< 約書亞記 8 >

1 以後上主對若蘇厄說:「你不要害怕! 不要膽怯,只管率領所有的軍民,前去進攻哈依城。看,我已將哈依王,百姓、城池和土地,都交在你手中。
Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè, ni dekouraje. Pran tout moun lagè yo avèk ou e leve, monte vè Aï. Ou wè, Mwen te mete nan men ou wa Aï a, pèp li a, vil li a ak peyi li a.
2 你要對待哈依城和哈依王,如同對待耶利哥和耶利哥王一樣;只有城中的戰利品和牲畜,你們可據為己有。你應在城後面,設下攻城的伏兵。」
Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Selman, ou va pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.”
3 若蘇厄於是與所有的軍兵前去進攻哈依城。若蘇厄選了三萬精兵,派他們黑夜出發,
Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan.
4 吩咐他們說:「你們要注意,在城那邊,即在城後面埋伏下,不可離城太遠,個個都要戒備。
Li te kòmande yo, e te di: “Gade, nou ap fè anbiskad vil la soti pa dèyè li. Pa sòti lwen vil la men nou tout, mete nou touprè.
5 我和我率領的人,向城推進;當他們像前次一樣出來迎擊我們時,我們就由他們前面逃走。
“Mwen menm avèk tout moun ki avè m yo, nou va apwoche vil la. Epi lè yo sòti deyò pou rankontre nou kòm yon premye fwa, nou va sove ale devan yo.
6 他們一定出來追趕我們。我們將他們誘出城來,他們必說:這些像前次一樣,又由我們面前逃走了。我們就由他們前面逃走。
Yo va sòti pou kouri dèyè nou jiskaske nou pati kite vil la, paske yo va di: ‘Y ap sove ale devan nou tankou premye fwa a.’ Konsa, nou va sove ale devan yo.
7 那時你們應從埋伏的地方出來,佔領城市,上主你們的天主必將這城交在你們手中。
Epi nou va leve anbiskad nou e pran posesyon vil la; paske SENYÈ a, Bondye nou an, va livre li nan men nou.
8 你們一佔領了城,就放火焚燒,全照上主的話執行。你們應注意我吩咐你們的事。」
Alò, li va rive lè nou fin sezi vil la, ke nou va mete dife nan vil la. Nou va fè li selon pawòl SENYÈ a. Nou wè, mwen te kòmande nou an.”
9 若蘇厄就打發他們去了。他們便開到埋伏的地方,停在貝特耳和哈依之間,在哈依西面。那中夜若蘇厄便在百姓中過了夜。
Konsa, Josué te voye yo ale. Yo te ale nan plas anbiskad la, e yo te rete antre Béthel avèk Aï, nan lwès a Aï; men Josué te pase nwit lan pami moun yo.
10 若蘇厄清早起來,點齊軍民;然後與與以色列的長老,在軍人前頭向哈依城進發。
Alò, Josué te leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï.
11 跟隨他的所有軍人也都一齊進發,迫近城下,在哈依北面紮了營。原來在他和哈依中間隔著一個山谷。
Tout moun lagè ki te avèk li yo te monte vin toupre. Yo te rive devan vil la, e te fè kan an sou akote nò toupre Aï a. Koulye a te gen yon vale antre yo menm avèk Aï.
12 若蘇厄調了約五千人,令他們埋伏在貝特耳和哈依之間,即在哈依西面。
Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la.
13 這樣城北的軍民和城西的伏兵,都嚴陣以待。當夜若蘇厄就在谷中過了夜。
Konsa, yo te pozisyone moun yo, tout lame ki te nan kote nò vil la ak gad an aryè nan kote lwès vil la. Josué te antre pandan nwit sa a nan mitan vale a.
14 哈依王一見這情形,便和全城的人急忙起來,到了面對阿拉巴的山坡,要和以色列人交戰,但他沒有料到城後面還有伏兵。
Li te vin rive ke lè wa Aï la te wè sa, mesye lavil yo te kouri leve bonè pou sòti rankontre Israël nan batay la, li menm avèk tout pèp li a nan plas chwazi a devan plèn dezè a. Men li pa t konnen ke te gen yon anbiskad kont li dèyè vil la.
15 若蘇厄和以色列人在他們面前詐敗,沿著往曠野的路奔逃,
Josué avèk tout Israël te fè pòz kòmsi yo te fin bat devan yo e yo te sove ale pa chemen dezè a.
16 城中的人盡被徵調,在後追趕。當他們若蘇厄時,都被誘出城來;
Tout pèp ki te nan vil la te rele ansanm pou kouri dèyè yo. Konsa, yo te kouri dèyè Josué e li te rale yo soti kite vil la.
17 在哈依和貝特耳沒有留下一個人不出來追趕以色列人的。他們拋下敞開的城門,都去追趕以色列人。
Konsa, pa t gen yon gason ki rete nan Aï ni Béthel, yo te kite vil la san gade pou te kouri dèyè Israël.
18 這時上主對若蘇厄說:「將你手中的短劍指向哈依城,因為我即將這城交於你手中。」若蘇厄便將手中的短指向哈依城。
Epi SENYÈ a te di a Josué: “Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.” Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la.
19 他一伸手,伏兵即由他們埋伏的地方奮起,衝向城中,將城佔領,急速放火焚燒。
Mesye nan anbiskad yo te leve vit nan plas yo, epi lè li te lonje men l, yo te kouri antre nan vil la pou te kaptire li. Byen vit, yo mete dife nan vil la.
20 哈依人回頭,看見城內濃煙沖天,都沒有了往前後逃跑的力量,因為此時向曠野奔逃的以色列人,忽然轉過身來還擊追趕自己的哈依人。
Lè mesye Aï yo te gade an aryè, vwala, lafimen vil la te vin leve rive jis nan syèl la. Konsa, yo pa t gen kote pou sove ale, ni isit, ni la, paske moun ki t ap sove ale vè dezè yo te vire kont sila ki t ap swiv yo.
21 若蘇厄和全以色列見伏兵已奪了城,城內煙氣上騰,便轉身回來擊殺哈依人。
Lè Josué avèk tout Israël te wè ke fòs anbiskad la te kaptire vil la, e ke lafimen te monte, yo te vire retounen pou touye mesye Aï yo.
22 伏兵也由城內出來夾擊,哈依人便包圍在以色列人中間,前後受敵;以色列人將他們完全殺盡,沒有留下一個,也沒有逃走一個。
Lòt yo nan vil la te sòti pou rankontre yo. Men yo te kwense nan mitan Israël, yon pati bò isit ak yon pati bò laba, epi yo te touye yo jis pèsòn pa t rete nan sila ki te chape sove ale yo.
23 他們生摛了哈依王,把他解到若蘇厄面前。
Yo te pran wa Aï a vivan e yo te mennen li kote Josué.
24 以色列人在曠野的平原上,殺盡了追趕自己的一切哈依居民,哈依人全都死於刀下;以後,全以色列人又回到哈依,殺盡城中的人。
Alò, lè Israël te fin touye tout abitan Aï yo nan chan dezè a kote yo te kouri dèyè yo, e yo tout te tonbe pa lam nepe jiskaske yo te detwi nèt, alò, tout Israël te retounen Aï pou te frape li avèk lam nepe.
25 那天被殺的人,男女共計一萬二千,都是哈依人。
Tout moun ki te tonbe nan jou sa a, ni lòm ni fanm te douz mil—tout se moun Aï.
26 若蘇厄在沒有殺盡哈依的一切居民前,一直沒有收回自己手中所持的短劍。
Paske Josué pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo.
27 惟有城中的牲畜和財物,以色列人依照上主吩咐若蘇厄的話,據為己有。
Israël te pran sèlman bèt avèk byen sezi a kòm piyaj pa yo, selon pawòl ke SENYÈ a te kòmande Josué a.
28 然後若蘇厄焚毀哈依城,使之永遠成為廢墟,時至今日,仍是一片荒涼;
Konsa, Josué te brile Aï. Li te fè li tounen yon pil ranblè jis pou tout tan, yon kote ki dezole jis rive jodi a.
29 又將哈依王懸在樹上,直到黃昏;日落時,若蘇厄令人將他的死屍從樹上卸下,丟在城門口,在他身上又 堆石頭,直存到今日。
Li te pann wa Aï a sou yon bwa jis rive nan aswè. Lè solèy la te kouche, Josué te bay lòd pou yo te retire kò li nan bwa a pou te jete li nan antre pòtay vil la, e leve sou li yon gwo pil gwo wòch ki kanpe jis jodi a.
30 那時,若蘇厄在厄巴耳山,為上主以色列的天主,築了一座祭壇;
Konsa, Josué te bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye a Israël la, nan Mòn Ébal.
31 全照上主的僕人梅瑟向以色列子民所吩咐的,全照梅瑟法律書上所記載的,用沒有用過的整塊石頭,築了一座祭壇,在上面向上主獻了全燔祭,祭殺了和平祭犧牲。
Li te fèt jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande fis Israël yo, jan sa ekri nan liv lalwa Moïse la, yon lotèl avèk wòch ki pa taye, sou sila okenn mesye pa voye yon zouti fè. Yo te ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè yo.
32 若蘇厄又在那裏將梅瑟當著以色列子民的面所寫的法律,刻在石頭上。
Josué te ekri la sou wòch yo yon kopi lalwa Moïse la. Li te ekri l nan prezans a fis Israël yo.
33 以色列全體民眾和他們的長老、領袖、判官,連僑居的人和土生的人,一半向著革黎斤山,一半向著厄巴耳山,正如上主的僕人梅瑟,當初為祝福以色列百姓所命令的。
Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la.
34 以後若蘇厄將法律上祝福和詛咒的一切話,全照法律書上所記載的,宣讀了一遍。
Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan liv lalwa a.
35 凡梅瑟所吩咐的一切話,若蘇厄在以色列全會眾前,連婦孺和寄居在他們中的外僑在內,沒有一句不向他們宣讀。
Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.

< 約書亞記 8 >