< 創世記 38 >

1 那時猶大離開自己的兄弟,下到一個名叫希辣的阿杜藍人那裏住下了。
Epi li te vin rive nan lè sa a ke Judas te kite frè l yo, pou te vizite yon sèten Adilamit ki te rele Hira.
2 猶大在那裏看見了一個名叫叔亞的客納罕人的女兒,就娶了她,親近了她。
La, Juda te wè fi a yon sèten Kananeyen ki te rele Schua. Li te pran li e te antre an relasyon ak li.
3 她遂懷孕,生了一個兒子,給他起名叫厄爾。
Konsa, li te vin ansent, li te fè yon fis, e li te nonmen li Er.
4 她又懷孕,生了一個兒子,給他起名叫敖難。
Epi li te vin ansent ankò, li te bay yon fis, ki te nonmen Onan.
5 以後她又生了一個兒子,給他起名叫舍拉;生他的時候,猶大正在革齊布。
Li te fè toujou yon lòt fis, e li te nonmen li Schéla. Li te nan Czib lè li te fè li.
6 猶大給自己的長子厄爾娶了妻子,名叫塔瑪爾。
Alò, Juda te pran yon madanm pou Er, premye ne li a, e non li te Tamar.
7 猶大的長子厄爾行了上主所厭惡的事,上主就叫他死了。
Men Er, premye ne a Juda a te mechan nan zye a SENYÈ a e SENYÈ a te pran vi li.
8 於是猶大對敖難說:「你去與你哥哥的妻子親近,與她盡你為弟弟的義務,給你哥哥立後。」
Konsa, Juda te di a Onan: “Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.”
9 敖難明知後裔不歸自己,所以當他與哥哥的妻子結合時,便將精液遺洩於地,免得給自己的哥哥立後。
Onan te konnen ke posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li.
10 他作這事,為上主所厭惡,上主就叫他死了。
Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te pran vi li tou.
11 猶大於是對兒子塔瑪爾說:「你回到你父親家中去守寡,直到我兒子舍拉長大成人。」因為他心裏想:「恐怕他也如同他哥哥一樣死去。」塔瑪爾就回去,住在自己父親的家裏。
Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.
12 過了幾年,猶大的妻子叔亞的女兒死了。喪期過後,猶大便同自己的朋友阿杜藍人希辣,上提默納黑去剪羊毛。
Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès alanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.
13 有人告訴塔瑪爾說:「你公公現正上提默納黑去剪羊毛。」
Konsa, yo te di a Tamar: “Veye byen, bòpè ou ap monte vè Thimna pou taye lenn mouton li yo.”
14 塔瑪爾遂脫去守寡的衣服,蒙上首帕,遮掩自己,坐在通往提默納黑大道去厄納殷的路口上;--原來她見舍拉已經長大,還沒有娶她為妻。--
Alò, li te retire vètman vèv li a, li te kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna. Paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante li devan li kòm madanm.
15 猶大一看見她,以為她是個妓女,因為她遮蓋了自己的臉。
Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li.
16 猶大便由路上轉到她面前,向她說:「來! 讓我與你親近! 」他並不知她就是自己的兒媳。她答說:「你給我什麼,好與我親近﹖」
Konsa, li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi fi a te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?”
17 猶大答說:「由羊群中取一隻小公山羊送給你。」塔瑪爾說:「你未送來以前,你應給個抵押。」
Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.” Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?”
18 猶大問說:「我該給你什麼作抵押﹖」她答說:「你的印章,你的繫印帶和你的棍杖。」猶大便交給了她,與她親近了;她於是由他懷了孕。
Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Konsa, li te bay yo a li menm. Li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm.
19 事後,她起來回家,除掉首帕,再穿上她守寡的衣服。
Tamar te leve ale. Li te retire vwal la, e li te remete vètman a vèv yo.
20 猶大託自己的朋友阿杜藍人送了一隻小公山羊去,好由那女人手中取回抵押;他卻找不到她,
Lè Juda te voye jèn kabrit la ak zanmi li, Adilamit lan, pou resevwa sa ke li te bay kòm sèman an, li pa t twouve li.
21 便問當地人說:「那在厄納殷路旁的廟妓在那裏﹖」人答說:「這裏從來沒有廟妓。」
Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “Pa t gen jennès tanp isit la.”
22 他回來對猶大說:「我找不著她,並且當地的人都說:這裏從來沒有廟妓。」
Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”
23 猶大遂說:「讓她留著罷! 免得我們被人嗤笑。我將小公山羊送了去,可是你沒有找著她。」
Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”
24 大約過了三個月,有人告訴猶大說:「你的兒媳塔瑪爾與人通姦,而且因通姦有了身孕。猶大說:「把她拉出來燒死! 」
Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.” Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e kite yo brile li.”
25 當她被拉出來時,她派人到她公公那裏說:「這些東西是誰的,我就是由誰懷了孕。」並且說:「請你仔細看看這些東西:印章、印帶和棍杖是誰的﹖」
Epi pandan yo t ap mete li deyò, li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Anplis, li te di: “Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès so siyal sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?”
26 猶大仔細一看,就說:「她比我更有理,因為我尚沒有將她嫁給我的兒子舍拉。」他從此以後,再沒有認識她。
Juda te rekonèt yo, e te di: “Li pi jis pase mwen, paske mwen pa t bay li fis mwen an, Schéla.” Epi li pa t gen relasyon avèk li ankò.
27 到了她要生產的時候,腹中竟是一對雙胎。
Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen jimo nan vant li.
28 她正生產時,一個胎兒伸出一手來,收生婆就拿了一根朱紅線繫在他手上說:「這個是先出生的。」
Anplis de sa, li te rive pandan li t ap akouche a ke youn te lonje yon men deyò, e fanm saj la te mare yon fisèl wouj sou men l. Li te di: “Se sila a ki sòti avan”.
29 但是他一收回手去,他的兄弟就出生了;收生婆說:「你為自己開了個怎樣的裂口! 」遂給他起名叫培勒茲。
Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li Pérets.
30 以後,那手上繫有朱紅線的兄弟也出生了,遂給他起名叫則辣黑。
Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l, e li te nonmen li Zerah.

< 創世記 38 >