< 耶利米書 41 >

1 到了七月,厄里沙瑪的孫子,乃塔尼雅的兒子依市瑪耳──他是王家的後代,是君王的大臣──帶了十個人來到米茲帕阿希甘的兒子革達里雅那裏;當他們在米茲帕一同進餐時,
Nan setyèm mwa Ismaël, fis a Nethania a, fis a Élischama, manm fanmi wayal la, e youn nan chèf prensipal a wa yo, ansanm ak dis mesye te rive Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam nan. Pandan yo t ap manje pen ansanm nan Mitspa,
2 乃塔尼雅的兒子依市瑪耳和他帶來的十個人就起來,拔刀擊殺了巴比倫王委派管理地方的沙番的孫子,阿希甘的兒子革達里雅。
Ismaël, fis a Nethania a ak dis mesye ki t ap manje avèk li yo te leve e te touye Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ak nepe, e te mete a lanmò sila ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.
3 凡在米茲帕與達里雅在一起的猶太人,和在那裏偶然相遇的加色丁兵士,依市瑪耳也都擊殺了。
Ismaël, anplis, te frape touye tout Jwif ki te avè l yo, sa vle di ak Guedalia nan Mitspa, menm ak Kaldeyen ki te la yo, mesye lagè yo.
4 革達里雅被害後第二天,人尚一無所知。
Alò, li te rive nan pwochen jou apre lanmò a Guedalia a, lè pèsòn pa t konnen anyen sou sa,
5 有八十個人從舍根、史羅、撒瑪黎雅前來,都剃去了鬍鬚,撕破了衣服,割傷了身體,手裏拿著素祭祭品和乳香,要帶到上主殿宇去,
ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a.
6 沿途且走且哭。乃塔尼雅的兒子依市瑪耳從米茲帕出來迎接他們,一遇見他們就對他們說:「你們往阿希甘的兒子革達里雅那裏去罷! 」
Epi Ismaël, fis a Nethania a, te sòti Mitspa pou rankontre yo e li t ap kriye nan wout la; epi pandan li te rankontre yo, li te di yo: “Vin kote Guedalia, fis a Akchikam nan!”
7 他們到了城市中心,乃塔尼雅的兒子依市瑪耳和自己的部下就將他們殺了,扔在蓄水池裏。
Malgre sa, li te rive ke lè yo te antre anndan vil la, Ismaël, fis a Nethania a ak mesye ki te avè l yo te touye yo e jete yo nan sitèn nan.
8 其中有十個人卻對依市瑪耳說:「不要殺害我們,因為我們在田野裏藏有油、蜜、大麥和小麥。」他遂即住手,沒有將他們與他們的弟兄一同殺掉。
Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.” Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò.
9 依市瑪耳將所殺之人的屍首,丟在那裏的一個蓄水池內,那是一個很大的蓄水池,原是阿撒君王為對抗以色列君王巴厄沙而建造的;乃塔尼雅的兒子依市瑪耳用自己所殺之人的屍首填滿了這蓄水池。
Alò, konsènan sitèn kote Ismaël te jete tout kadav a mesye ke li te touye akoz Guedalia yo, se te sila ki te bati pa wa Asa a pou Baescha, wa Israël la; Ismaël, fis a Nethania a, te plen li ak moun mouri yo.
10 以後依市瑪耳擄去了留在米茲帕的遺民和王室閨秀,以及還留在米茲帕所有的人民:這些人,原是衛隊長乃步匝辣當委託給阿希甘的兒子革達里雅的;乃塔尼雅的兒子依市瑪耳卻將他們擄走,投往阿孟子民那裏去。
Epi Ismaël te pran an kaptif tout retay ki te Mitspa yo, fi a wa yo ak tout moun ki te rete Mitspa yo, ke Nebuzaradan, chèf gad la, te mete sou chaj Guedalia, fis a Achikam nan. Konsa Ismaël, fis a Nethania a, te pran yo an kaptif e te pati pou janbe kote fis a Ammon yo.
11 卡勒亞的兒子約哈南和隨從他的其餘部隊首領,得知乃塔尼雅的兒子依市瑪耳所做的一切惡事,
Men Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf a fòs lame ki te avèk li yo te tande afè mechanste ke Ismaël, fis a Nethania a, te fè a.
12 就帶領自己所左的部下,去攻擊乃塔尼雅的兒子依市瑪耳,在基貝紅大水池旁與他相遇。
Pou sa, yo te pran tout mesye yo pou te ale goumen ak Ismaël, fis a Nethania. Yo te rankontre li akote gwo basen ki Gabaon an.
13 與依市耳瑪在一起的全體人民,一見卡勒亞的兒子約哈南和隨他前來的眾部隊首領,無不喜出望外。
Alò, la menm tout moun ki te avèk Ismaël yo te wè Jochanan, fis a Karéach la ak chèf lame an ki te avèk li yo. Konsa, yo te kontan.
14 依市瑪耳從米茲帕擄來的全體人民,都轉身歸順卡勒亞的兒子約哈南;
Tout moun ke Ismaël te pran kaptif soti Mitspa yo te vire retounen pou te ale kote Jochanan, fis a Karéach la.
15 只有乃塔尼雅的兒子依市瑪耳和八個人,由約哈南面前逃脫,跑到阿孟子民那裏去了。
Men Ismaël, fis a Nethania a, te chape nan men Jochanan ak uit mesye pou te rive kote fis a Ammon yo.
16 卡勒亞的兒子約哈南與隨從自己的眾部隊首領,就接收了乃塔尼雅的兒子依市瑪耳,在謀害阿希甘的兒子革達里雅後,從米茲帕擄走的全部遺民,能作戰的男子和婦女,幼童及宦官,從基貝紅將他們帶回來,
Epi Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf fòs lame ki te avèk li yo te pran soti Mitspa tout sila nan retay moun ke li te reprann soti nan men Ismaël, fis a Nethania a, lè l te fin touye Guedalia, fis a Achikam nan— ki vle di mesye ki te sòlda yo, fanm yo, timoun yo, ak enik ke li te mennen retounen soti Gabaon an.
17 一路前行,在靠近白冷的革魯特基默罕住下,有意進入埃及,
Yo te ale rete Gerut-Kimham, toupre Bethléem, pou yo te ka ale an Égypte,
18 遠避加色丁人。他們實在害怕見到加色丁人,因為乃塔尼雅的兒子依市瑪耳,謀殺了巴比倫王委派管理地方的阿希甘的兒子革達里雅。
akoz Kaldeyen yo. Yo te krent yo, akoz Ismaël, fis a Nethania a, te touye Guedalia, fis a Achikam nan, ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.

< 耶利米書 41 >