< 約翰福音 4 >

1 耶穌一知道法利賽人聽說衪已收徒,施洗比若翰還多─
Pou sa, lè Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean
2 其實耶穌本人並沒有施洗,而是衪的門徒─
(men Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l),
3 便離開猶太,又往加利肋亞去了。
li te kite Judée epi te pati ankò pou Galilée.
4 衪必須途經撒馬黎雅。
Konsa, Li te oblije pase nan Samarie.
5 於是到了撒馬黎雅的一座城,名叫息哈爾靠近雅各伯給他的兒子若瑟的莊田,
Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li.
6 在那裡有「雅各伯泉。」耶穌因行路疲倦,就順便坐在泉傍;那時大約是第六時辰。
Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.
7 有一個撒馬利亞婦女來汲水,耶穌向她說:「請給我點水喝! 」
Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a. Jésus te di l: “Ban M bwè”.
8 那時,衪的門徒已往城裏買食物去了。
Paske disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.
9 那撒馬黎雅婦女就回答說:「你既是個猶太人,怎麼向我一個撒馬黎雅婦女要水喝呢?」原來,猶太人和撒馬黎雅人不相往來。
Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)
10 耶穌回答她說:「若是妳知道天主的恩賜,並知道向妳說:給我水喝的人是誰,妳或許早求了他,而他也早賜給了妳活水。」
Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”
11 那婦女問說;「先生,你連汲水器也沒有,而井又深,你從那裏得那活水呢?」
Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve dlo vivan sila a?
12 難道你比我們的祖先還大嗎?他留給了我們這口井,他和他的子孫以及他的牲畜,都曾喝過這井裏的水。」
Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”
13 耶穌回答說:「凡喝這水的,還要再渴;
Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò:
14 但誰若喝了我賜與他的水,他將永遠不渴;並且我給他的水,將在他內成為湧到永生的水泉。」 (aiōn g165, aiōnios g166)
Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.” (aiōn g165, aiōnios g166)
15 婦人說:「先生,請給我這水吧! 免得我再渴,也免得我再來這裏汲水。」
Fanm nan te di Li: “Mesye, ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”
16 耶穌向她說:「去,叫妳的丈夫,再回這裏來。」
Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”
17 那婦人回答說:「我沒有丈夫。」耶穌說:「妳說:我沒有丈夫,正對!
Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’
18 因為妳曾有過五個丈夫,而妳現在所有的,也不是妳的丈夫:妳說的這話真對。」
Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”
19 婦人向衪說:「先生,我看你是個先知。
Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt.
20 我們的祖先一向在這座山上朝拜天主,你們卻說:應該朝拜天主的地方是在耶路撒冷。」
Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”
21 耶穌回答說:「女人,妳相信我罷! 到了時候,你們將不在這座山,也不在耶路撒冷朝拜。
Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a.
22 你們朝拜你們所不認識的,我們朝拜我們所認識的,因為救恩是出自猶太人。
Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.
23 然而時候要到,且現在就是,那些真正朝拜的人,將以心神以真理拜父,因為父就是尋找這漾理拜衪人。
“Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vrè adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L.
24 天主是神,理拜衪的人應該以人神以真理去理拜衪。」
Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”
25 婦人說:「我認識默西亞─意即基督─要來,衪一來了,必會告訴我們一切。」
Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Mesye, (sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”
26 耶穌向她說:「同妳談話的我就是。」
Jésus te di li: “Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li.”
27 正在這時,他的門徒回來了,他們就驚奇地同一個婦人談話;但是沒有人問: 「你要什麼?」或: 「你同她談論什麼?」
Nan moman sa a, disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”
28 於是那婦人撇下自己的水罐,往城裏去向人說: 「
Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun:
29 你們來看! 有一個人說出了我所作過的一切事: 莫非他就是默西亞嗎?」
“Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”
30 眾人從城裏出來,往他那裏去。
Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.
31 其間門徒請求耶穌說: 「辣彼,吃罷!」
Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”
32 他卻回答說: 「我己有食物吃,那是你們所不知道的。」
Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”
33 門徒便彼此問說: 「難道有人給他送來了吃的嗎?」
Pou sa disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”
34 耶穌向他們說: 「我的食物就是承行派遣我者的旨意,完成他的工程。
Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.
35 你們不是說: 還有四個月才到收穫期嗎?看,我給你們說: 舉起你們的眼,細看田地,莊稼已經發白,可以收割了。
“Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la.
36 收割的人已領到工資,且為永生收集了果實,如此,撒種的和將和收割的一同喜歡。 (aiōnios g166)
“Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. (aiōnios g166)
37 這正如俗語所說的: 撒種的一人,收割的是另一人。
Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’
38 我派遣你們在你們沒有勞過力的地方去收割;別人勞了力,而你們去收獲他們勞苦的成果。」
“Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”
39 城裏有許多撒瑪黎雅人信從了耶穌,因為那婦人作證說: 「他向我說出我所做過的一切。」
Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”.
40 這樣,那些撒瑪黎雅人來到耶穌前,請求他在他們那裏住下;耶穌就在那裏住了兩天。
Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.
41 還有更多的人因著他的講論,信從了他。
Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li.
42 他們向那婦人說: 「現在我們信,不是為了你的話,而是因為我們親自聽見了,並知道他確實是世界的救主。」
Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Sovè a mond lan.”
43 過了兩天,耶穌離開那裏,往加里肋亞去了。
Apre de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée.
44 耶穌曾親自作證說: 「先知在自己的家鄉決受不到尊榮。」
Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li.
45 他一來到加里肋亞,加里肋亞人便接待了他,因為他們也曾上了耶路撒冷去過節,並親眼見了他在慶節中所行的一切。
Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.
46 耶穌又來到加利肋亞加納,即他變水為酒的地方,那裏有一位王臣,他的兒子在葛法翁患病。
Li te vini ankò nan vil Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm.
47 這人一聽說耶穌從猶太到加利肋亞來了,就到他那裏去,懇求他下來醫治他的兒子,因為他快要死了。
Lè Li te tande ke Jésus te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.
48 耶穌對他說: 「除非你們看到神跡和奇事,你們總是不信。」
Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”
49 那王臣向他說: 「主,在我的小孩未死以前,請你下來罷!」
Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”
50 耶穌回答說: 「去罷! 你的兒子活了。」那人信了耶穌向他說的話,便走了。
Jésus te di li: “Ou mèt ale. Pitit ou ap viv.” Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.
51 他正下去的時候,僕人們迎上他來,說他的兒子活了。
Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.
52 他問他們孩子病勢好轉的時刻,他們給他說: 「昨天第七時辰,熱就退了。」
Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”
53 親就知道正是耶穌向說: 「他你的兒子活了」的那個時辰;他和他的全家便都信了。
Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi tout lakay li ansanm avèk li.
54 這是耶穌從猶太回到加利肋亞後,所行的第二個神跡。
Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te kite Judée pou L antre nan Galilée.

< 約翰福音 4 >