< 約伯記 12 >

1 約伯回答說:
Job te reponn:
2 的確,只有你們是有知識的子民;那麼,你們一死,智慧也與你們一同喪亡!
Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la. Se ak nou menm tout sajès ap mouri!
3 其實,我和你們有同樣的心理,我並不亞於你們! 誰不知道這些事﹖
Men mwen gen lespri menm tankou ou; mwen pa pi ba pase ou. Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?
4 我這呼籲天主而蒙應允的人,卻被他的友人所嘲笑,無辜的義人卻成了笑柄。
Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.
5 幸運的人心想:遭難的人應受蔑視,失足的人應再予以打擊。
Sila ki alèz la ri sou malè a; men l ap tan pye l chape.
6 但是,強盜的帳幕竟能安全,觸怒天主的人,以勢力為神的人卻享平安。
Tant volè a fè pwofi, e sila ki pwovoke Bondye byen alez. Se nan men yo pote dye pa yo.
7 請你詢問走獸,牠們也會開導你;詢問天上的飛鳥,牠們也會告訴你;
“Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou; ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
8 地上的爬蟲也會教訓你,海中的魚族也會給你說明。
Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou. Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
9 牠們中有誰不知道:是天主的手創造了這一切﹖
Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen ke se men SENYÈ a ki fè sa?
10 因為一切活物的生魂,一切血肉之人的靈魂,都握在他手中。
Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la, ansanm ak souf tout limanite a.
11 耳朵不是為明辨言語,口腔不是為辨嘗食物嗎﹖
Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl, menm jan ke bouch la goute manje li a?
12 白髮老人是有智慧的,年紀大者是有見識的;
Sajès rete ak granmoun; yon lavi ki long gen bon konprann.
13 但智慧和能力同在天主內,智慧與見識是天主所有。
“Avèk Bondye se sajès ak pwisans. A Li menm se konsèy avèk bon konprann.
14 他若拆毀,人不能再建;他若拘禁,人不得開釋。
Gade byen, se Li menm ki detwi; e sa p ap kab rebati. Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.
15 他若制水,水便乾涸;他若放水,水便沖毀大地。
Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt; Li voye yo deyò pou yo inonde latè a.
16 力量與才能,為他所有;受騙者與騙人者,都屬於他。
Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon; sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo, tou de se pou Li.
17 他使謀士糊塗,使判官愚蠢;
Li fè konseye yo mache pye atè e fè jij yo antre nan foli.
18 他解除君王所繫的玉帶,將繩索捆在他們的腰間;
Li detache chenn ki mare wa yo, e mare senti yo ak yon sentiwon.
19 他使司祭赤足而行,推倒掌握大權者;
Li fè prèt yo mache san rad, e boulvèse sila ki ansekirite yo.
20 奪去忠貞者的辯才,剝去年老者的理智:
Li fè moun konfyans pa kab pale, e retire bon jijman a ansyen yo.
21 使貴人備受侮辱,使勇士的腰帶鬆弛;
Li vide mepriz sou prens yo, e lache senti a pwisan yo.
22 使隱秘的事由暗處彰顯,使黑暗進入光明;
Li devwale mistè ki nan tenèb yo, e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.
23 使邦國興起而又滅亡,使民族強大而又消散;
Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo. Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.
24 剝去國君的理智,使他們漂泊於無路的荒野中,
Li rache lespri a chèf pèp latè yo, e fè yo egare nan yon savann san chemen.
25 在無光的黑暗中摸索,踉蹌猶如醉漢。
Yo tatonnen nan fènwa a san limyè. Li fè yo kilbite tankou moun sou.

< 約伯記 12 >