< 創世記 29 >

1 雅各伯取道前行,來到了東方人的地方;
Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou fis a lès yo.
2 舉目看見田間有口井,還有三群羊,臥在井旁。--因為人慣常由這井取水飲羊,井口上蓋著塊大石頭;
Lè li te gade, li te wè yon pwi nan chan an, e gade byen, te gen twa bann mouton ki te kouche la akote li, paske se te avèk pwi sa a ke yo te bay tout bèt yo dlo. Alò, wòch la sou bouch pwi a te byen laj.
3 幾時羊群都聚集在那裏,人就將井口的石頭挪開,取水飲羊;然後再將石頭蓋在井口原處。
Lè tout bèje mouton yo te rasanble la, yo te konn woule wòch la sòti nan bouch pwi a, pou te bay mouton yo dlo, e te remete wòch la nan plas li sou bouch pwi a.
4 雅各伯對他們說:「弟兄們,你們是那裏的﹖」他們答說:「我們是哈蘭人。」
Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Yo te reponn: “Nou sòti nan Charan.”
5 雅各伯問他們說:「你們認識納曷爾的兒子拉班嗎﹖」他們答說:「我們認識。」
Li te di yo: “Èske nou konnen Laban, fis Nachor a?” Epi yo te di: “Nou konnen li.”
6 雅各伯又問說:「他好嗎﹖」他們答說:「他好。看,那不是他的女兒辣黑耳領著羊群來了。」
Li te mande yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te reponn: “Wi, tout bagay ale byen pou li. Men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.”
7 雅各伯說:「看,太陽還很高,尚不到聚集家畜的時候,你們取水飲了羊,然後再領去牧放。」
Li te di: “Gade byen, li toujou gwo lajounen; li poko lè pou rasanble bèt. Bay bèt yo dlo, e mete yo nan patiraj toujou.”
8 他們回答說:「不能夠;因為除非等所有羊群都聚集起來,才可挪開井口的石頭,取水飲羊。」
Men yo te di: “Nou pa kapab jiskaske tout bèje mouton yo fin rasanble, e yo woule wòch la sòti nan bouch pwi a. Se nan lè sa a nou va bay mouton yo dlo.”
9 他還同他們說話的時候,辣黑耳領著他父親的羊群到了;因為她是個牧羊女。
Pandan li t ap pale avèk yo, Rachel te parèt avèk mouton papa l yo, paske li te yon bèje.
10 雅各伯一見了舅父拉班的女兒辣黑耳,和舅父拉班的羊群,就上前去,挪開井口的石頭,取水飲他舅父拉班的羊。
Lè Jacob te wè Rachel, fi Laban an, frè manman li, ak mouton Laban yo, frè manman l, Jacob te pwoche. Li te woule wòch la sòti nan pwi a, e li te bay dlo a bann mouton Laban an, frè manman l lan.
11 然後雅各伯口親辣黑耳,放聲大哭,
Epi Jacob te bo Rachel. Li te leve vwa li, e li te kriye.
12 告訴辣黑耳,自己是她父親的外甥,黎貝加的兒子。辣黑耳便跑回去,告訴她父親。
Jacob te di Rachel ke li te yon moun fanmi papa l, e ke li te fis a Rebecca. Li te kouri di papa l sa.
13 拉班一聽得了關於他外甥雅各伯的消息,就跑來迎接他,抱住他,親他,領他到自己的家中。雅各伯遂將所遇的事全告訴了拉班。
Alò, lè Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo.
14 拉班對他說:「你實在是我的骨肉。」雅各伯遂同他住下了。過了一月,
Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.
15 拉班對雅各伯說:「豈可因為你是我的外甥,就該白白服事我﹖告訴我,你要什麼報酬﹖」
Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?”
16 拉班有兩個女兒:大的名叫肋阿,小的名叫辣黑耳。
Alò, Laban te gen de fi. Non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel.
17 肋阿雙眼無神;辣黑耳卻相貌美麗;
Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te byen bèl nan figi l, ni nan fòm li.
18 為此雅各伯喜愛辣黑耳,遂回答說:「我願為你小女兒辣黑耳服事你七年。」
Alò Jacob te renmen Rachel, e konsa li te di: “Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.”
19 拉班答說:「我將她給你,比給外人好;你就同我住下。」
Laban te di: “Li pi bon pou m bay ou li pase pou m ta bay li a yon lòt gason. Rete avè m.”
20 這樣,雅各伯為得到辣黑耳,服事了拉班七年;由於他喜愛這少女,看七年好像幾天。
Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li.
21 雅各伯遂對拉班說:「期限已滿,請將我的妻子給我,我好與她親近。」
Konsa, Jacob te di a Laban: “Ban mwen madanm mwen, paske tan mwen an gen tan fin konplete, pou m kapab antre nan relasyon avè l.”
22 拉班也請了當地所有的人士,擺了婚宴。
Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt.
23 到了晚上,他卻將自己的女兒肋阿,引到雅各伯前,雅各伯就親近了她。--
Men nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote Jacob. Li te antre an relasyon avèk li.
24 拉班且將自己的婢女齊耳帕給了女兒肋阿作婢女。--
Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant.
25 到了早晨,他一見是肋阿,便對拉班說:「你對我作的是什麼事﹖我服事你,豈不是為了辣黑耳﹖你為什麼欺騙我﹖」
Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
26 拉班回答說:「我們這地方沒有先嫁幼女,而後嫁長女的風俗。
Men Laban te di: “Se pa koutim peyi nou pou fè maryaj a pi jèn nan avan premye ne a.
27 你同長女滿了七天以後,我也將幼女給你,只要你再服事我七年。」
Konplete semèn nan avèk sila a, e nou va bay ou lòt la tou; pou sèvis sa a, ou va sèvi m yon lòt sèt ane.”
28 雅各伯就這樣做了。與肋阿滿了七天以後,拉班便將自己的女兒辣黑耳給了他為妻。--
Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li.
29 拉班且將自己的婢女彼耳哈給了女兒辣黑耳作婢女。--
Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li.
30 雅各伯也親近了辣黑耳,而且他愛辣黑耳甚於肋阿;於是又服事了拉班七年。
Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.
31 上主見肋阿失寵,便開了她的胎;但辣黑耳卻荒胎不孕。
Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.
32 肋阿懷孕生了一子,給他起名叫勒烏本,說:「上主垂視了我的苦衷,現在我的丈夫會愛我了。」
Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.”
33 她又懷孕生了一子,說:「上主聽說我失了寵,又給了我一個。」遂給他起名叫西默盎。
Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: “Akoz ke SENYÈ a te tande ke mwen te rayi, pou sa Li te ban mwen fis sila a osi.” Alò, li te bay li non Siméon.
34 她又懷孕生了一子,說:「這次,我的丈夫可要戀住我了,因為我已給他生了三個兒子。」遂給他起名叫肋未。
Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Alò fwa sa a mari mwen va vin atache a mwen, paske mwen te fè twa fis pou li.” Pou sa, li te nonmen li Lévi.
35 她又懷孕生了一子,說:「這次我要讚頌上主。」為此給他起名叫猶大。以後就停止生育。
Epi li te vin ansent ankò. Li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Juda. Epi konsa, li te vin sispann fè pitit.

< 創世記 29 >