< 哈巴谷書 3 >

1 哈巴谷的禱詞。調寄「流離之歌。」
Yon priyè Habacuc, pwofèt la, selon fòm Sigonoth la.
2 上主,我聽到了你的報道;上主,我見到你的作為;求你在歲月的過程中,彰顯你的作為,求你在歲月的過程中,宣佈出來! 但願你發怒時,也懷念仁慈。
SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.
3 天主自特曼而來,聖者由帕蘭山而至(休止);衪的威嚴遮蓋諸天,衪的榮耀充滿地。
Bondye soti nan Théman; (Sila) ki Sen an soti nan Mòn Paran. Tan Bèlte Li kouvri syèl la, e tè a vin plen ak lwanj Li.
4 衪的光輝明輝如日;衪手中射出的光芒,蘊藏著衪的威能。
Ekla Li tankou reyon solèy la. Gen tras klate limyè ki soti nan men L, e nanpwen anyen ki kache de pouvwa Li.
5 瘟疾在衪面前開路,熱症隨衪的足後。
Devan Li, tout kalite touman mache; dèyè Li, epidemi a swiv sou pye L.
6 衪一停立,大地就動搖;衪一注視,萬民就戰慄;太古的山嶽崩裂,久遠的丘陵沉沒;衪自永遠即在其上行走。
Li te kanpe; tè a te sikwe. Li te gade; nasyon yo te etone. Wi, lansyen mòn yo te vin detwi, ansyen kolin yo te vin efondre. Chemen li yo dire jis pou tout tan.
7 我曾見雇商的帳幕恐慌,米德揚的帳幕震勫。
Mwen te wè tant a Cush yo anba detrès. Rido tant a Madian yo t ap tranble.
8 上主! 當你騎著馬,乘著凱旋車時,是否是向河流發怒﹖或是向海洋洩憤﹖
Èske SENYÈ a te malkontan ak rivyè yo? Èske se ak rivyè yo Ou te fache? Oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a, ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo, sou cha delivrans Ou yo?
9 你抽出了你的弓弩,囊中裝滿了箭羽(休止);你劈地成河,
Ou te rale banza a soti nan fouwo l; Ou te rele flech ou yo fè semàn an. (Selah) Ou te fann tè a ak rivyè yo.
10 叢山見你而戰慄;驟雨由雲中降下,深潚發出巨響,太陽齔了昇起,
Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble. Flèv dlo yo te kouri desann. Pwofondè a te gwononde. Li te leve men l anlè.
11 月亮停於居所:這是因了你放射箭羽的光芒,你槍矛閃爍的光亮。
Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. Nan eklè flèch Ou yo, ak briyans lans Ou yo, solay ak lalin nan te kanpe sou plas.
12 你懷怒踏遍大地,含恨蹂躝了萬邦。
Nan gwo kòlè Ou, Ou te mache travèse tè a. Nan kòlè Ou, Ou te foule mache sou nasyon yo.
13 你出征是為了你的百姓,是為了你的受傅者;你折毀了惡人的屋頂,使屋基露出,直到磐石(休止)
Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste an. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l. (Selah)
14 你用箭他戰士的頭,因為他們衝來要驅散我們,且高興的有如在暗中吞食貧民的人。
Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo. Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou. Ak gwo lajwa yo te tankou (sila) ki devore malere an sekrè yo.
15 你卻將他的戰馬投入深海,投入多水的沼澤中。
Ou te foule mache sou lanmè a ak cheval Ou yo, sou lam lanmè a k ap boulvèse dlo a.
16 我一聽見,我的我的臟腑發抖;對此消息,我的口脣打顫;痲痺侵入 下骨骸,我的步伐在我下面已零亂。我在靜待那因難的日子,因為那日子必要臨於進攻我們的民族身上。
Mwen te tande, e zantray mwen te tranble. Lèv mwen te tranble ak son vwa a. Pouiti la lantre nan zo m, mwen te tranble sou plas, paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kal, tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.
17 縱然無花果樹不發芽,葡萄樹不結實,橄欖樹一無所產,麥田不出產食糧,羊棧內沒有羊,牛欄中沒有牛,
Menmsi pye fig la pa ta fleri, ni pa gen fwi sou branch rezen yo, menmsi donn oliv la vin sispann, e chan yo pa pwodwi manje, menmsi bann mouton an ta koupe separe de pak la, e pa gen bèf nan pak la,
18 我仍然喜樂於上主,歡欣於我的救主天主。
mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a. Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen. Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
19 我主上主是我的力量,衪使我的腳有如鹿腳,引我在高處步行。──交於樂官,和以絃樂。
Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen. Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf; Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo. Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.

< 哈巴谷書 3 >