< 以賽亞書 19 >

1 有關埃及的神諭:看,上主乘著輕快的彩雲,來到了埃及,埃及的偶像在他面前戰慄,埃及人的心靈在己身內消溶。
Pwofesi konsènan Égypte la. “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo.
2 我要激動埃及人相反埃及人,使人人與自己的兄弟相鬥,人人與自己的近人作對,城與城爭,國與國戰。
Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm.
3 埃及的精神要紛亂,我要混亂她的計謀;為此他們必要去卜問神明、巫覡、陰魂和術士。
Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo.
4 我要把埃及交在暴君手中,暴虐的君王要統治他們--這是主,萬軍上主的斷語。
Anplis, Mwen va livre Ejipsyen yo nan men a yon mèt mechan. Yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
5 海洋的水將乾涸,江河將荒涼乾旱;
Dlo lanmè yo va vin sèch e rivyè a va vin sèch san dlo.
6 水道都將發臭,埃及的河渠都要轉弱乾涸;蘆荻和昌蒲必將萎謝;
Kanal yo va lage yon movèz odè. Rivyè Égypte yo va vin sèch e san dlo. Wozo ak zèb dlo yo va rete pouri.
7 河畔的蘆葦必將枯萎,沿河的植物,盡將凋零,吹散,消滅。
Gwo wozo a bò Rivyè Nil la, arebò Nil la ak tout chan ki fin plante akote Nil la va vin sèch, pouse ale, e p ap gen la ankò.
8 漁夫必要呻吟嘆息,河畔垂釣者必要悲傷,水面撒網者必要沮喪。
Moun lapèch yo va plenyen; tout sila ki konn voye yon liy nan Nil la va lamante, e sila ki ouvri filè sou dlo yo va santi gwo pèt.
9 種植亞麻者必要羞慚,理麻婦與紡織工也都要面色蒼白。
Anplis, sila k ap pwodwi twal len nan ki fèt ak len swa ak bòs twal blan yo va tris nèt.
10 她的顯貴將受輕視,受僱的工人莫不意志消沉。
Pilye a Égypte yo va kraze nèt; tout anplwaye yo va afilje nan nanm yo.
11 左罕的首領極其愚蠢,法郎的謀士出的,盡是糊塗計謀;你們怎敢對法郎說:「我是賢者的子孫,古代帝王的後裔﹖」
Prens a Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”?
12 你的賢士如今在那裏﹖何不讓他們告訴你知道,萬軍的上主對埃及打了什麼主意!
Eh byen, kote moun saj ou yo? Souple, kite yo pale ak ou, e kite yo konprann sa ke SENYÈ dèzame yo te planifye pou fè kont Égypte.
13 左罕的首領都夠糊塗,諾夫的首領被人愚弄,各州的諸侯使埃及陷入迷途。
Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare.
14 上主在他們中間注入了昏神,叫他們使埃及在自己所作的事上無不錯亂,有如醉漢在嘔吐中打滾。
SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li.
15 不論是為首的、為尾的、為棕枝的、或為蘆葦的作什麼,為埃及無所作為。
P ap gen travay pou Égypte; ni pou tèt li, ni pou ke li, branch palmis li, oswa sa ke wozo li yo ka fè.
16 到那天,埃及面對著正在她身上揮動著的萬軍上主的手臂,將如婦女般的戰慄害怕。
Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo.
17 猶大地將成為埃及的恐怖;凡提及她的,無不對萬軍的上主對埃及所打的主意而害怕。
Peyi Juda va devni yon gwo laperèz pou Égypte. Tout moun ki tande non li va gen gwo lakrent li akoz volonte a SENYÈ dèzame yo, ki poze kont yo.
18 到那天,在埃及境內將有五座城說客納罕話,並指著萬軍的上主起誓,且有一座稱作「太陽城。」
Nan jou sa a, senk gwo vil peyi Égypte yo va pale langaj a Kanaraneyen yo, e yo va sèmante alyans ak SENYÈ dèzame yo. Youn nan yo va rele Vil Destriksyon an.
19 到那天,在埃及地域中,將有一座獻與上主的祭壇,在她的邊界上,將有一個為上主建立的石柱。
Nan jou sa a, va gen yon lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a.
20 這在埃及境內,將成為萬軍上主的記號和證據:當他們面臨迫害呼號上主時,他必給他們遣發一位救主,來奮鬥拯救他們。
Li va vin fè yon sign ak yon temwen a SENYÈ dèzame yo nan peyi Égypte; paske yo va kriye a SENYÈ a akoz sila k ap oprime moun yo, e Li va voye ba yo yon sovè, yon defansè e Li va delivre yo.
21 到那天,上主將為埃及所認識,埃及要認識上主,並奉獻犧牲和祭品,向上主許願還願。
Konsa SENYÈ a va fè Égypte konnen Li. Konsa, Ejipsyen yo va konnen SENYÈ a nan jou sa a. Yo va anplis adore Li avèk sakrifis ak ofrann. Yo va fè yon ve a SENYÈ a, epi yo va akonpli li.
22 上主將打擊埃及,打擊只是為醫治;他們要歸依上主,上主要俯聽他們,要醫治他們。
SENYÈ a va frape Égypte; frape, men geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.
23 到那天,將有一條大路,由埃及通至亞述:亞述人要到埃及去,埃及人要到亞述來;埃及和亞述將共同敬拜上主。
Nan jou sa a, va gen yon gran chemen soti an Égypte pou rive Assyrie. Asiryen yo va antre an Égypte, e Ejipsyen yo an Assyrie. Ejipsyen ak Asiryen yo va adore ansanm.
24 到那天,以色列將屬第三,聯同埃及和亞述成為大地上受祝福的,
Nan jou sa a, Israël va fè yon twazyèm nan, ansanm ak Égypte ak Assyrie, yon gran benediksyon nan mitan mond lan.
25 因為萬軍的上主曾這樣祝福說:「我的百姓埃及,我雙手的工程亞述,我的嗣業以色列,是應受祝福的!」
Paske SENYÈ dèzame yo ap beni yo e di: “Beni se Égypte, pèp Mwen an e Assyrie, zèv men Mwen an, ak Israël, eritaj Mwen an.”

< 以賽亞書 19 >