< 耶利米書 52 >

1 漆德克雅登極時,年二十一歲,在耶路撒泠為王十一年,他的母親名叫哈慕塔耳,是里貝納人耶勒米雅的女兒。
Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a e li te renye pandan onz ane Jérusalem. Non manman l te Hamuthal, fi a Jérémie nan Libna a.
2 他行了上主視為惡的事,全像約雅金所行的一樣,
Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou tout sa ke Jojakim te fè yo.
3 因此上主對耶路撒泠和猶大大發忿怒,由自己面前將他們拋棄。以後漆德克雅背叛了巴比倫王。
Paske akoz kòlè SENYÈ a, bagay sa a te rive Jérusalem ak Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.
4 漆德克雅為王九年十月十日,巴比倫王拿步高率領全軍來進攻耶路撒泠,紮營圍城,在城四周建築了壁壘,
Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li.
5 圍攻京城,直至漆德克雅為王十一年。
Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a wa Sédécias.
6 是年四月九日,城中發生了嚴重的饑荒,當地人民已沒有糧食,
Nan Nevyèm jou nan katriyèm mwa a, gwo grangou a te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a.
7 京城遂被攻破,加色丁人還在圍攻京城時,君王和全體士兵,黑夜出了靠近御苑的雙牆城門,逃往阿辣巴。
Konsa yo te kase antre nan vil la, e tout mesye lagè yo te kouri kite vil la pandan lannwit lan bò kote pòtay ki te antre de miray ki te akote jaden a wa a. Sepandan, Kaldeyen yo te antoure vil la nèt. Yo te ale pa chemen Araba a vle di dezè a.
8 加色丁軍隊便追趕君王,在耶里哥曠野追上了漆德克雅。此時他的軍隊已離開他逃散了。
Men lame Kaldeyen an te kouri dèyè wa a. Li te rive sou Sédécias nan plèn Jéricho e tout lame li a te gen tan gaye kite li.
9 加色丁軍隊擒獲了君王,帶他上哈瑪特地的黎貝拉去見巴比倫王,巴比倫王即宣判了他的罪案。
Epi yo te kaptire wa a. Yo te mennen li monte kote wa Babylone nan nan Ribla nan peyi Hamath, e li te kondane li la.
10 巴比倫王在黎貝拉當著漆德克雅眼前殺了他的兒子,和猶大的眾首領,
Wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo devan zye l e anplis, li te touye tout prens Juda yo Ribla.
11 然後剜了漆德克雅的眼,給他帶上鎖鏈,送往巴比倫去,直到他死,囚在監內。
Anplis, li te avegle zye a Sédécias. Konsa, wa Babylone nan te anprizone l ak braslè an bwonz, te mennen li Babylone, e te mete l nan prizon jis rive jou ke li te mouri an.
12 巴比倫王拿步高為王十九年五月十日,侍立於巴比倫王左右的衛隊長乃步匝辣當來到了耶路撒泠,
Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem.
13 焚毀了上的殿、王宮和耶路撒泠所有的民房;凡是高大的建築都用火燒了。
Li te brile kay SENYÈ a lakay wa a, ak tout kay Jérusalem yo; menm tout gwo kay yo, li te brile yo ak dife.
14 跟隨衛隊長的所有加色丁軍隊,拆毀了耶路撒泠周圍的城牆;
Konsa, tout lame Kaldeyen ki te avèk chèf kò gad yo, te demoli tout miray ki te antoure Jérusalem yo.
15 城中剩下的人民和已投降巴比倫王的人以及剩下的工匠,隊長乃步匝辣當都擄了去,
Epi Nebuzaradan, chèf kò gad yo, te mennen, pote an egzil kèk nan moun ki pi malere pami pèp la, tout lòt moun ki te rete nan vil la, sila ki te dezète Jérusalem yo pou ale kote wa Babylone nan ak tout rès moun metye yo.
16 只留下了當地一部分最窮的平民,作園丁和農民。
Men Nebuzaradan, chèf kò gad la, te kite kèk moun nan pi malere yo pou okipe chan rezen yo, e pou laboure tè a.
17 加色丁人又將上主殿內的銅柱,和上主殿內的銅座、銅海都打碎,把銅都運往巴比倫;
Alò, pilye an bwonz, ki te apatyen a lakay SENYÈ a, baz yo, ak gwo lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote tout bwonz yo Babylone.
18 此外鍋、鏟、蠟剪、盆碟、香盤,以及行禮用的一切銅器,全都帶走;
Anplis, yo te pran veso yo, pèl yo, etoufè yo, basen yo, po yo ak tout veso an bwonz ki te sèvi nan tanp lan.
19 爵杯、提爐、盆碟、鍋子、蠟台、勺子和盆盂,凡是純金純銀的,衛隊長也都拿走了。
Anplis, chèf kò gad la te retire bòl yo, plato sann yo, basen yo, po yo, chandelye yo, sa ki te fèt an lò fen ak sa ki te fèt an ajan fen.
20 撒羅滿王為上主殿做的兩根柱子,一個銅海和下面的十二個銅牛,及十個盆座:這些器皿的銅,重量無法估計。
De pilye yo, sèl lanmè a, douz towo an bwonz ki te anba lanmè a, ak baz yo, ke Wa Salomon te fè pou lakay SENYÈ a——bwonz nan tout veso sa yo te depase kontwòl nan pwa.
21 至於兩根柱子,每根高十八肘;周圍是十二肘,有四指厚,中空。
Epi pou pilye yo, wotè a chak pilye te diz-uit koude, li te mezire douz koude sikonferans lan, kat dwat nan epesè e vid nan mitan.
22 每根柱子上面有銅柱頭,高五肘,柱頭四周有網子和石榴,全是銅的;另一柱子同樣也有像這樣的裝飾和石榴。
Alò, yon tèt kouvèti an bwonz te sou li; epi wotè a chak tèt kouvèti te senk koude, ak yon sistèm mèch fèt avèk chèn an fil tòde pou tèt kouvèti ak grenad sou tèt kouvèti ki antoure l yo, tout nan bwonz nèt. Epi dezyèm pilye a te tankou sila a, menm ak grenad yo.
23 石榴有九十六個,往下懸著;網子四周共有一百個石榴。
Te gen katre-ven-sèz grenad byen parèt; tout nan grenad yo te kontwole an santèn, sou sistèm mèch la toupatou.
24 衛隊長又擒獲了大司祭色辣雅,大司祭責法尼雅和三個門丁,
Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa ofisye a tanp yo.
25 由城中還擒獲了一個管理軍隊的宦官,七個在城裏搜到的君王的親信,一個徵募當地人民的軍長的書記,和城中搜到的六十個當地平民。
Anplis, li te pran soti nan vil la, yon ofisye ki te yon sipèvizè pou mesye lagè yo, sèt nan konseye wa ki te twouve nan vil yo, grefye a wo kòmandan ki te òganize pèp peyi a ak swasant mesye a pèp ki te twouve nan mitan vil yo.
26 衛隊長乃步匝辣當捉住他們帶到黎貝拉去見巴比倫王;
Nebuzaradan, chèf kò gad la te pran yo e te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla.
27 巴比倫王就在哈瑪特地的黎貝拉將他們殺了。從此,猶大人由本鄉被擄去充軍。
Epi wa Babylone nan te frape yo mete a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath la. Konsa, Juda te mennen ale an egzil kite peyi li.
28 以下是拿步高擄去的人數:在第七年擄去的猶大人,為數是三千零二十三人。
Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif;
29 拿步高第十八年,由耶路撒冷擄去的是八百三十二人;
nan diz-uityèm ane Nebucadnetsar a, ui-san-trant-de moun ki sòti Jérusalem;
30 拿步高第二十三年,衛隊長乃步匝辣當擄去了七百四十五名猶大人:擄去的人數共計是四千六百名。
nan venn-twazyèm ane a Nebucadnetsar a, Nebuzaradan, chèf kò gad yo te pote an egzil sèt-san-karant-senk Jwif. Nom de moun antou te kat-mil moun.
31 猶大王耶苛尼雅被擄後第三十七年,十二月二十五日,巴比倫王厄威耳默洛達客登極元年,大赦猶大王耶苛尼雅,放他出獄,
Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane egzil Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, sou venn-senkyèm jou a mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan premye ane règn li a, te montre favè li a Jojakin, wa Juda a, e te lage li nan prizon.
32 親切與他交談,令他坐在與他一同在巴比倫的眾王之上,
Konsa, li te pale dousman avèk li e te mete twòn li pi wo pase twòn a wa ki te avèk li Babylone yo.
33 脫去他的囚衣,以後一生日日與王共進飲食。
Konsa, Jojakin te chanje rad prizonye li a, e te pran repa li nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li yo.
34 他的生活費用,在他有生之日,直到他死,每天不斷由巴比倫王供應。
Pou okipe li, li te resevwa yon pòsyon nòmal chak jou pandan tout rès jou lavi li, jis rive jou li te mouri an.

< 耶利米書 52 >