< 何西阿書 5 >

1 司祭,你們你們應信這話! 以色列家,留心細聽! 王室,側耳傾聽! 審判是為你們行的,因為你們的是米茲帕的圈套,是大博爾山上張開的羅網。
Tande bagay sa a, O prèt yo! Prete zòrèy ou O lakay Israël! Koute byen, O lakay wa a! Paske jijman an se pou ou, paske ou te yon pèlen nan Mitspa e yon Filè ouvri sou Thabor.
2 他們在史廷掘深了陷阱,但是我卻要完全懲治他們。
Rebèl yo desann fon nan fè masak; men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
3 我認識厄弗辣因,因你行了淫,以色列玷污了自己。
Mwen konnen Éphraïm e Israël pa kache devan M; paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye. Israël te souye tèt li.
4 他們的行為不能使他們歸向天主,因為邪淫的心神潛伏在他們內,致使他們不認識天主。
Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a, paske, yon lespri pwostitisyon rete anndan yo. Yo pa konnen SENYÈ a.
5 以色列的傲氣呈現他們臉上,厄弗辣因因自己的罪孽而,連猶大也與他們一同跌倒。
Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li. Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo. Anplis, Juda va tonbe avèk yo.
6 縱使他們牽牛帶羊去尋求上主,但仍然尋不著,因為衪早已遠離了他們。
Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo pou y al chache SENYÈ a, men yo p ap jwenn Li. Li te retire tèt Li kite yo.
7 他們背叛了上主,由此他們生了私生子。看,毀滅者必要併舌他們和他們的基業。
Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.
8 你們要在基貝亞吹角,在辣瑪吹號,在貝特阿文 發出驚報,本雅明便要驚惶失措。
“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. Sone alam Beth-Aven nan: Dèyè ou, Benjamin!
9 在懲罰之日,厄弗辣因將變成一片荒涼;對以色列各支派,我要宣告一件實有的事
Éphraïm va vin yon kote dezole nan jou repwòch la; Pami tribi Israël yo, Mwen deklare sa ki va rive.
10 猶大的首領行事好像是挪移地界的人,所以我要在他們身上發洩卜憤怒,有如倒水一樣。
Prens a Juda yo te vin tankou sila ki deplase Bòn yo; Sou yo, Mwen va vide tout chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
11 厄弗辣因強硬蠻橫,破壞了正義,因為他樂意隨跟送」虛無」。
Éphraïm vin oprime, Li vin kraze nan jijman an, akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
12 由此我對厄弗辣因將像是一個蠹魚,對猶大家將像是一個蛀蟲。 1的創傷
Akoz sa, mwen vin tankou yon papiyon twal pou Éphraïm e tankou pouriti pou lakay Juda.
13 厄弗辣因發現了自己的疾病,猶大看見了自己的創傷,厄弗辣因便去了亞述,猶大遣使往謁大王;可是他不能醫治你們,也不能治愈你們身上的創傷。
“Lè Éphraïm te wè maladi li a, e Juda, jan li te blese a; alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. Li te voye kote Wa Jareb. Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri maleng ou an.
14 因為我對厄弗辣因要像是一隻獅子,對猶大家要像是一隻壯獅;的確,我必撕碎,然後退去;我要 把掠物帶走,誰也不能挽救。
Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale. Mwen va pote ale, e p ap gen moun ki pou delivre.
15 我要去,要回到我的原處,直到他們受了罰,而我的的聖容為止。在他們遇到困難時,他們必要我:
Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”

< 何西阿書 5 >