< 約伯記 10 >

1 我實在厭惡我的生活,我要任意苦訴我的怨情,傾吐我心中的酸苦。
“Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
2 我要對天主說:不要定我的罪! 請告訴我:你為何與我作對﹖
Mwen va di a Bondye: ‘Pa kondane mwen! Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.
3 你對親手所造的,加以虐待和厭棄,卻顯揚惡人的計劃,為你豈有好處﹖
Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime; pou meprize zèv men Ou yo e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
4 你豈有肉眼,或者也像人一樣觀看嗎﹖
Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa èske Ou wè kon yon nonm wè?
5 你的日月豈像人的日月﹖你的年歲豈像人的年歲﹖
Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl, oswa ane Ou yo tankou ane a yon nonm,
6 你竟考查我的邪惡,追究我的罪過。
pou Ou ta dwe chache koupabilite mwen e fè rechèch dèyè peche m?
7 其實你知道我並沒有罪過,也知道無人能拯救我脫離你的掌握。
Malgre Ou konnen mwen pa koupab, sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”
8 你親手形成了我,創造了我;此後你又轉念想消滅我。
“Se men Ou ki te fòme mwen nèt. Konsa, èske Ou ta detwi mwen?
9 求你記憶:你造我時就像摶泥,難道還使我歸於泥土﹖
Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil. Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?
10 你不是將我像奶倒出,使我凝結像一塊奶餅﹖
Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen e fè m kaye tankou fwomaj?
11 用皮和肉作我的衣服,用骨和筋把我全身聯絡起來﹖
Ou te abiye mwen ak po avèk chè e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.
12 是你將我生命的恩惠賜給了我,細心照顧維持了我的氣息。
Ou te ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou. Se swen Ou ki te konsève lespri m.
13 這些事早已藏在你心中,我知道你久有此意:
Malgre bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou. Mwen konnen ke sa a se avèk ou:
14 你監視我,看我是否犯罪;如果我有罪;你決不放過。
si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen. Ou pa ta akite m de koupabilite mwen.
15 我若有罪,我就有禍了! 我若有義,也不敢抬頭,因為我已備嘗凌辱,吃盡苦頭。
Si mwen mechan, malè a mwen! Epi si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen. Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.
16 我若抬頭,你就像獅子追捕我,向我表現你的奇能,
Si tèt mwen ta vin leve wo, Ou ta fè lachas dèyè m tankou yon lyon; epi ankò, Ou ta montre pouvwa Ou kont mwen.
17 重新襲擊我,加倍對我洩怒。
Ou renouvle temwayaj Ou kont mwen, e ogmante kòlè Ou vè mwen. Dezas monte anwo dezas sou mwen.”
18 你為何叫我出離母胎﹖不如我那時斷氣,無人見我,
“Alò, poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m? Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!
19 就好像從未有過我一樣,一出母胎即被送入墳墓。
Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste, kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.
20 我生存的日月不是很少嗎﹖你且放開我罷!
Èske jou m yo pa kout? Rete! Ralanti sou mwen pou m kab jwenn yon ti kras kè kontan,
21 趁我去而不返,未到冥暗死影之地,
avan ke m ale—pou mwen pa tounen nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
22 即光明也是黑暗之地以前,讓我自在一下罷!
Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la, nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”

< 約伯記 10 >