的七條髮辮,他就開始軟弱無力,他的力量全離開了他。
Li te fè li dòmi sou jenou li, li te rele yon mesye pou te fè l pase razwa retire tout sèt très cheve li yo. Alò, li te kòmanse aflije li e fòs li a te vin kite l.
20 她於是喊說:「三松,培肋舍特人來捉你哩! 」他由夢中醒來,心想:「這一次和前幾次一樣,我一掙扎,必能脫身。」他卻不知道上主已離棄了他。
Li te di: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Li te leve soti nan dòmi li, e te di: “Mwen va sòti tankou lòt fwa yo e souke kò m pou m vin lib.” Men li pa t konnen ke SENYÈ a te gen tan kite li.
21 培肋舍特人便把他捉住,剜去他的眼睛,帶他下到迦薩,用銅鍊鎖了他,叫他在監獄裏推磨。
Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an.
22 但是他的頭髮在剃了以後,又漸漸長起來。三松殉身復仇
Men cheve tèt li t ap grandi ankò lè l te fin koupe yo.
23 培肋舍特人的酋長聚集起來,為給他們的神達貢舉行祭獻大典,表示慶祝;他們說:「我們的神把我們的仇人三松交在我們手中。」
Alò, prens Filisten yo te rasanble pou ofri yon gran sakrifis a Dagon, dye pa yo a e pou rejwi yo, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki livre Samson, lènmi nou an, nan men nou.”
24 民眾一見三松,就讚頌他們的神說:「我們的神把破壞過我們的田地,殺害過我們多人的仇人,交在我們的手中了。」
Lè pèp la te wè li, yo te fè lwanj a dye pa yo a, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki te livre lènmi nou an, nan men nou, menm destriktè a peyi nou an, ki te touye anpil nan nou.”
25 當他們興高采烈的時候,就喊說:「讓三松給我們表演把戲。」他們就從監獄裏叫出三松來,在他們面前耍把戲;以後把他放在兩根柱子中間。
Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo.
26 三松對牽他手的僮僕說:「讓我摸摸支殿的柱子,好能靠一靠。」
Alò, Samson te di a gason ki te kenbe men l lan: “Kite mwen manyen pilye kote kay la kanpe yo pou m kab apiye sou yo.”
27 那時殿內滿了男女,培肋舍特人的酋長也在裏面,在天台上約有三千男女,都在看三松表演把戲。
Alò, kay la te ranpli avèk gason ni fanm e tout prens a Filisten yo te la. Epi anviwon twa-mil gason avèk fanm te anba twati a e yo t ap gade Samson pandan li t ap amize yo.
28 三松呼求上主說:「吾主上主,求你眷念我! 天主,求你再賜我力量,只要這一次! 以報培肋舍特人剜我雙眼的仇。」
Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.”
29 三松就抱住正中支殿的兩根柱子,右手抱一根,左手抱一根;
Samson te kenbe byen di de pilye mitan yo sou sila kay la te poze yo, li te ranfòse li sou yo, youn avèk men dwat li e youn avèk men goch li.
30 然後三松說:「讓我的性命和培肋舍特人同歸於盡! 」於是他奮力屈身,大殿隨之倒塌,壓在酋長和裏面所有的民眾身上;這樣他在臨死時所殺死的人,比一生所殺死的人還多。
Epi Samson te di: “Kite mwen mouri avèk Filisten yo!” Epi li te koube avèk tout fòs li jiskaske kay la te vin tonbe sou tout prens yo ak tout moun ki te ladann yo. Konsa, kantite moun ke li te touye lè l te mouri an te plis ke sila ke li te touye pandan tout vi li yo.
31 此後,他的兄弟和父親的全家下來,把他抬上去,葬在祚辣和厄市陶耳之間,他父親瑪諾亞的墳墓裏。他作以色列民長二十年。
Alò, frè li yo avèk tout lakay papa li te desann pran li, mennen li monte e te antere li antre Tsorea ak Eschthaol nan tonm Manoach la, papa li. Konsa, li te jije Israël pandan ventan.

< 士師記 16 >