< 以賽亞書 36 >

1 在希則克雅為王第十四年,亞述王散乃黑黎布上來攻打猶大的一切堅城,而且都佔領了。
Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias la, Sanchérib, wa Assyrie a, te monte kont tout vil ranfòse Juda yo e te sezi yo.
2 亞述王從拉基市打發一位大將軍,帶著大軍到耶路撒冷去見希則克雅王。當大將站在上池溝旁,漂布田間的大路上時,
Konsa, wa Assyrie a te voye Rabschaké sòti Lakis nan Jérusalem vè wa Ézéchias avèk yon gwo lame. Li te kanpe kote kanal la sou gran chemen a ki rele Chan Foule a.
3 出來迎接他的,有希耳克雅的兒子厄里雅金家宰、舍布納書記和阿撒夫的兒子約阿黑史官。
Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay wa a, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, grefye achiv la, te sòti vin kote l.
4 大將軍對他們說:「你們去告訴希則克雅說:大王,亞述王這樣說:你所依靠的算得什麼依靠,
Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias; ‘Se konsa gran wa a, wa Assyrie a pale: “Ki konfyans sa ou genyen an?
5 你想空口說話就是戰略和戰鬥的力量嗎﹖如今你靠誰來背叛我﹖
Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè nou fè rebelyon kont mwen an?
6 看哪!你依靠的埃及是一根破裂的蘆杖,誰依靠這杖,它就刺傷誰的手,且把手刺透;埃及王法郎對所有依靠他的人就是這樣。
Gade byen, ou depann de baton a wozo kraze sila a. Égypte menm. Men si yon nonm apiye kote li, baton li an ap antre nan men l e frennen l nèt. Se konsa Farawon, wa Égypte la ye pou tout sila ki depann de li yo.
7 假使你們對我說:我們依靠雅威,我們的天主;希則克雅豈不是曾推翻他的高丘和祭壇,且對猶大和耶路撒冷說:你們只應在這祭壇前朝拜﹖
Men si ou di m: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, èske se pa wo plas ak lotèl a Li menm yo ke Ézéchias te retire e te di Juda ak Jérusalem: ‘Ou va adore isit la devan lotèl sila a’?
8 如今你可與我的主上亞述王打賭:我給你兩千匹馬,你是否能給這些馬配上騎兵﹖
Alò, pou rezon sa a, vin fè yon antant ak mèt mwen an, wa Assyrie a, e mwen va bannou de-mil cheval, si nou ka jwenn chevalye kont pou mete sou yo.
9 若不能,你怎敢拒絕我主上最小僕人中的一個軍長,而去依靠埃及的戰車和騎兵﹖
Kijan, alò, nou ka refize menm youn nan pi piti ofisye a mèt mwen yo pou depann de Égypte pou cha ak chevalye?
10 現在,我上來攻打毀滅這地,難道不是雅威的意思嗎﹖雅威對我說了:上去,攻打那地,加以毀滅!」
Èske konsa, mwen te monte san pèmisyon SENYÈ a, kont peyi sa a pou detwi l? SENYÈ a te di mwen: “Ale monte kont peyi sa a pou detwi l.”’”
11 厄里雅金、舍布納和約阿黑對大將軍說:「請你對你的僕人說阿剌美話,因為我們都懂;你不要對我們講猶太話,因為城牆上的百姓能聽到。」
Epi Éliakim, Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Alò, pale ak sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale ak nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou miray yo.”
12 大將軍回答說:「難道我的主上打發我來只對你的主上和你講這些話,而不是對那些坐在城牆上,和你們一樣吃自己的糞,喝自己的尿的人,講這些話嗎﹖」
Men Rabschaké te di: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt nou ak nou menm pou pale pawòl sa yo, e pa a moun sila yo ki chita sou miray la, ki va oblije manje pwòp poupou yo e bwè dlo pipi yo ansanm avèk nou?”
13 大將軍於是站起來仍用猶太話大聲喊說:「你們聽大王,亞述王的話罷 !
Konsa Rabschaké te kanpe e te kriye ak yon gwo vwa an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl a gran wa a, wa Assyrie a.
14 大王這樣說:你們別上希則克雅的當,他決不能拯救你們!
Konsa pale wa a: ‘Pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, paske li p ap ka delivre nou!
15 也不要讓希則克雅使你們信賴雅威說:雅威必會拯救我們,這城決不會落在亞述王手中!
Ni pa kite Ézéchias fè nou mete konfyans nan SENYÈ a, oswa di nou: “Anverite SENYÈ a va delivre nou, vil sa a p ap bay nan men a wa Assyrie a.”’
16 不要聽從希則克雅,因為亞述王曾這樣說了:你們要與我和好,出來歸順我,各人就可以吃自己的葡萄和無花果,各人也可以喝自己井裏的水;
Pa koute Ézéchias, paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè ak mwen, vin jwenn mwen, chak moun va manje nan pwòp chan rezen pa li, chak moun nan pwòp pye fig pa li, e chak moun va bwè dlo nan pwòp sitèn pa li,
17 直到我來領你們到一個與你們本國一樣的地方去,一個有五穀和新酒的地方,一個有食糧和葡萄園的地方。
jiskaske m vin mennen nou ale nan yon peyi tankou peyi pa nou an, yon peyi ak anpil sereyal ak diven nèf, yon peyi ak pen ak chan rezen.
18 切不要上希則克雅的當,聽信他說:雅威必拯救我們!萬國的神中有那一個由亞述王手中拯救了自己的國家﹖
Veye pou Ézéchias pa egare nou e di nou: “SENYÈ a va delivre nou”. Èske youn nan dye a nasyon yo te delivre tè li a anba men a wa Assyrie la?
19 哈瑪特和阿帕得的神在那裏﹖色法瓦因的神在那裏﹖撒瑪黎雅的神在那裏﹖難道他們由我手中拯救了撒瑪黎雅﹖
Kote dye a Hamath ak Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo? Epi kilè yo te delivre Samarie nan men m?”
20 這些地域中的神,有那一個由我手中拯救了自己的國土﹖難道雅威就能由我手中拯救耶路撒冷嗎﹖」
Se kilès pami tout dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan soti men m?’”
21 他們都不作聲,一句話也沒有回答,因為君王有命:「不要回答他。」
Men yo te pe la e pa t di l yon mo, paske lòd a wa a se te: “Pa reponn li”.
22 希耳克雅的兒子厄里雅金家宰、舍布納書記和阿撒夫的兒兒子約阿黑史官撕裂了衣服,來見希則克雅,將大將軍的話告訴了他。
Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay la, Schebna, sekretè a ak Joach, fis a Asaph, achivist la, te rive kote Ézéchias ak rad yo chire, e te di li pawòl a Rabschaké yo.

< 以賽亞書 36 >