< 猶大書 1 >

1 耶穌基督的僕人,雅各伯的弟兄猶達,致書給在天主父內蒙愛,為耶穌基督而保存的蒙召者。
Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè la a Jacques, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.
2 願仁慈、平安、愛情豐富地賜予你們。
Ke mizerikòd la, lapè, ak lamou kapab ogmante anvè nou.
3 親愛的,我早已切望給你們寫信,討論我們共享的就恩;但現在不得不給你們寫信,勸勉你們應奮鬥,維護從前一次而永遠傳與聖徒的信仰。
Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo.
4 因為有些早已被注定要受這審判的人,潛入你們中間;他們是邪惡的人,竟把我們天主的恩寵,變為放縱情慾的機會,並否認我們獨一的主宰和主耶穌基督。
Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejete sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.
5 雖然你們一次而永遠知道這一切,但我仍願提醒你們:主固然由埃及地救出了百姓,隨後卻把那些不信的人消滅了;
Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.
6 至於那些沒有保持自己尊位,而離棄自己居所的天使,主也用永遠的鎖鏈,把他們拘留在幽暗中,以等候那偉大日子的審判; (aïdios g126)
Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandonnen pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman a nan gran jou a. (aïdios g126)
7 同樣,索多瑪和哈摩辣及其附近的城市,因為也和他們一樣恣意行淫,隨從逆性的肉慾,至今受著永火的刑罰,作為鑑戒。 (aiōnios g166)
Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, se prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl a. (aiōnios g166)
8 可是這些作夢的人照樣玷污肉身,拒絕主權者,褻瀆眾尊榮者。
Malgre sa, moun sa yo fè menm bagay la. Ak rèv ke yo fè, yo defile lachè a, rejete otorite a, epi meprize zanj majestik yo.
9 當總領天使彌額爾,為了梅瑟的屍體和魔鬼激烈爭辯時,尚且不敢以侮辱的言詞下判決,而只說:「願主叱責你!」
Men lakanj Michel, lè li te dispite avèk dyab la, epi te despite sou kò Moise la, pa t menm tante pwononce yon jijman cho, men te di “Ke Bondye bay ou repwòch.”
10 這些人卻不然,凡他們所不明白的事就褻瀆,而他們按本性所體驗的事,卻像無理性的牲畜一樣,就在這些事上敗壞自己。
Men moun sa yo meprize sa ke yo pa menm konprann. Konsa, se pa bagay yo ke yo konnen pa lensten, kon bèt ki pa ka menm rezonen, ke yo vin detwi.
11 這些人是有禍的!因為他們走了加音的路,為圖利而自陷於巴郎的錯誤,並因科辣黑一樣的判逆,而自取滅亡。
Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Kore la.
12 這些人是你們愛宴上的污點,他們同人宴樂,毫無廉恥,只顧自肥;他們像無水的浮雲,隨風飄盪;又像晚秋不結果實,死了又死,該連根拔出來的樹木;
Moun sa yo se resif yo k ap kashe nan fèt lamou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van a, bwa sezon fwèt la san fwi, de fwa mò, dechouke menm;
13 像海裏的怒濤,四下飛濺他們無恥的白沫;又像出軌的行星;為他們所存留的,乃是直到永遠的黑暗的幽冥。 (aiōn g165)
volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite lenpirite yo; zetwal erann pou kilès tenèb nwa la te rezève jis pou janmen. (aiōn g165)
14 針對這些人,亞當後第七代聖祖哈諾客也曾預言說:「看,主帶著他千萬的聖者降來,
Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye yo a moun sen pa Li yo,
15 要審判眾人,指證一切惡人所行的一切的惡事,和邪辟的人所說的一切褻瀆他的言語。」
pou egzekite jijman sou tout, epi pou fè rann kont a tout enkwayan yo avèk zak inpir pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè yo san fwa te pale kontra Li.”
16 這些人好出怨言,不滿命運;按照自己的私慾行事,他們的口好說大話,為了利益而奉承他人。
Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flatè moun, pou yo kapab gen youn avantaj.
17 但是,你們,親愛的,你們要記得我們的主耶穌基督的宗徒所預言過的話,
Men nou, byeneme yo dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot yo a Senyè nou, Jésus Kri
18 他們曾向你們說過:「到末期,必有一些好嘲弄人的人,按照他們個人邪惡的私慾行事。」
ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.”
19 這就是那些好分黨分派,屬於血肉,沒有聖神的人。
Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn lan, ki san Lespri la.
20 可是,你們,親愛的,你們要把自己建築在你們至聖的信德上,在聖神內祈禱;
Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen a.
21 這樣保存你們自己常在天主的愛內,期望賴我們的主耶穌基督的仁慈,入於永生。 (aiōnios g166)
Kenbe nou menm nan lamou Bondye, epi toujou tan swayezman pou mizerikòd la a Senyè nou Jésus Kri anvè lavi etènèl. (aiōnios g166)
22 對那些懷疑不信的人,你們要說服;
Fè mizerikòd sou kèk k ap doute,
23 對另一些人,你們要拯救,把他們從火裏拉出來;但對另一些人,你們固然要憐憫,可是應存戒懼的心,甚至連他們肉身所玷污了的內衣,也要憎惡。
sove lòt. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad la ki te salè pa lachè.
24 願那能保護你們不失足,並能叫你們無瑕地,在歡躍中立在他光榮面前的,
Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa,
25 惟一的天主,我們的救主,藉我們的主耶穌基督,獲享光榮、尊威、主權和能力,於萬世之前,現在,至於無窮之世。阿們。 (aiōn g165)
a sèl Bondye la Sovè nou, atrave Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen. (aiōn g165)

< 猶大書 1 >