< 耶利米書 30 >

1 這是上主傳給耶肋米亞的話:
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:
2 上主以色列的天主這樣說:「凡我對你說的話,你都要寫在一本書上,
“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv.
3 因為,看,時日將到──上主的斷語──我必轉變我人民以色列和猶大的命運──上主說──使他們回去佔領我賜給他們祖先的土地。」
Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”
4 以下是上主論及以色列和猶大說的話:
Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda:
5 上主這樣說:「人聽到了恐怖的喊叫:只有恐慌,沒有平安。
Paske konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande son a yon gwo laperèz, a yon gwo krent; pa gen lapè.
6 你們且自問自究:是否男人要生產﹖為什麼我竟見人人兩手叉腰,像正在生產的婦女,個個面色顯得蒼白﹖
Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit. Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo, konsi se fanm k ap fè pitit? Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?
7 噫! 這一天,真偉大,無可比擬,雖為雅各伯是痛苦的時期,但他們將由此而得救。
Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li. Li se lè a gwo doulè Jacob la; men li va sove de li.
8 到了那一天──萬軍上主的斷語──我要折斷他們頸上所負的軛,粉碎他們的鎖鏈,他們不再作外方人的奴隸,
“Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo: ke Mwen va kase jouk li a soti sou kou nou. Mwen va chire kòd yo, e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.
9 只服事上主,他們的天主,和我給他們興起的君王達味。
Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.
10 為此,我的僕人雅各伯,你不用害怕──上主的斷語──以色列,你不要驚慌;因為,看,我必從遠方救出你來,從充軍之地救回你的後裔;使雅各伯歸來,居享安寧,無所恐懼,
Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a: “Epi pa pèdi kouraj, O Israël; paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen, Li va kalm, alèz, e nanpwen moun k ap fè l fè pè.
11 因為有我與你同在──上主的斷語──作你的救援。誠然,對我使你流徙所到的各民族,我要執行毀滅;但對你,我卻不執行毀滅,只依正義懲罰你,不讓你全然免罰。」
Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
12 不錯,上主這樣說:「你的創傷不可治療,你的傷口無法醫治;
Paske konsa pale SENYÈ a: “Blesi ou yo pa kab geri, e kondisyon ou byen grav.
13 沒有人願意擔任調理你的創傷,無藥可使你的傷處收結。
Nanpwen moun ki pou plede koz ou; pa gen gerizon pou maleng nan, ni ou p ap ka refè.
14 你所有的愛人都忘掉了你,不再追求你,因為我像打擊敵人一樣,以殘酷的刑罰打擊了你,因為你太不義,你的罪惡,增添不已。
Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil.
15 為什麼你還要為你的創傷悲號﹖你的創傷已不可治療:因為你太不義,你的罪惡增添不已,我纔這樣對待了你。
Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo? Doulè ou a pa gen gerizon. Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil, Mwen te fè ou sa a.
16 但是,凡吞滅你的,必被吞滅;凡與你為敵的,必被擄去充軍;凡劫掠你的,必遭劫掠;凡搶奪你的,我必使他們受人搶奪。
Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore; epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite. Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm, e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo, va vin viktim yo menm.
17 實在,我要使你的傷處收結,療愈你的創傷──上主的斷語──因為他們稱你為棄婦,無人過問的熙雍。」
Paske M ap fè ou reprann lasante, e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a: “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di: ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’”
18 上主這樣說:「看,我要轉變雅各伯帳幕的命運,憐憫他的家室,好使城市仍建在自己的山上,宮殿依然聳立在自己的原處,
Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo, e gen konpasyon pou lakay li yo; vil la va rebati sou ranblè li yo e palè a va kanpe nan pwòp plas li.
19 從那裏發出頌謝的歌聲,歡樂的呼聲。我必使他們繁昌,人數不再滅少;我要顯耀他們,使他們不再受人輕視。
Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;
20 他們的子孫必要像昔日一樣,在 面前重新建立自己的集會;凡壓迫他們的,我必予以懲罰。
Pitit pa yo tou va tankou oparavan, e kongregasyon yo va etabli devan M. Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.
21 他們的元首,將是他們中的一個;他們的統帥,將出自他們之中;我要使他們前來接近我,他必與我接近,因為誰敢冒的危險,來與我接近──上主的斷語──
Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.
22 這樣,你們必作我的人民,我必作你們的天主」。
“Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”
23 看,上主的憤怒如暴風怒號,如撗掃的暴風,在惡人的頭上施轉。
Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt, yon tanpèt k ap ravaje; li va eklate sou tèt a mechan yo.
24 上主的烈怒必不止息,直到衪執行完成了衪心裏的計劃;在末日你們必會明瞭。
Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè, jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li. Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”

< 耶利米書 30 >