< 以西結書 41 >

1 他領我到了聖所,量了壁柱,兩邊,各厚六肘;
Apre sa, nonm lan fè m' antre nan tanp lan, nan gwo pyès mitan tanp lan, kote ki apa pou Bondye a. Li mezire koridò kote pou antre ladan l' lan. Li jwenn li te gen dis pye longè,
2 門口寬十肘;門口兩邊的牆,各為五肘;他又量了聖所的長度為四十肘,寬為二十肘。
dizwit pye lajè. Miray ki chak bò yo te gen wit pye epesè. Li mezire chanm lan anndan anndan, li jwenn swasantwit pye longè ak trannkat pye lajè.
3 他進到裏面,量了門口的壁柱,厚二肘,入口六肘,門口總寬七肘。
Apre sa, li antre nan dènye pyès dèyè nèt la, li mezire papòt ki bay sou li a. Li te gen twa pye pwofondè, dis pye lajè. Miray chak bò yo te gen douz pye epesè.
4 量了聖所的盡頭長二十肘,寬二十肘。以後對我說:「這是至聖所。」
Li mezire chanm lan. Li te kare kare, trannkat pye chak bò. Chanm sa a te dèyè chanm mitan an. Apre sa, li di m': Isit la se kote yo met apa nèt pou Bondye a.
5 他量了殿牆,厚六肘;沿殿周圍的廂房,寬四肘。
Nonm lan mezire epesè miray anndan tanp lan, li jwenn dis pye. Sou kote Tanp lan, nan mitan miray anndan an ak miray deyò a, te gen yon seri ti pyès ki te fè wonn li. Chak pyès te kare kare, sèt pye chak bò.
6 廂房一層在另一層之上,共三層,每層三十間。廂房周圍靠著殿牆,有突出的牆,為銜接廂房,免得嵌在殿牆內。
Te gen trant chanm anba. Chak chanm sa yo te gen de lòt anwo yo: trant chanm nan premye etaj la, trant lòt chanm nan dezyèm etaj la. Epesè miray deyò Tanp lan te pi piti nan premye etaj la pase anba. Li te pi piti toujou nan dezyèm etaj la pase nan premye a. Konsa, chanm yo te chita sou miray la san yo pa t' bezwen makònen avè l'.
7 廂房越高越寬,因為周圍聖殿的牆越高越窄,為此上邊的房間較寬。人由下層可登至中層,再登往上層。
Lè ou rete deyò w'ap gade, ou wè de miray Tanp lan sanble yo te menm epesè depi anba jouk anwo. Apiye sou miray deyò Tanp lan, te gen de eskalye byen laj pou soti nan chanm anba yo pou moute nan premye etaj la jouk li rive nan dezyèm etaj lan.
8 我見殿周圍有一高台,為廂房的基礎,台腳高一竿,即六肘。
Mwen wè te gen yon teras wit pye lajè ki te fè wonn Tanp lan. Li te menm wotè ak pòtay pyès ki sou kote de miray Tanp lan, ki vle di dis pye pi wo pase fondasyon Tanp lan.
9 廂房的外牆厚五肘。在靠殿的廂房之前的人行道,也寬五肘。
Miray deyò pyès sou kote yo te gen wit pye epesè. Se sou teras la yo pase pou antre nan pyès sou kote yo. Ant teras la
10 廂房之外有二十肘寬的空地,環繞著殿的四周。
ak rès batiman an, te gen yon koulwa trannkat pye lajè, ki te fè wonn Tanp lan.
11 廂房的門向著人行道:一朝北,一朝南;人行道寬五肘。
Te gen yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò nò a ak yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò sid la. Miray ki te fèmen koulwa a te gen wit pye epesè sou tout longè l'.
12 在空地的西面有一建築物:寬七十肘,長九十肘;這建築物周圍的牆厚五肘。
Nan fon lakou dèyè Tanp lan, bò solèy kouche, te gen yon gwo kay sansenkant pye lajè, sanswasannsèz pye longè. Miray li yo te nèf pye epesè toutotou.
13 他量了聖殿,長一百肘:包括空地、建築物和牆,共長一百肘。
Nonm lan mezire Tanp lan sou deyò. Li te gen sanswasantwit pye longè. Soti depi dèyè Tanp lan, travèse espas vid la, rive nan dènye bout kay ki bò solèy kouche a, li jwenn sanswasantwit pye tou.
14 聖殿的前面和東邊的空地,共寬一百肘。
Li mezire tout fasad devan Tanp lan avèk de espas vid chak bò yo, sa ba li sanswasantwit pye tou.
15 他量了聖殿後邊的建築,連空地和牆在內,由這一端到另一端,共長一百肘。至於聖所內部和外邊的門廊、
Li mezire longè kay ki bò solèy kouche a, avèk de galeri yo, yonn chak bò. Sa ba li tou sanswasantwit pye.
16 門框、帶櫺的窗和三面的圍牆,以及門限周圍都鑲上木板,由地到窗──窗是遮蔽的;
Premye pyès devan an, pyès mitan an ak pyès dèyè a ki apa nèt pou Bondye a te gen gwo moso planch plake sou tout palisad yo, depi planche a rive nan fennèt yo. Fennèt yo te fèmen ak yon griyay.
17 直到門上邊,以至殿的內部和外部;周圍所有的,裏面和外面的牆上,都有雕像,
Sou tout miray anndan Tanp lan, depi anba rive depase wotè pòt yo, yo te travay planch yo
18 雕刻著革魯賓和棕櫚枝,棕櫚枝在革魯賓與革魯賓之間;革魯賓有兩個面貌:
pou fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben. Pòtre yo te fè wonn chanm lan nèt, yon pye palmis, yon zanj cheriben, yonn dèyè lòt. Pòtre zanj yo te gen de figi,
19 人的面貌向著這邊的棕櫚枝,獅的面貌向著那邊的棕櫚枝;全殿四周都是這樣。
yon figi moun k'ap gade pye palmis ki sou bò sa a, yon figi lyon k'ap gade pye palmis ki sou lòt bò a. Se konsa pòtre yo te ye sou tout miray la nèt.
20 由地到門上邊,聖所的牆上都雕刻著革魯賓和棕櫚枝。
Depi planche a rive depase wotè pòt yo, sou tout miray la, te gen pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben.
21 聖所的門框是方的。在至聖所前面,有一座看似木頭的祭壇:
Gwo poto ki te devan Tanp lan te kare kare. Devan premye pyès Tanp lan te gen yon bagay ki te sanble
22 高三肘,長寬各二肘;角、底座和鑲板,都是木的。以後他對我說:「這是在上主前的祭桌。」
yon lotèl an bwa. Li te gen senk pye wotè. Anwo lotèl la te kare kare, kat pye chak bò. Pye lotèl la ki te nan kat kwen yo, pyès anba a ak kat sou kote yo, tout te fèt an bwa. Nonm lan di m' konsa: Se tab sa a ki kanpe devan prezans Seyè a.
23 聖所與至聖所各有兩門,
Te gen yon pòt de batan nan bout koridò antre a ki louvri sou pyès mitan an ak yon lòt pòt pi devan ki louvri sou pyès dèyè nèt la.
24 門各有兩扇,每扇又有兩頁;可以摺疊。每一扇門都有兩頁。
Chak pòt te gen de batan ki te louvri nan mitan.
25 門扇上都雕刻著革魯賓和棕櫚枝,像牆上刻的一樣。門廊外的前面有木做的飛簷。
Yo te travay bwa pòt yo tou. Yo te fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben sou tout pòt yo tankou pou miray yo. Yo te mete yon ti twati an bwa ki soti sou deyò devan pòt premye pyès Tanp lan.
26 門廊兩邊與靠殿的廂房牆上,有有櫺的窗和棕櫚枝,還有飛簷。
Sou miray pyès devan an, te gen fennèt ak griyay. Tout mi yo te dekore ak pòtre pye palmis.

< 以西結書 41 >