< 約伯記 8 >
Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:
2 這些話你要講到幾時﹖你口中的話像狂風要到何時﹖
“Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo pou pawòl a bouch ou fè gwo van?
Èske Bondye konn konwonpi jistis la? Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?
4 若你的子女得罪了他,他必將他們交於罪過的權勢下。
Si fis ou yo te peche kont Li, alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.
Si ou ta chache Bondye e mande konpasyon a Toupwisan an,
6 你若純潔正直,他必親來守護你,恢復你正義的居所。
si ou te san tach e dwat; anverite, koulye a, Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou jan ou te ye nan ladwati ou.
Malgre, kòmansman ou pa t remakab, ou ta fini avèk anpil gwo bagay.
“Souple, fè rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo, e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.
9 因為我們由昨日纔有,本來一無所知;我們在世上的日月,好似影子。
Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen, e nou pa konnen anyen, paske jou pa nou yo sou latè se sèl yon lonbraj ki pase.
Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?
11 蒲草不在池沼內,怎能長大﹖蘆葦沒有水,怎會長起﹖
“Èske jon kab grandi san ma dlo? Èske wozo konn pouse san dlo?
Pandan li toujou vèt e san koupe a, l ap fennen avan tout lòt plant yo.
13 凡忘記天主的,他的末路也是這樣:惡人的希望必化為泡影。
Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo. Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
sila a ak konfyans frajil la kap mete konfyans li nan fil arenye a.
15 他倚恃自己的家,但它卻站立不住;他要依附自己的住所,住所卻不能久存。
Arenye a mete konfyans sou lakay li, men li p ap kanpe. Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
Li byen reyisi nan solèy la e gaye toupatou nan jaden an.
Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch; li sezi yon kay wòch.
18 若有人從原處把它拔除,那地必否認說:「我未曾見過它。」
Si li vin deplase sou plas li, alò plas li va refize rekonèt li e di: “Mwen pa t janm wè w.
Gade byen, se sa ki fè lajwa chemen li; epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la.
20 天主決不棄捨完善的人,也決不支持惡人的勢力。
“Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg; ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.
21 你的口角必再洋溢著喜悅,你的唇邊必再充滿歡笑。
Jiska prezan, Li va ranpli bouch ou avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.
Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wont e tant a mechan yo p ap la ankò.”