< 約伯記 14 >

1 婦女所生的人,壽命不長,且飽嘗煩惱。
Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.
2 他生出像花,瞬息凋謝;急馳如影,不得停留。
Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire.
3 這樣的人,豈配你睜眼注視一下﹖或傳他到你面前聽審﹖
Èske Ou ouvri zye Ou sou li pou mennen li an jijman avèk W?
4 誰能使潔淨出於不潔﹖沒有一人!
Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn!
5 他的時日既已注定,他的歲數既由你掌管,他決不能越過你定下的期限:
Konsi fòs jou li yo avèk Ou, fòs mwa li yo avèk Ou. Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.
6 請你別看他,讓他安息,好像傭工度過自己的日期。
Retire zye Ou sou li pou l kab pran repò, jiskaske li kab konplete jou li yo, kon yon ouvriye jounalye.
7 若是一棵樹被砍伐了,仍有希望生出新芽,嫩枝叢出不窮。
Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe, li kab boujonnen ankò, nouvo boujon yo kab reyisi.
8 它的根雖老於地下,枝幹縱枯死地上,
Malgre rasin li yo vin vye nan tè a, e chouk li mouri nan tè sèch,
9 但一有水氣,立即生芽,好似幼苗發出枝葉。
fè rive yon gout dlo, e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.
10 但是人一死,立即僵臥;人一斷氣,他究竟在何處﹖
Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye?
11 海水能乾涸,江河能枯竭;
Tankou dlo lanmè fè vapè monte e rivyè a vin sèch,
12 同樣,人一僵臥,即不能起立,直到天不存在,仍不能醒起,仍不能由永眠中起來。
konsa lòm kouche, e li pa leve ankò. Jiskaske syèl yo vin disparèt, li p ap reveye, ni leve ankò.
13 唯願你將我藏於陰府,將我隱藏,直到挽回你的憤怒;願你給我定一期限,好記念我。 (Sheol h7585)
O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an, pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou retounen kote Ou! Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m! (Sheol h7585)
14 人若死了,豈能再生﹖我在整個從軍之日,要堅持到底,直到換班的時期到來。
Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m.
15 你若呼喚我,我必回答你:你對你手所造的,必有一種懷念。
Ou ta rele e mwen ta reponn Ou; Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo.
16 你現今既數了我的腳步,不必再監察我的罪過。
Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo. Èske Ou pa swiv peche m yo?
17 請把我的罪過封閉在囊中,滌淨我的一切過犯。
Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.
18 但是,山能崩裂離析,盤石能由原處挪移,
Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen; wòch la ap kite plas li.
19 流水能穿過石頭,驟雨能沖出泥沙:你也照樣消滅了人的希望。
Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a. Se konsa Ou detwi espwa a lòm.
20 你時常攻擊他,使他消逝;改變他的容貌,遣他離去。
Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li pati; Ou chanje aparans li, e voye l ale.
21 此後,他的兒子受尊榮與否,他也不知;他們受輕賤與否,他也不覺。
Fis li yo vin resevwa lonè, men li menm pa konnen sa; oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.
22 他只覺自己肉身的痛苦,他的心靈只為自己悲哀。
Men kò l fè mal; epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.

< 約伯記 14 >