< 以賽亞書 35 >

1 荒野和不毛之地必要歡樂,沙漠必要欣喜,如花盛開,
Savann nan ak dezè a va kontan. Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz.
2 盛開得有如百合,高興得歡樂歌唱;因為它們將獲得黎巴嫩的光華,加爾默耳和沙龍的美麗;它們將見到上主的榮耀,我們天主的光輝。
Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, e fè yon kri lajwa. Glwa Liban an va bay a li menm; majeste a Carmen ak Saron an. Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
3 你們應加強痿弱的手,堅固顫動的膝,
Ankouraje men ki pedi fòs, e ranfòse jenou ki fèb la.
4 告訴心怯的人說:「鼓起勇氣來,不要畏懼!看,你們的天主,報復已到,天主的報酬已到,他要親自來拯救你們!」
Pale a sila ki gen kè twouble yo, “Pran kouraj! Pa pè! Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. Rekonpans Li an va rive. Li va vini, e Li va sove nou.”
5 那時瞎子的眼睛要明朗,聾子的耳朵要開啟;
Konsa, zye avèg yo va louvri, e zòrèy a soud yo debouche.
6 那時瘸子必要跳躍如鹿,啞吧的舌頭必要歡呼,因為曠野裏將流出大水,沙漠中將湧出江河,
Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. Paske dlo va pete nan tè sèch yo, ak vwa dlo yo nan dezè a.
7 白熱的沙地將變為池沼,炕旱的地帶將變為水源,豺狼棲息的洞穴將生出蘆葦和菖蒲。
Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a, va gen zèb ak wozo ak jon.
8 那裏將有一條大路,稱為「聖路,」不潔的人不得通行:這原是他百姓所走的路,愚蠢的人也不會迷路。
Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
9 那裏沒有獅子,猛獸也不上來,路上遇不到一隻野獸,獨有被贖出的人們行走。
Nanpwen lyon k ap la, ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li. Yo p ap twouve la. Men rachte yo va mache la.
10 上主所解救的人必要歸來,快樂地來到熙雍,永久的歡樂臨於他們頭上,他們將享盡快樂和歡喜,憂愁和悲哀必將遠遁。
Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.

< 以賽亞書 35 >