< 約伯記 31 >

1 我同我的眼立了約,決不注視處女。
“Mwen te fè yon akò ak zye m; alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
2 天主由上所注定的一分是什麼﹖全能者由高處所給的產業是什麼﹖
Paske se kisa ki pòsyon Bondye soti anwo a, ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?
3 豈不是為惡人注定了喪亡,為作孽的人注定了災殃﹖
Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?
4 他豈不監視我的行徑,計算我的腳步﹖
Èske Li pa wè chemen mwen yo e kontwole tout pa mwen yo?
5 我若與虛偽同行,我的腳若趨向詭詐,
“Si mwen te mache nan sa ki fo, e pye m te kouri dèyè twonpe moun,
6 願天主以公正的天平秤量我,他必知道我的純正。
(kite Li peze mwen nan yon balans ki jis e kite Bondye konnen entegrite m).
7 我的腳步如果離開了正道,我的心如果隨從了眼目之所見,我的手若持有不潔,
Si pa m yo te vire kite chemen an, oswa kè m te swiv zye m, oswa si gen yon tach ki kole sou men m,
8 那麼,我種的,情願讓別人來吃;我栽的,情願讓別人拔出。
kite mwen simen pou yon lòt ta manje, e kite tout sa m plante vin rache.
9 我的心如果為婦女所迷,我如果曾在鄰人門口等候婦女,
“Si kè m te sedwi pa yon fanm, oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,
10 就讓我的妻子給人推磨,讓別人與她同寢。
kite madanm mwen graje pou yon lòt e kite lòt yo vin kouche sou li.
11 因為這是淫行,是應受嚴刑的罪惡;
Paske sa ta yon krim sansyèl; anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.
12 是一種焚燒至毀滅的火,燒盡我全部產業的火。
Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan Sejou Lanmò yo e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.
13 當我的僕婢與我爭執時,我若輕視他們的權利,
Si mwen te refize demand esklav mwen an, gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,
14 天主起來時,我可怎麼辦呢﹖他若追問,我可怎樣回答﹖
alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve? Konsa, lè L rele m pou jijman, ki repons mwen ta kab bay Li?
15 在母胎造成我的,不是也造了他們﹖在母胎形成我們的,不是只有他一個﹖
Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou? Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
16 我何時曾拒絕了窮苦人的渴望,我何時曾使寡婦的眼目頹喪﹖
Si mwen te anpeche malere yo nan dezi yo, oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,
17 我何時獨自吃食物,而沒有與孤兒共享﹖
oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen san òfelen an pa jwen ladann,
18 因為天主自我幼年,就像父親教養了我;自我出了母胎,就引導了我。
(Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),
19 如果我見了無衣蔽體的乞丐,無遮蓋的窮人,
si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad, oswa ke sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,
20 如果他的心沒有向我道謝,沒有以我的羊毛獲得溫暖,
si kè li pa t beni m, si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,
21 如果我在城門口見有支持我者,就舉手攻擊無罪者,
si mwen te leve men m kont òfelen an, akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,
22 那麼,讓我的肩由胛骨脫落,我的胳膊由肘處折斷!
alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li, e bra m kase soti nan zo li.
23 因為天主的懲罰使我驚駭,因他的威嚴,我站立不住。
Paske m pè anpil malè Bondye a. Li tèlman gran ak majeste, m pa ka fè anyen devan L.
24 我何嘗以黃金為依靠,對純金說過:「你是我的靠山﹖」
Si se nan lò mwen te mete espwa m, pou m te di lò fen a, ‘se ou ki konfyans mwen,’
25 我何嘗因財產豐富,手賺的多而喜樂過﹖
Si mwen te rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran, e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
26 我何時見太陽照耀,月亮皎潔徐行,
si mwen te gade solèy la lè l t ap brile, oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
27 我的心遂暗中受到迷惑,我的口遂親手送吻﹖
epi kè m te vin sedwi an sekrè, e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
28 這也是應受嚴罰的罪過,因為我背棄了至高的天主。
sa osi ta yon inikite ki merite jijman, paske mwen t ap abandone Bondye anwo a.
29 我何時慶幸恨我者遭殃,見他遭遇不幸而得意﹖
Èske mwen te rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt? Oswa bat men m lè mal vin rive li?
30 其實,我沒有容我的口犯罪,詛咒過他的性命。
Non, mwen pa t kite bouch mwen peche, ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.
31 我帳幕內的人是否有人說過:「某人沒有吃飽主人給的肉﹖」
Èske mesye nan tant mwen yo pa t di: ‘Ou pa p twouve yon moun ki pa satisfè ak vyann pa li a?’
32 外方人沒有睡在露天地裏,我的門常為旅客敞開。
Etranje a pa t rete deyò; mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.
33 我豈像凡人一樣,掩飾過我的過犯,把邪惡隱藏在胸中﹖
Èske m te kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam? Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,
34 我豈怕群眾的吵鬧﹖親族的謾罵豈能嚇住我,使我不敢作聲,杜門不出﹖
akoz mwen te krent gwo foul la? Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo, te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?
35 惟願天主俯聽我,這是我最後的要求:願全能者答覆我! 我的對方所寫的狀詞,
O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen! Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen! Mennen pwosè vèbal ke akizè a te ekri.
36 我要把它背在我肩上,編成我的冠冕。
Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen; mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.
37 我將像王侯一樣走向他面前,向他一一陳述我的行為。--約伯的話至此為止。
Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran. Tankou yon prens mwen ta parèt devan L.
38 我的田地若控告我,犁溝若一同哀訴,
Si menm teren mwen an rele kont mwen, e tout tranch li yo kriye ansanm;
39 我若吃田中的產物而不付代價,或叫地主心靈悲傷,
si mwen te manje fwi li san lajan, oswa te kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,
40 願此地不再長小麥而長荊棘,不長大麥而長惡草。
kite pikan yo grandi olye ble e zèb santi fò ranplase lòj la.” Pawòl yo a Job se fini.

< 約伯記 31 >