< 約伯記 15 >
Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:
Èske yon nonm saj ta dwe bay repons ak konesans ki sòti nan van, e ki plen tèt li avèk van lès?
Èske li ta diskite ak pale initil, oswa ak pawòl ki pa gen valè?
4 不但如此,而且你還廢除了敬畏天主之情,斷絕了在他面前的默禱。
Anverite, ou manke respè Bondye e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
Paske se koupabilite ou ki enstwi bouch ou, e ou chwazi langaj a rizye yo.
6 定你罪的,是你的口而不是我,是你的口唇作證控告你。
Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen; epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
7 你豈是第一個出生的人﹖在山嶽未有之前,你豈已誕生﹖
“Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a, oswa èske ou te fèt avan tout kolin yo?
Èske ou konn tande konsèy sekrè a Bondye yo, oswa èske tout sajès se pou ou sèl?
9 有什麼事,只有你知,而我們不知;只有你明瞭,而我們不明瞭﹖
Kisa ou konnen ke nou pa konnen? Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?
Genyen ni granmoun ak moun cheve blanch pami nou, ki pi gran pase papa ou.
11 天主的安慰,和向你說的溫和的話,你以為還太少嗎﹖
Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou, menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?
Poukisa akè ou pote ou rive lwen konsa? Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?
14 人算什麼而敢自稱潔淨,婦女所生的敢自稱正直﹖
Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach, oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
15 他連自己的聖者,還不信賴;在他眼中,連蒼天也不純潔,
Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan sen Li yo e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;
konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi; lòm ki bwè inikite kon dlo a!
“M ap di ou, koute m byen; sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;
sa ke moun saj konn pale e ki pa t kache sòti de papa pa yo,
19 這地方原只賜給了他們,尚無一個外方人從他們中間經過。──
A sila yo menm sèl ke tè a te donnen, e pa t gen etranje ki te pase pami yo.
Moun mechan an vire tounen nan pwòp doulè li tout tan, e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.
Bri laperèz sone nan zòrèy li. Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
Li pa gen espwa sòti nan tenèb la. Desten li se nepe.
Li mache egare pou chache manje epi di: ‘Kote li ye?’ Konsa, li konnen ke jou tenèb la gen tan rive.
24 黑暗的日子使他恐怖,困苦艱難跟隨著他,好像準備廝殺的君王。
Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz. Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.
25 因為他曾伸手反抗過天主,向全能者傲慢逞強過;
Paske li fin lonje men l kont Bondye e aji ak awogans kont Toupwisan an.
Li kouri kou rèd sou li tèt avan avèk gwo boukliye li.
Paske li fin kouvri figi li ak grès li, e fè kwis li vin lou ak chè.
28 他住在荒涼的城內,住在無人居留,行將化為廢墟的屋中。
Li te viv nan vil dezole yo, nan kay kote pèsòn pa ta rete yo, ki fèt pou vin dekonble nèt.
29 他不能富有,所有的財富也不能久存,也決不能向地下生根。
Li p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire; tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.
30 他脫離不了黑暗,火燄要灼乾他的嫩芽,暴風要吹去他的花朵。
Li p ap chape nan tenèb la. Flanm nan va seche tout boujon li yo. Kon souf bouch li, lap wale nèt.
Pa kite li mete konfyans nan gwo vid la. Sa a ta yon desepsyon; paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.
Sa va vin rive avan lè li. Branch palmis li p ap vèt.
Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a, e va jete flè li kon pye oliv la.
34 因為惡人的家室必要絕嗣,火要燒盡受賄者的帳幕。
Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril, epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
35 他們所懷的是邪惡,所生的是罪孽;心胸懷念的,無非是欺詐。
Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite; epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”