< 以西結書 39 >

1 「人子,你講預言攻斥哥格說:吾主上主這樣說:默舍客和突巴耳的最高領袖哥格,看,我要攻擊你,
“Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la.
2 我要引誘你,挾持你,使你從極北之地上來,領你到以色列的山上,
Epi Mwen va detounen ou, kontinye wout la, pran ou soti nan kote nò ki pi izole a pou mennen ou kont mòn Israël yo.
3 在那裏我要打掉你左手上的弓,打落你右手上的箭。
Mwen va frape banza ou jis li kite men goch ou, e fè flèch yo tonbe kite men dwat ou.
4 你和你所有的軍隊,以及同你聯合的眾民,都要喪亡在以色列的山上;我要使你成為各種猛禽和野獸的食物。
Ou va tonbe sou mòn Israël yo, ou menm, tout sòlda ou yo ak moun ki avèk ou yo. Mwen va bay ou kon manje a tout kalite zwazo kanivò ak bèt nan chan.
5 你要喪亡在原野之上,這原是我親口說的──吾主上主的斷語──
Ou va tonbe nan chan ouvri, paske se Mwen menm ki fin pale sa,” deklare Senyè BONDYE a.
6 我要使火降到瑪哥格和那些安居在群島的人們身上:如此,他們必承認我是上主。
“Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan il kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
7 我也要在我的百姓以色列中間,顯揚我的聖名,再不讓我的名受到褻瀆:如此,異民便承認我是上主,是以色列的聖者。
“‘“Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la.
8 看,我所說的那一天,已經來近,必要實現──吾主上主的斷語。
Gade byen, sa ap vini e sa va fèt,” deklare Senyè BONDYE a. “Sa se jou nan sila Mwen te pale a.”
9 那時住在以色列各城的人必要出來,點火焚燒武器:有大小盾牌、弓、箭、槍和茅;他們將用來燒火,七年之久。
“‘“Nan lè sa a, sila ki rete nan vil Israël yo va sòti deyò pou limen dife ak zam yo pou brile yo, ni pwotèj yo, ni boukliye yo, banza ak flèch yo, baton lagè ak nepe yo e pandan sèt ane, yo va fè dife ak yo.
10 他們不必到田間拾柴,也不必到林中伐木,因為也武器可作柴燒;他們還要搶奪那些搶奪過他們的人,劫掠那些劫掠過他們的人──吾主上主的斷語──
Yo p ap pran bwa nan chan, a ni sanble bwa dife ki soti nan forè yo, paske yo va fè dife ak zam yo. Epi yo va pran piyaj a sila ki te piyaje moun yo, e sezi piyaj a sila ki te fè piyaj yo,” deklare Senyè BONDYE a.
11 在那一天,我要在以色列把一出名的地方,即死海以東阿巴陵山谷,給哥格作墳地;這山谷使過路的人止步,哥格和他的一切軍隊要埋在那裏,因此人叫那地方為『哥格群眾谷。』
“‘“Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladan. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.
12 以色列家族埋葬他們,為清除此地,要費時七個月。
“‘“Pandan sèt mwa, lakay Israël va fè antèman yo, pou netwaye peyi a.
13 那地方的全體百姓都要埋葬他們。在我顯示光榮的日子,為他們也要光榮──吾主上主的斷語──
Menm tout pèp peyi a, va fè antèman yo. Epi sa va fè yo renome pàtou nan jou sa a, pou pwop tèt Mwen ka resevwa glwa,” deklare Senyè BONDYE a.”
14 他們還要派定一些人不斷巡邏那地,尋找在那地方遺留下的屍體,為清除那地;七個月之後它們仍繼續尋找。
“Yo va mete apa moun ki anplwaye nèt k ap pase nan peyi a. Sila yo k ap pase ap rive kote y ap antere sa yo ki rete sou sifas tè a, pou yo ka netwaye li. Nan fen sèt mwa yo, yo va fè yon rechèch pou twouve yo.
15 過路的人經過那地的時候,若發見一個人的骨骸,就在他旁邊放一個記號,等待埋葬的人將他埋葬在『哥格群眾谷。』
Pandan sila k ap fè rechèch nan peyi yo ap pase, e nenpòt moun wè zo a yon moun, alò, li va mete yon makè akote l jiskaske ekip antèman an vin antere li nan Vale Moun Gog la.
16 那裏有一座城,要叫哈摩納。他們就這樣清除了那地。
Pou sa, non vil la menm va Hamona. Konsa yo va netwaye peyi a.”
17 吾主上主這樣說:人子,你要向各種飛鳥,各樣野獸說:你們應集合前來,從四方來參加我給你們在以色列山上所準備的隆重祭餐,你們要吃肉飲血。
“Pou ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Pale a tout kalite zwazo, ak tout bèt nan chan: “Rasanble nou e vini. Rasanble soti tout kote anvè sakrifis Mwen, ke M ap pral fè pou nou an, yon gwo sakrifis sou mòn Israël yo, pou nou ka manje chè ak bwè san.
18 你們要吃將士的肉,飲各地王侯的血;還有山羊、綿羊、公山羊、牛犢,都是巴商的肥畜。
Nou va manje chè a mesye pwisan yo, e bwè san a prens latè yo, konsi se te belye, jenn mouton, kabrit, ak towo, tout bèt gra a Basan yo.
19 你們要在我給你們準備的祭餐中,吃肉吃到飽,飲血飲到醉。
Akoz sa, nou va manje grès jiskaske nou vin toufe nèt ak sakrifis Mwen, ke M fin fè pou nou an.
20 你們在我的宴席上要飽食馬肉,戰馬、將士和所有軍人的肉──吾主上主的斷語。
Nou va toufe nèt sou tab Mwen an ak cheval yo, ak mesye mèt cha yo, mesye pwisan yo ak tout gwo mesye lagè yo”, deklare Senyè BONDYE a.’
21 我要在異民中顯示我的光榮,萬民要看見我所施行的懲罰,看見是我舉手打擊了他們。
“Konsa, Mwen va mete glwa Mwen pami nasyon yo. Tout nasyon yo va wè jijman ke Mwen te egzekite ak men M, ke M te fè poze sou yo a.
22 從那天起,以色列家族必要承認我,上主是他們的天主。
Epi lakay Israël va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, depi jou sa a, pou rive ale nèt.
23 異民也要知道以色列家族充軍,是為了他們的罪惡,因為他們違背了我,我遂掩面不顧他們,把他們交在敵人手中,全都喪身刀下。
Nasyon yo va konnen ke lakay Israël te antre an egzil akoz inikite yo. Akoz yo te aji kon trèt ak Mwen, Mwen te kache figi Mwen de yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men advèsè yo, e yo tout, te tonbe devan nepe.
24 我按他們的罪過和惡行對待了他們,掩面不看他們。
Selon salte yo e selon transgresyon yo, Mwen te aji avèk yo, e Mwen te kache figi Mwen de yo.”
25 為此吾主上主這樣說:現今我要轉變雅各伯的命運,憐恤以色列家族。為我的聖名而大發妒火。
“Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an.
26 當他們安居在自己的地域中,沒有人來驚擾時,他們將忘記自己的恥辱和違背我所犯的一切抗命之罪。
Yo va bliye wont yo ak tout trèt yo te konn fè kont Mwen yo, lè y ap viv ansekirite nan pwòp peyi pa yo, lè okenn p ap fè yo pè.
27 當我從各民族中把他們領回,從他們敵人的地方聚集他們,在眾異民眼前,在他們身上顯聖時,
Lè Mwen mennen yo retounen soti nan lòt pèp yo, e rasanble yo soti nan peyi lènmi yo; nan lè sa a, Mwen va vin sanktifye de yo devan zye a anpil nasyon.
28 他們必承認我上主是他們的天主,因為我將他們放逐於異民之中以後,又把他們聚集到自己的地方,一個也沒有留在異民中。
Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, akoz mwen te fè yo antre an egzil pami nasyon yo, e alò, Mwen te rasanble yo ankò nan pwòp peyi yo. Epi Mwen p ap kite okenn nan yo kaptif ankò.
29 我不再掩面不看他們,因為我將我的神已傾注於以色列家族──吾主上主的斷語。」
Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”

< 以西結書 39 >