< 創世記 27 >
1 依撒格年紀已老,雙目失明,看不見了,遂叫了他的大兒厄撒烏來,對他說:「我兒! 」他回答說:「我在這裏。」
Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo. Li te di li: “Fis mwen.” Ésaü te reponn li: “Men mwen.”
Isaac te di: “Gade byen, koulye a, mwen vin vye. Mwen pa konnen jou ke m ap mouri an.
Ebyen, souple pran flèch ou yo avèk banza ou, e ale nan chan pou fè lachas jibye pou mwen.
4 照我的嗜好給我作成美味,拿來給我吃,好叫我在未死以前祝福你。」
Prepare yon manje ki gen bon gou, jan ou konnen ke m renmen li an, e pote ban mwen pou m kab manje, pou nanm mwen kapab beni ou avan ke m mouri.”
5 依撒格對他的兒子厄撒烏說這話時,黎貝加聽見了。厄撒烏就到田間去給父親打獵,
Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay,
6 黎貝加對自己的兒子雅各伯說:「我聽見你父親對你哥哥厄撒烏說:
Rebecca te di fis li a, Jacob: “Veye byen, mwen te tande papa ou pale ak frè ou a Ésaü. Li te di:
7 你去給我打點獵物來,作成美味,叫我吃了,好在死前當著上主的面祝福你。」
‘Pote pou mwen kèk jibye e prepare yon manje bon gou pou mwen, pou mwen kapab manje, e beni ou nan prezans SENYÈ a, avan ke m mouri.’
Alò, pou sa, fis mwen, koute lòd ke mwen pral ba ou a.
9 到羊群裏去,給我拿兩隻肥美的小山羊來,我要照你父親的嗜好,給他作成美味,
Ale koulye a, ale nan bann twoupo a. Chwazi de jèn kabrit ladann, pou m kapab prepare yo kòm yon bon manje pou papa ou, jan li renmen li an.
Konsa, ou va pote li bay papa ou, pou li kapab manje, pou li kapab beni ou avan ke li mouri”.
11 雅各伯對母親黎貝加說:「但是我哥哥渾身是毛,我卻皮膚光滑,
Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan byen kouvri avèk plim, e po m byen swa.
12 萬一我父親摸我,必以為我哄騙他,我必招來咒罵,而不是祝福。」
Petèt papa m va manyen m. Konsa, mwen ta vin tankou yon twonpè nan zye li, e mwen ta rale sou mwen yon madichon olye yon benediksyon.”
13 母親對他說:「我兒,咒罵歸於我,你只管聽我的話,去給我拿來。」
Men manman li te di li: “Ke madichon ou tonbe sou mwen, fis mwen! Sèlman obeyi vwa m, e ale chache yo pou mwen.”
14 他遂拿了來,交給了他的母親,他母親就照他父親的嗜好作成了美味。
Li te ale chache yo e te pote yo bay manman l. Manman l te fè yon manje bon gou jan papa l te renmen an.
15 黎貝加又將家中所存的大兒厄撒烏最好的衣服,給她小兒雅各伯穿上;
Alò, Rebecca te pran pi bon vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a.
16 又用小山羊的皮,包在他的手上和他光滑的頸上,
Li te mete po kabrit sou men li, ak nan pati kou li ki te swa.
17 然後將自己作好的美味和餅,放在他兒子雅各伯的手裏。
Osi li te bay Jacob, fis li a, manje bon gou a avèk pen ke li te fè a.
18 雅各伯來到他父親前說:「我父! 」他答說:「我在這裏! 我兒,你是誰﹖」
Konsa, li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.” Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”
19 雅各伯對父親說:「我是你長子厄撒烏。我已照你吩咐的作了。請坐起來,吃我作的野味,好祝福我。」
Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”
20 依撒格對他兒子說:「我兒! 你怎麼這樣快就找著了﹖」雅各伯答說:「因為上主你的天主使我碰得好。」
Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.”
21 依撒格對雅各伯說:「我兒! 你前來,讓我摸摸,看你是不是我兒厄撒烏﹖」
Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.”
22 雅各伯就走近他父親依撒格前;依撒格摸著他說:「聲音是雅各伯的聲音,手卻是厄撒烏的手。」
Jacob te pwoche papa li. Li te manyen li, e te di: “Vwa a se vwa a Jacob, men men yo se men Ésaü.”:
23 依撒格沒有分辨出來,因為他的手,像他哥哥厄撒烏的手一樣有毛,就祝福了他。
Li pa t rekonèt li, paske men li te kouvri avèk plim tankou men frè l la, Ésaü. Epi akoz sa, li te beni li.
24 隨後說:「你真是我兒厄撒烏嗎﹖」雅各伯答說:「我是。」
Li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?” Epi li te reponn: “Se Mwen.”
25 依撒格說:「我兒! 遞給我,叫我吃了你作的野味,好祝福你。」雅各伯於是遞過去,他吃了;又給他拿了酒來,他也喝了。
Konsa, li te di: “Pote ban mwen, e mwen va manje nan jibye fis mwen an, pou m kapab beni ou.” Li te pote ba li, e li te manje. Li te osi pote diven e li te bwè.
26 他父親依撒烏就對他說:「我兒! 你前來吻我。」
Epi Isaac, papa li, te di li: “Souple, pwoche pou bo m, fis mwen.”
27 他就前去吻了父親。他父親一聞到他衣服上的香氣,就祝福他說:「看! 我兒子的香氣,像上主祝福的肥田的香氣。
Li te vin pre, e te bo li. Lè li te santi sant vètman li, li te beni li, e te di: “Ou wè, sant fis mwen an tankou sant a yon chan ke SENYÈ a te beni.
28 惟願天主賜與你天上的甘露,土地的肥沃,五穀美酒的豐裕!
Koulye a, ke Bondye kapab ba ou lawouze syèl la, ak grès tè a, anpil sereyal chan avèk diven nèf.
29 願眾民福事你,萬國叩拜你! 願你作你兄弟的主人,你母親的兒子叩拜你! 凡詛咒你的,必受詛咒;凡祝福你的,必受祝福。」
Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”
30 依撒格一祝福了雅各伯,雅各伯剛由他父親依撒格面前出來,他哥哥厄撒烏打獵回來了。
Depi li rive ke Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas.
31 他也作了美味,給他父親端來,對他父親說:「我父! 請起來吃,你兒預備的野味,好祝福我。」
Li menm tou te fè manje bon gou, e li te pote l bay papa l. Li te di a papa l: “Ke papa m leve manje nan jibye fis li a, pou ou kapab beni mwen.”
32 他父親依撒格對他說:「你是誰﹖」他答說:「我是你兒,你長子厄撒烏。」
Isaac, papa li te di: “Kilès ou ye?” Konsa, li te di: “Mwen se fis ou, premye ne a, Ésaü.”
33 依撒格不禁戰慄起來,驚問說:「那麼,是誰打了獵物給我送了來﹖並且在你未來以前,我已吃了,已祝福了他;他從此必蒙祝福。」
Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? Wi, e li va beni.”
34 厄撒烏一聽見他父親說出這話,就放聲哀號,對他父親說:「我父,請你也祝福我! 」
Lè Ésaü te tande pawòl a papa li yo, li te kriye avèk gwo kri ak yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.”
35 父親答說:「你弟弟用詭計來奪去了你的祝福。」
Men li te reponn: “Frè ou a te vini twonpe m, e li te rache benediksyon ou an.”
36 厄撒烏說:「他不是名叫雅各伯嗎﹖他已兩次欺騙了我:以前奪去了我長子的名分,現在又奪去了我的祝福。」繼而問說:「你沒有給我留下祝福嗎﹖」
Li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?”
37 依撒格回答厄撒烏說:「看,我已立他作你的主人,將所有的兄弟都給他作僕人,將五穀美酒都供給他了。我兒,我還能為你作什麼﹖」
Isaac te reponn Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li, mwen te bay li yo kòm sèvitè. Avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?”
38 厄撒烏對父親說:「我父,你只有一個祝福嗎﹖我父,你也得祝福我。」厄撒烏就放聲大哭。
Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Konsa, Ésaü te leve vwa l e te kriye.
39 他父親依撒格回答他說:「看,你住的地方必缺乏肥沃的土地,天上的甘露。
Alò, Isaac, papa l te reponn e te di li: “Gade byen, nan grès bon tè fètil ou va rete, e lwen lawouze k ap soti anwo syèl la.
40 你要憑仗刀劍生活,要服事你的弟弟;但你一強盛起來,將由你的頸上擺脫他的束縛。」
Pa nepe ou, ou va viv, e frè ou a, ou va sèvi li. Men li va rive ke lè ou vin toumante, ou va kase jouk la sou kou ou.”
41 厄撒烏因為他父親祝福了雅各伯,便懷恨雅各伯,心下思念說「為父親居喪的日期已近,到時我必要殺死我弟弟雅各伯。」
Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”
42 有人告訴了黎貝加他大兒子厄撒烏所說的話;她便派人叫了她小兒雅各伯來,對他說:「看,你哥哥厄撒烏想要殺你洩恨。
Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.
43 現在,我兒! 你得聽我的話,起身逃往哈蘭我哥哥拉班那裏去,
Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban!
Rete avè l pandan kèk jou jiskaske kòlè frè ou a vin bese,
45 幾時你哥哥對你息了怒,忘了你對他作的事,我就派人去,從那裏接你回來。為什麼我在一日內要喪失你們兩個人呢﹖」
jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”
46 黎貝加就對依撒格說:「為了這兩個赫特女人,我厭惡得要死;假使雅各伯也從這地的女人中娶一個像這樣的赫特女人為妻,我還活著做什麼﹖」
Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo. Si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?”