< 約伯記 3 >

1 此後約伯開口詛咒自己的生日。
Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la.
2 約伯開始說:
Job te di:
3 願我誕生的那日消逝,願報告「懷了男胎」的那夜滅亡。
“Kite jou ke m te dwe fèt la peri, ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’
4 願那日成為黑暗,願天主從上面不再尋覓它,再沒有光燭照它。
Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt. Pa kite Bondye anwo a pran swen li, ni limyè vin klere sou li.
5 願黑暗和陰影玷污它,濃雲遮蓋它,白晝失光的晦暗驚嚇它。
Kite fènwa avèk gwo tenèb reklame li. Kite fènwa jou sa a modi li.
6 願那夜常為黑暗所制,不讓它列入年歲中,不讓它算在月分裏。
Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li. Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a. Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.
7 願那夜孤寂煢獨,毫無歡呼之聲。
Koute byen, kite nwit sa a rete esteril. Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.
8 願那詛咒白日者,有術召喚海怪者,前來詛咒那夜。
Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a, sila ki prè pou fè Levyatan leve kò l.
9 願晨星昏暗,期待光明而光明不至,也不見晨光熹微,
Kite zetwal lannwit li yo vin etenn. Kite li espere limyè, men pa twouve l. E kite li pa wè maten vin parèt,
10 因為它沒有關閉我母胎之門,遮住我眼前的愁苦。
akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m, ni kache twoub devan zye m.
11 我為何一出母胎沒有立即死去﹖為何我一離母腹沒有斷氣﹖
“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt? Sòti nan vant li e mouri la menm?
12 為何兩膝接住我﹖為何兩乳哺養我﹖
Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?
13 不然現今我早已臥下安睡了,早已永眠獲得安息了,
Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
14 與那些為自己建陵墓的國王和百官,
ansanm ak wa ak konseye latè ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;
15 與那些金銀滿堂的王侯同眠;
oswa avèk prens ki te gen lò yo, ki t ap plen lakay yo ak ajan;
16 或者像隱沒的流產兒,像未見光明的嬰孩;
Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste, kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.
17 在那裏惡人停止作亂,在那裏勞悴者得享安寧;
La, mechan yo sispann fè laraj, e la moun fatige yo jwenn repo.
18 囚徒相安無事,再不聞督工的呼叱聲,
Prizonye yo alèz ansanm. Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.
19 在那裏大小平等,奴隸脫離主人。
Ni piti, ni gran yo la. E esklav la lib de mèt li.
20 為何賜不幸者以光明,賜心中憂苦者以生命﹖
“Poukisa limyè bay a sila ki soufri a, e lavi a nanm anmè a,
21 這些人渴望死,而死不至;尋求死亡勝於寶藏,
ki anvi wè lanmò, men nanpwen, e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,
22 見到墳墓,感覺歡樂,且喜樂達於極點!
ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?
23 人的道路,既如此渺茫,天主為何賜給他生命,又把他包圍﹖
Poukisa limyè bay a yon nonm ak chemen an kache a, ke Bondye te jennen tout kote a?
24 歎習成了我的食物,不停哀嘆有如流水。
Paske soupi mwen yo parèt menm moman manje a rive devan ze m. Epi kri mwen yo vide tankou dlo.
25 我所畏懼的,偏偏臨於我身;我所害怕的,卻迎面而來。
Paske sa m krent lan te vini sou mwen. Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.
26 我沒有安寧,也沒有平靜,得不到休息,而只有煩惱。
Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè. Mwen pa jwenn repo, ni m pa kal, men se boulvèsman ki vin parèt.”

< 約伯記 3 >