< 約伯記 34 >

1 厄里烏接著說:
Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
2 你們有智慧的人,請聽我言;你們明白人,請側耳聽我。
“Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou. Koute mwen, nou menm ki gen konesans.
3 原來耳朵是為辨別言語,有如口腔是為辨嘗食物。
Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo, jan bouch la goute manje a.
4 讓我們來檢討一下誰為正義,讓我們看看何者為善。
Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat; kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.
5 約伯說過:「我是無罪的,但我的理,卻為天主奪去。
Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men Bondye te rache dwa mwen an;
6 我雖無罪無辜,卻成了說謊者;我雖未行不義,卻受了不可醫治的創傷。」
èske mwen ta dwe manti selon dwa m? Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’
7 那有一人像約伯,肆口漫罵如飲水﹖
Se kilès ki tankou Job, k ap bwè giyonnen moun tankou se dlo,
8 他豈不是與作惡的人結夥,同壞人交結來往﹖
ki ale kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo, e mache avèk moun malveyan yo?
9 他豈不是說過:「盡心悅樂天主,為人能有什麼好處﹖」
Paske li te di: ‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun lè l pran plezi li nan Bondye.’
10 為此,你們心地明白的人,請聽我說,天主決不行惡,全能者決無不義!
“Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann. Fòk se lwen pou Bondye ta fè mechanste, e pou Toupwisan an fè mal.
11 他必照人的行為報答他,按他的品行對待他。
Paske Li rekonpanse lòm selon zèv li yo, e fè li jwenn selon chemen li.
12 天主絕對不能作惡,全能者絕對不能顛倒是非。
Anverite, Bondye p ap aji avèk mechanste, ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.
13 誰委派他掌管大地,誰任命他治理普世﹖
Se kilès ki te bay Li otorite sou latè? Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?
14 他若將自己的神魂收回,將氣息復歸於自己,
Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ranmase tout a Li menm pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,
15 所有血肉的人必都消滅,世人都要歸於塵土。
Tout chè ta peri ansanm, e lòm ta retounen nan pousyè.
16 若你聰明,請聽這事,側耳傾聽我的話。
“Men si gen moun bon konprann, koute sa a; koute vwa pawòl mwen yo.
17 憎恨正義的,豈能掌權﹖而你竟敢定那至公義者的罪﹖
Èske menm yon moun ki rayi jistis ta dwe renye? Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,
18 他能稱君王為歹徒,能稱官吏為壞人。
ka p di a yon wa: ‘Sanzave’, a prens yo: ‘Nou mechan’;
19 他對權貴不顧情面,亦不重富輕貧,因為都是他一手造成的。
Ki p ap montre patipri a prens yo, ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
20 他們猝然在半夜死去,貴族能立即氣絕逝世;他剷除權貴者,無須人手。
Nan yon moman, yo mouri; epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone. Pwisan yo disparèt. Yo retire san yon men leve.
21 因為他的眼監視人的動作,觀察他的行徑。
“Paske zye Li sou chemen a yon nonm. Li wè tout pa li fè.
22 沒有黑暗,也沒有陰影,可將作惡的人掩蔽。
Nanpwen fènwa, ni lonbraj fonse kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.
23 天主不必給人指定時間,為使人到他前去受審。
Paske Li pa bezwen obsève yon nonm anpil pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.
24 他粉碎權勢者,無須審察,即刻能派定別人代替他們。
Li kraze moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann, e mete lòt moun nan plas yo.
25 他原知道他們的行為,一夜之間將他們推翻消滅。
Se konsa, Li konnen zèv yo. Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.
26 在眾目昭彰之下,鞭打他們有如罪犯。
Li frape yo tankou mechan nan yon kote pou tout moun wè,
27 因為他們遠離了他,不重視他一切的道,
Akoz yo vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;
28 致使窮人的哀號上達於他,使他聽到了受苦者的哀求。
akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li. Li te tande kri a aflije yo.
29 他若安息,誰敢騷擾﹖他若掩面,誰敢窺視﹖他對國對人都予以監視,
Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L? Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L? Li pli wo ke nasyon, ni lòm,
30 使凡欺壓人民的,不得為王。
pou anpeche moun ki san Bondye yo vin reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.
31 如果惡人向天主說:「我受了欺騙,以後不再作惡。
“Paske èske nenpòt kon di Bondye, ‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;
32 我所看不透的,求你指教我;我若以前作了孽,不敢再做了。」
enstwi mwen sa ke m pa wè. Si mwen te fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?
33 他施行報應,豈應隨你的心意﹖或者你能拒絕不受嗎﹖決定的是你,而不是我! 你若知道,儘管說罷!
Èske Li va rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li? Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen. Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.
34 但是心地聰明,具有智慧,且聽我說話的人,必要對我說:「
Moun ak bon konprann va di mwen, oswa yon nonm saj ki tande m va di:
35 約伯所講的話毫無知識,他的話全不明智。」
‘Job pale san konesans; pawòl li yo san sajès.
36 為此,約伯還要受徹底的究察,因為他的答覆好似出自惡人之口,
Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job, jis rive nan tout limit li, akoz li reponn tankou moun mechan yo.
37 因為他在罪上又加反叛,當著我們磨拳擦掌,講出許多相反天主的話。
Paske li ogmante rebelyon sou tout lòt peche l yo. Li bat men li pami nou, e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’”

< 約伯記 34 >