< 以西結書 5 >

1 「人子,你拿一把快刀,當理髮的剃刀用,剃去你的頭髮和鬍鬚,然後拿一個天平,分開那些鬚髮。
“Pou ou menm, Fis a lòm, pran yon nepe byen file. Pran l pou sèvi kon razwa sou tèt ou ak bab ou. Epi pran yon balans pou peze e divize cheve a.
2 等被困的日子一滿,把三分之一在城內用火燒掉;再拿三分之一在城四周用劍擊砍;其他三分之一,要揚在風中,我要拔出劍來追趕他們。
Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van. Konsa, Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo.
3 但你要從鬍鬚中取出幾根來,繫在你的衣服邊上,
Pran osi, kèk grenn nan cheve a, pa anpil, e mare yo nan pwent wòb ou.
4 再從其中取出幾根投入火中,讓火燒掉;然後你向以色列全家說:
Ankò, pran kèk nan yo pou jete nan dife, e brile yo nan dife a. Soti nan li, yon dife va gaye rive nan tout lakay Israël la.
5 吾主上主這樣說:這就是耶路撒冷! 我將她安置在萬民之中,使萬國環繞著她;
“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sa se Jérusalem. Mwen te mete li nan mitan a nasyon yo ak peyi ki antoure li yo.
6 但是她違背了我的法令,作惡甚於異民,違背我的法律甚於環繞她的列國,因為她們輕視了我的法令,沒有照我的法律行事。
Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo, e kont règleman Mwen yo, plis ke peyi ki antoure li yo. Paske yo te rejte lòd Mwen yo, e pa t mache nan règleman Mwen yo.’
7 為此,吾主上主這樣說:因為你們比環繞你們的異民更為叛逆,沒有照我的法律行事;沒有遵行我的法令,也沒有按照環繞你們異民的法律行事;
“Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou gen plis twoub pase nasyon ki te antoure ou yo, ou pa t mache nan règleman Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd a nasyon ki te antoure ou yo’;
8 因此吾主上主這樣說:看,我要親自對付你;在你中間,在異民眼前實行懲罰。
akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen, Mwen menm kont ou, e Mwen va egzekite jijman pami nou pou tout lòt nasyon yo ka wè.
9 為了你的一切醜惡,我要對你實習未曾實行過的,將來也不會實行的事;
Akoz tout abominasyon nou yo, Mwen va fè pami nou sa ke Mwen pa t fè, e tankou sa Mwen p ap janm fè ankò.
10 在你境內,為父的要吃自己的兒子,為子的要吃自己的父親。我必如此在你境內實行懲罰,且把遺民分散到四方。
Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van.
11 為此我指著我的生命起誓說:──吾主上主的斷語──因為你用你的一切可憎和可惡之物玷污了我的聖所,我必將你剷除,我的眼決不憐視,一點也不憐惜。
Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn.
12 你三分之一的人民要在你境內死於瘟疫,亡於饑荒;另三分之一,在你四周各地喪身刀下;其他三分之一,我要分散到各地。我且拔出劍來追趕他們。
Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”
13 這樣,我的忿怒纔可以發洩,我的怒火在他們身上纔會平息,得到了報復;當我的憤怒在他們身上發洩時,他們要承認我,上主,在妒火中講了話。
Konsa, kòlè M va achevi. Mwen va satisfè gwo mekontantman Mwen sou yo, e Mwen va satisfè. Epi yo va vin konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Mwen te pale ak zèl lè Mwen te achevi kòlè Mwen sou yo a.
14 我要使你成為荒野,使你在環繞你的異民前,和所有的過客前,成為辱罵的對象。
“‘Anplis, Mwen va fè ou vin yon kote dezole ak yon objè repwòch pami nasyon ki antoure ou yo, nan zye a tout sila ki pase la yo.
15 當我大發憤怒,以嚴厲的懲罰在你身上施行裁判時,你就成為環繞你的異民凌辱、恥笑、警戒和警駭的對象:這是我上主說的。
Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kontra ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale—
16 當我向你們射出饑荒的毒箭──射出毀滅的箭,毀滅你們時──我必使饑荒在你們境內更加嚴重,斷絕你們的糧源。
lè Mwen voye kont yo flèch mechan yo, kon gwo grangou a, yon flèch ki te voye pou detwi nou. Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e va kase retire sous pen an.
17 我必使饑荒和猛獸危害你們,掠去你們的子女,並使瘟疫和血案在你境內盛行,還有刀兵來打擊你:這是我上主說的。」
Anplis, Mwen va voye sou ou gwo grangou, ak bèt sovaj yo e yo va fè ou soufre gwo pèt. Epidemi ak vèse san va rive sou ou. Mwen va mennen nepe sou ou. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale sa a.’”

< 以西結書 5 >