< 以西結書 43 >

1 領我到了面朝東的門那裏。
Nan lè sa a, li te mennen m nan pòtay la; pòtay ki gen fas li vè lès la;
2 看,以色列天主的光榮由東方而來,有一種響聲,像大水的澎湃聲,大地也因他的光榮而炫耀。
Epi gade byen, glwa Bondye Israël la t ap vini soti nan chemen lès la. Vwa Li te tankou son anpil dlo; epi tè a te limen ak glwa Li.
3 我所見的神視與我前次來摧毀城市時所見的神視相似,神視的情形也與我以前在革巴爾河畔所見的神視一樣。於是我就伏地掩面。
Epi se te tankou vizyon ke m te fè a, tankou vizyon ke m te fè lè Li te vini pou detwi vil la. Epi vizyon yo te tankou vizyon ke m te fè bò kote rivyè Kebar a; epi mwen te tonbe sou figi m.
4 上主的光榮由朝東的門進入聖殿。
Konsa, glwa SENYÈ a te vini nan kay la pa chemen pòtay ki te gen fas li vè lès la.
5 神力將我提起,領我進入內院。看,上主的充滿了聖殿。
Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
6 當那人站在我身旁時,我聽見殿內有一位向我說話的,
Nan lè sa a, mwen te tande yon moun ki t ap pale ak mwen soti nan kay la, pandan yon nonm te kanpe akote mwen.
7 對我說:「人子,這是安放我寶座的地方,這是我腳掌所踏的地方,我願在這裏永遠住在以色列子民中。以色列家族,他們和他們的的君王,不再以淫亂和自己君王的屍體,玷污我的聖名。
Li te di mwen: “Fis a lòm, sa se plas pou twòn Mwen an, ak plas machpye Mwen an, kote Mwen va demere pami fis Israël yo jis pou tout tan. Lakay Israël p ap souye non sen Mwen an ankò, ni yo menm ni wa yo, pa zak pwostitisyon yo, e pa kadav a wa yo lè yo fin mouri,
8 因為他們靠著我的門限安置他們的門限,在我與他們之間僅有一牆之隔。他們曾以自己所行的邪惡之事玷污了我的聖名,為此,我發怒將他們予以消滅。
lè yo te mete papòt pa yo akote papòt pa Mwen, poto pòt pa yo akote poto pòt pa Mwen. Te gen yon miray ki te antre Mwen ak yo. Epi yo te souye non sen Mwen an ak abominasyon ke yo te komèt yo. Pou sa, Mwen te konsonmen yo nan gwo kòlè Mwen.
9 現今他們要從我面前,除去他們的淫亂和君王的屍體,這樣我要永遠住在他們中。
Koulye a, kite yo mete akote zak pwostitisyon yo ak kadav a wa yo byen lwen Mwen. Konsa, Mwen va demere pami yo jis pou tout tan.”
10 人子,你要向以色列家族闡述這聖殿,使他們對自己的所行感到慚愧;闡述聖殿的完美和構造,
“Pou ou menm, fis a lòm, bay detay a tanp lan a lakay Israël, pou yo ka wont de inikite yo; epi kite yo mezire plan an.
11 叫他們對自己的所行的醜事而感到慚愧。你要劃出殿的圖形、結構、出路、進口和所有的式樣,並將各種規定和和種法律告知他們,在他們眼前寫出好叫他們遵守各種法律和規定,一一奉行。
Si yo vin wont de tout sa ke yo te fè yo, fè yo konnen dizay kay la, fòm li, antre ak sòti li yo, dizay li, tout règleman ak tout lwa li yo. Ekri li devan zye yo pou yo ka wè tout dizay ak tout règleman li yo pou fè yo.
12 這是關於聖殿的規定:山頂周圍所有之地,是神聖不可侵犯的。
“Sa se lwa kay la: tout espas toutozanviwon anwo mòn nan va sen pase tout kote. Gade byen, sa se lwa kay la.”
13 祭壇按肘──肘為一肘加一掌──的尺寸如下:底座高一肘,邊寬一肘,在底座四周邊緣有一掌深的溝漕:這是壇座。
“Epi sa yo se mezi lotèl la an koude (koude ki se yon koude plis mezi yon pla men): baz la va yon koude, lajè a va yon koude e arebò sou akote a va anviwon yon anpan; epi sa va wotè a baz lotèl la.
14 地上的底座到下層台座高二肘,邊寬一肘;從小台座到大台座高四肘,邊寬一肘。
Soti nan baz atè a pou rive piba ankadreman an, li va de koude, e lajè a va yon koude; epi soti nan pi piti ankadreman an pou rive nan pi gran ankadreman an, li va kat koude e lajè a va yon koude.
15 至於壇爐,高四肘;壇爐之上有四個角突出,高一肘。
Fou chofaj lotèl la va kat koude; epi soti nan fou chofaj la, kat kòn yo va monte anwo a.
16 壇爐一二肘畏,十二肘寬;四面成一正方形。
Alò, fou lotèl la va longè a douz koude pa douz nan lajè, ak kare nan kat kote li yo.
17 台座十四肘長,面面共十四肘寬;四周有半肘的溝槽;周圍還有寬一肘的底座。石階向東。
Ankadreman an va katòz koude nan longè, katòz nan lajè nan kat kote li yo, arebò li va mwatye koude a e baz li va yon koude toutozanviwon li; epi eskalye li yo va bay fas vè lès.”
18 以後他向我說:「人子,吾主上主這樣說:祭壇造成之日,在上面獻全燔祭和灑血的規定如下:
Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sila yo se règleman pou lotèl la nan jou ke li bati a, pou ofri ofrann brile sou li e pou flite san sou li.
19 你應給那走近我事奉我的匝多克的後裔肋未司祭──吾主上主的斷語──一頭牛犢,獻為贖罪祭。
‘Ou va bay a prèt Levit ki sòti nan fanmi Tsadok yo, ki rapwoche de Mwen pou fè sèvis Mwen yo,’ deklare Senyè BONDYE a, ‘yon jenn towo pou yon ofrann peche.
20 你要取血塗在祭壇的四角,台座的四角和周圍的溝槽上,應這樣為祭壇贖罪取潔。
‘Ou va pran kèk nan san li, mete li sou kat kòn yo, sou kat kwen ankadreman an ak toutotou arebò a. Konsa, ou va fè l vin pwòp e fè ekspiyasyon pou li.
21 此外,再取一頭公牛作贖罪祭,在聖殿固定的地方,聖所之外,將牠焚化。
Ou va, anplis, pran towo pou ofrann peche a, e li va vin brile nan kote ki chwazi nan kay la deyò sanktiyè a.
22 第二天要獻一隻無瑕的小公山羊為贖罪祭,如獻公牛犢所行的一樣,為祭壇取潔。
“‘Nan dezyèm jou a, ou va ofri yon mal kabrit san defo kon ofrann peche, e yo va netwaye lotèl la jan yo te netwaye li ak towo a.
23 你行完贖罪祭之後,應獻一頭無瑕的公牛和羊群中一隻無瑕瑕的公羊,
Lè ou fin netwaye li, ou va prezante yon jenn towo san defo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an.
24 把牠獻在上主前,司祭在上面撒上鹽,獻予上主為全燔祭。
Ou va prezante yo devan SENYÈ a; prèt yo va jete sèl sou yo e yo va ofri yo kon ofrann brile a SENYÈ a.
25 七天之久,你應每天獻一隻公山羊為贖罪祭,還應獻一頭公牛和羊群中一隻公羊,都應純潔無瑕。
“‘Pandan sèt jou, ou va prepare chak jou yon kabrit kon ofrann peche; anplis, yon jenn towo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an, va vin prepare.
26 七天之久為祭壇贖罪取潔,予以祝聖。
Pandan sèt jou, yo va fè ekspiyasyon pou lotèl la e fè l vin pwòp; se konsa yo va konsakre li.
27 這日期滿了,即第八日及以後,司祭才可以在祭壇上奉獻你們的全燔祭與和平祭,如此我才喜悅你們──吾主上主的斷語。」
Lè yo fin konplete nonb de jou yo, li va rive ke nan uityèm jou a e kontinye, prèt yo va ofri ofrann brile pa nou an sou otèl la ak ofrann lapè nou yo. Konsa, Mwen va aksepte nou,’ deklare Senyè BONDYE a.’”

< 以西結書 43 >