< 創世記 20 >
1 亞巴郎從那裏遷往乃革布地,定居在卡德士和叔爾之間。當他住在革辣爾時,
Abraram kite Manmre, li pati, li ale Negèv, li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a,
2 亞巴郎一論到他的妻子撒辣就說:「她是我的妹妹。」革辣爾王阿彼肋客於是派人來取了撒辣去。
li t'ap di se sè li Sara te ye. Se konsa, Abimelèk, wa peyi Gera a, fè yo mennen Sara ba li.
3 但是夜間,天主在夢中來對阿彼默肋客說:「為了你取來的那個女人你該死,因為她原是有夫之婦。」
Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye.
4 阿彼默肋客尚未接近她,於是說:「我主,連正義的人你也殺害嗎﹖
Men, Abimelèk pa t' gen tan kouche avè Sara. Li di. Mèt, èske w'ap kite yon pèp inonsan peri?
5 那男人不是對我說過「她是我的妹妹嗎﹖」連她自己也說「他是我的哥哥。」我做了這事,是出於心正手潔呀! 」
Se Abraram ki di m' se sè li Sara ye. Sara pou tèt pa l' di m' se frè li Abraram ye. Mwen fè sa m' fè a san ankenn move lide. Mwen konnen mwen pa fè anyen ki mal.
6 天主在夢中對他說:「我也知道,你是出於心正做了這事,所以我阻止了你犯罪得罪我,也沒有讓你接觸她。
Bondye reponn li nan rèv la. Wi. Mwen konnen ou fè sa ou fè a san ankenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen.
7 現在你應將女人還給那人,因為他是一位先知,他要為你轉求,你才可生存;倘若你不歸還,你該知道:你以及凡屬於你的,必死無疑。」
Men sa pou ou fè: renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye. La lapriyè pou ou pou ou pa mouri. Men, si ou pa renmèt li, mwen tout di ou nou pral mouri, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
8 阿彼默肋客很早就起來召集了眾臣僕,將全部實情告訴給他們聽;這些人都很害怕。
Nan maten, bonè bonè, Abimelèk rele tout domestik li yo, li rakonte yo tout bagay. Yo tout yo te pè anpil.
9 然後阿彼默肋客叫了亞巴郎來,對他說:「你對我們作的是什麼事﹖我在什麼事上得罪了你,竟給我和我的王國招來了這樣大的罪過﹖你對我作了不應該作的事。」
Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l'. Kisa ou fè nou konsa? Kisa m' fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gen dwa fè.
10 阿彼默肋客繼而對亞巴郎說:「你作這事,究有什麼意思﹖」
Abimelèk di Abraram ankò. Poukisa ou fè sa ou fè a?
11 亞巴郎答說:「我以為在這地方一定沒有人敬畏天主,人會為了我妻子的緣故殺害我。
Abraram reponn li. Mwen te di nan kè m' pa gen moun ki gen krentif pou Bondye bò isit la. Mwen tè kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen.
12 何況她實在是我的妹妹,雖不是我母親的女兒,卻是我父親的女兒;後來做了我的妻子。
Men, se vre wi, se sè m' li ye. Nou menm papa, men nou pa menm manman. Epi se madanm mwen li ye tou.
13 當天主叫我離開父家,在外飄流的時候,我對她說:我們無論到什麼地方,你要說我是你的哥哥,這就我是你待我的大恩。」
Se konsa, lè Bondye fè m' kite lakay papa m' pou m' al nan peyi etranje yo, mwen di Sara: m'ap mande ou pou rann mwen yon sèvis? Si ou renmen m' vre, tanpri, kote ou pase, se pou di se frè ou mwen ye.
14 阿彼默肋客把些牛羊奴婢,送給了亞巴郎,也將他的妻子撒辣歸還了他;
Lè sa a, Abimelèk renmèt Sara bay Abraram. Anmenmtan li ba li mouton, bèf ak domestik, fanm kou gason, pou sèvi l'.
15 然後對他說:「看,我的土地盡在你面前,你願住在那裏,就住在那裏。」
Li di Abraram. Gade! tout peyi m' lan devan ou. Rete kote ki fè ou plezi.
16 繼而對撒辣說:「看,我給了你哥哥一千銀子,作為你在闔家人前的遮羞錢;這樣,各方面無可指摘。」
Epi li di Sara. Mwen bay frè ou la mil (1.000) pyès lajan. Se pou sa ka fè moun ki la avè ou yo bliye sak te rive ou. Konsa, tout moun va konnen ou pa t' fè anyen ki mal.
17 亞巴郎懇求了天主,天主就醫好了阿彼默肋客,他的妻子和他的眾婢女,使她們都能生育,
Abraram lapriyè pou Abimelèk, epi Bondye geri li. Bondye geri madanm li tout ansanm ak medam k'ap travay lakay li pou yo kapab fè pitit ankò.
18 因為上主為了亞巴郎妻子撒辣的事,關閉了阿彼默肋客家中所有婦女的子宮。
Poutèt sa ki te rive Sara, madanm Abraram lan, Seyè a te fè tout fanm lakay Abimelèk pa t' kapab fè pitit.