< 耶利米書 35 >

1 猶大王約史雅的兒子約雅金為王時,上主有話傳給耶肋米亞說:
Pawòl ki te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a nan jou a Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, te di:
2 「你到勒加布人家裏去,與他們會談,引他們走進上主殿宇的一間房裏,給他們酒喝」。
“Ale lakay Rekabit yo. Pale avèk yo e mennen yo antre lakay SENYÈ a, nan youn nan chanm yo, e bay yo diven pou yo bwè.”
3 於是我帶了哈巴漆尼的孫子,依爾米雅的兒子雅匝尼雅,和他的兄弟與他所有的兒子,以及勒加布全家,
Konsa, mwen te pran Jaazania, fis a Jérémie an, fis a Habazinia a, frè li yo, tout fis li yo ak tout kay Rekabit yo,
4 到了上主的殿宇,進了天主的人依革達里雅的兒子南的兒子們的房間集合集合這間房靠近長官室,正是在看守殿門的沙隆的兒子瑪阿色雅的住房上面,
epi mwen te mennen yo lakay SENYÈ la, nan chanm a fis a Hanan yo, fis a Jigdalia a, nonm Bondye ki te toupre chanm ofisye yo, ki te anwo chanm Maaséja a, fis a Schallum nan, gadyen pòt la.
5 將滿杯滿爵的酒,擺在勒加布的子孫面前,向他們請說:「請喝酒吧! 」
Epi mwen te plase devan mesye lakay Rekabit yo, krich plen ak diven ak tas, epi mwen te di yo: “Bwè diven!”
6 他們答說:「我們不喝,因為我們的祖先勒加布的兒子約納達有布曾吩咐我們說:你們和你們的兒子永不可喝酒;
Men yo te di: “Nou p ap bwè diven, paske Jonadab, fis a Récab la, papa nou, te bannou lòd e te di: ‘Nou p ap bwè diven, ni nou menm, ni fis nou yo jis pou tout tan.
7 也不可建造房屋,不可播種,不可栽植或佔有葡萄園,卻要終身住在帳幕裏,好使你們能長久在你們作客的地方。
Nou pa pou bati kay e nou pa pou simen semans, ni plante chan rezen, ni achte youn; men se nan tant nou dwe viv pandan tout jou nou yo, pou nou kapab viv anpil jou nan peyi kote nou demere a.’
8 在我們的祖先勒加布的兒子約納遠吩咐我們的一切事上,我們全聽從了他的話,我們、妻子和兒女,終身不喝酒,
Nou te obeyi a vwa Jonadab, fis a Récab la, papa nou, nan tout sa li te kòmande nou, pou pa bwè diven pandan tout jou nou yo, nou menm, madanm nou, fis nou yo ak fi nou yo,
9 也不建造房屋居住,也沒有葡萄或田地和播種的事,
ni bati pou nou menm kay pou nou ta viv ladann. Nou pa genyen chan rezen yo, ni chan kiltive, ni semans,
10 只住在帳幕裏,全聽從並履行我們的祖先約納達w的事。
“Men se sèlman nan tant nou te rete yo. Nou te obeyi e te fè selon tout sa ke Jonadab, papa nou, te kòmande nou yo.
11 只在巴比倫王拿步高上來進攻這城時,我們才說:走吧! 到耶路撒冷去,躲避加色弓人和阿蘭軍隊;從此我們才住在耶路撒冷」。
Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’”
12 於是有上主的話傳給耶肋米亞說:
Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di:
13 「萬軍的上主,以色列的天主這樣說:你去對猶大人和耶路撒冷的居民說:你們不接受教訓,聽從我的話嗎﹖──上主的斷語──
“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ale di a mesye Juda yo, e a sila k ap viv Jérusalem yo: “Èske nou p ap resevwa lenstriksyon pou koute pawòl Mwen yo?” deklare SENYÈ a.
14 勒加布的兒子約納達布的話居然有人遵守:他命子孫們不喝酒,他們直到今日就不喝酒,全聽從了他們祖先的命令;我不斷懇切教訓你們,你們卻沒有聽從;
“Pawòl a Jonadab, fis a Récab la, ke li te kòmande fis li yo pou pa bwè diven yo, byen obsève. Pou sa, yo pa bwè diven jis rive jou sa a, paske yo te obeyi lòd papa yo. Men Mwen te pale ak nou ankò e ankò, e nou pa t koute Mwen.
15 我給你們派遺──且不斷派遺,我所有的僕人們,來勸你們各自離開自己的邪道,改自己的行為,不再追隨外方的神祗,好能住在我賜給你們和你們祖先的地方;你們仍不側耳聽從我。
Anplis, Mwen te voye a nou menm tout sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Mwen te voye yo ankò e ankò e yo te di: ‘Vire koulye a chak moun kite move chemen li, korije zèv mechan nou yo, e pa kouri dèyè lòt dye yo pou adore yo. Konsa, nou va demere nan peyi ke M te ba a nou menm e a papa zansèt nou yo;’ men nou pa t enkline zòrèy nou, ni nou pa t koute Mwen.
16 實在,加勒布的兒子約納達達布的子孫,遵守了他們祖先吩咐的命令;至於這民族,卻不聽從我。
Anverite, fis a Jonadab yo, fis a Récab la te swiv lòd a papa yo ak sila li te kòmande yo, men pèp sa a pa t koute Mwen.”’
17 為此,上主萬軍的天主,以色列的天主這樣說:看,我必給猶大和耶路撒冷 a的居民,招來我對他們所預告的一切災禍,因為我訓諭他們,他們不答應」。
“Akoz sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen sou Juda ak sou tout sila ki rete Jérusalem yo, tout dezas ke M te pwononse kont yo, akoz Mwen te pale ak yo, men yo pa t koute, e Mwen te rele yo, men yo pa t reponn.’”
18 於是耶肋米亞對勒加布人家族說:「萬軍的上主,以色列的天主這樣說:因為你們聽從了祖先約納布的命令,遵守了他的一切規律,完全依照他所吩咐的做了;
Epi Jérémie te di a lakay Rekabit yo: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz nou te obeyi lòd a Jonadab, papa nou an, nou te swiv tout lòd li yo, e te fè tout sa ke li te kòmande nou;’
19 為此,萬軍的上主,以色列的天主這樣說:勒加布的兒子約納達布從此永不會缺乏侍立在我面前的人」。
Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Jonadab, fis a Récab la, p ap manke yon nonm ki pou toujou kanpe devan M.’”

< 耶利米書 35 >