< 約伯記 35 >

1 厄里烏又接著說:
Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:
2 你說過:「我在天主前是正義的。」你想這話合理嗎﹖
“Èske ou sipoze ke ou ge dwa sa a? Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’
3 你還說過:「這與你何干﹖我若犯罪,我對你做了什麼﹖」
Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou? Ki pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’
4 我今答覆你,以及和你在一起的友人。
Mwen va reponn ou, menm ak zanmi ou yo tou.
5 請你仰視上天,且要靜觀,細看高於你的蒼天。
Gade nan syèl yo pou wè; epi gade byen nan nwaj yo. Yo pi wo pase ou.
6 你若犯罪,為他有什麼害處﹖你若作惡多端,又能加害他什麼﹖
Si ou te peche, kisa ou akonpli kont Li? Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?
7 如果你為人正義,為他又有何益﹖或者他由你手中獲得什麼﹖
Si ou jis, kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?
8 你的惡行只能加害與你類似的人,你的正義也只能有益於世人。
Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm, e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.
9 人因受暴虐過甚,必要哀號;因受強權的壓迫,必要呼籲。
“Akoz fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò. Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.
10 但是沒有人說:「那造成我們,使人夜間歡唱,
Men pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an, ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,
11 使我們比地上的走獸更聰明,使我們比天上的飛鳥更有智慧的天主在那裏﹖」
ki enstwi nou plis pase bèt latè yo, pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’
12 他們雖呼喊,天主卻不答應,這是因為惡人傲慢的原故。
La, yo kriye fò, men nanpwen repons akoz ògèy moun mechan yo.
13 他們空喊亂叫,天主決不俯聽,全能者決不垂視。
Anverite, Bondye p ap koute yon kri ki vid, ni Toupwisan an p ap okipe l.
14 何況你說過:「你看不見他;但你的案件已放在他面前,你應等待他!」
Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li. Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!
15 你還說過:「他沒有發怒施罰,似乎不很理會罪過。」
Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li, ni Li pa t apresye awogans,
16 的確,約伯開口盡說空話;由於無知,說了許多妄言。
pou sa, Job ouvri bouch li an ven; li ogmante pawòl li yo san konesans.”

< 約伯記 35 >