< 以賽亞書 61 >

1 吾主上主的神臨到我身上,因為上主給我傅了油,派遣我向貧苦的人傳報喜信,治療破碎了的心靈,向俘虜宣告自由,釋放獄中的囚徒,
Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;
2 宣佈上主恩慈的喜年,揭示我們天主報仇的日期,安慰一切憂苦的人,
pou pwoklame lane gras SENYÈ a e jou a vanjans Bondye nou an; pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3 給熙雍悲哀的人一項冠冕來代替灰塵,喜樂的油以代替喪服,頌讚以代替沮喪的心神。他們將被稱為正義的橡樹,上主為光榮自己所種植的園地。
pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la, ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, yon plantasyon SENYÈ a, pou Li kapab resevwa glwa.
4 他們要重建古時的廢址,興建往日的荒域,建造傾圮的城邑,數代荒涼的地方。
Yo va rebati ansyen mazi yo, yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo. Yo va repare vil ki te detwi yo, dezolasyon de anpil jenerasyon yo.
5 外邦人要來為你們牧放羊群,外方人的兒子要作你們的農夫和葡萄園丁。
Etranje yo va kanpe pou okipe bann mouton nou yo, e pitit a etranje yo va kiltivatè tè nou, ak chan rezen nou yo.
6 你們要被稱為「上主的司祭」人要稱你們為「我們天主的侍役;」你們要享用萬民的財物,以他們的財寶而誇耀。
Men nou va rele kon prèt SENYÈ a; Lèzòm va rele nou sèvitè yo a Bondye nou an. Nou va manje richès a nasyon yo, e nan richès pa yo, nou va vante tèt nou.
7 因為他們受了雙重的恥辱,侮辱與唾罵是他們的家業,因此他們要承受雙倍的土地;永遠的喜樂將歸屬於他們。
Olye de wont nou, nou va gen yon pòsyon doub; olye de imilyasyon, yo va rele ak lajwa sou pòsyon pa yo. Akoz sa, yo va posede yon pòsyon doub nan peyi yo; lajwa etènèl la va pou yo.
8 因為我是愛慕公義的上主,我惱恨不義的搶劫;我要憑忠實賜給他們報酬,與他們訂立一項永久的盟約。
Paske Mwen, SENYÈ a, renmen lajistis; Mwen rayi vòl ak malfezans. Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo, e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.
9 他們的後裔在列國中,他們的苗裔在萬民中,要受人賞識;凡看見他們的,必要承認他們是上主所祝福的後裔。
Desandan pa yo va rekonèt pami nasyon yo, e posterite yo nan mitan a tout pèp yo. Tout moun ki wè yo va rekonèt yo, akoz yo se desandan ke SENYÈ a te beni yo.
10 我要萬分喜樂於上主,我的心靈要歡躍於我的天主,因為他給我穿上救恩的衣服,給我披上義德的外衣,使我有如頭戴花冠的新郎,有如佩帶珍珠的新娘。
Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
11 正如大地怎樣產生苗芽,田園怎樣使種子發芽,吾主上主也要怎樣在萬民前產生正義和讚揚。
Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la, jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi, konsa Senyè BONDYE a va fè ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.

< 以賽亞書 61 >