< 以西結書 27 >

1 上主的話傳給我說:「
Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
2 人子,你唱哀歌憑弔提洛,
“Ou menm, fis a lòm, leve yon lamantasyon sou Tyr.
3 向位於海口,同許多島嶼及人民通商的提洛說:吾主上主這樣說:提洛,你曾說過:我是一隻完美華麗的船;
Di a Tyr, ‘Ou ki rete nan antre lanmè a, komèsan a pèp anpil peyi bò kot lanmè yo, Konsa pale Senyè BONDYE a: “O Tyr, ou te di ‘Mwen pafè nan bèlte.’
4 你的領域伸入海心,你的建築者造成了你的豪華:
Lizyè ou nan kè lanmè yo. Sila ki te bati ou yo te fè bèlte ou pafè.
5 他們用色尼爾的松柏製造了你的舷板,以黎巴嫩的香柏做了你的桅檣,
Yo te fè tout planch ou yo ak pye siprè Senir yo. Yo te chache pye sèd Liban yo pou fè ma pou ou.
6 以巴商的橡木做了你的櫓槳,用由基廷島運來的松柏做了嵌有象牙的甲板,
Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo. Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.
7 用埃及的繡花麻布做了你的帆幔,作了你的旗幟,用厄里沙島的紫色與朱色的布做了你的船蓬;
Vwal ou te fèt ak len fen ki te sòti an Égypte, ki te sèvi kon mak drapo ou. Anba pwotèj solay byen kolore an ble e mov, ki te sòti nan peyi kòt Élischa yo,
8 漆冬和阿爾瓦得的居民給你搖櫓,責默爾的技工在你那裏作你的舵手,
mesye Sidon yo ak Arvad t ap bourade zaviwon ou yo. Mesye saj ou yo, O Tyr, te nan ou. Se yo ki te pilòt yo.
9 革巴耳的長老和技工在你那裏修理你的漏洞。一切航海的船隻和海員都到你那裏,交易貨物。
Ansyen a Guebal yo ak mesye saj li yo te avèk nou, pou repare kote ki ouvri yo. Tout bato lanmè yo ak mèt bato yo te la pou okipe machandiz ou yo.
10 波斯、路丁和普特人在你隊伍中作你的軍人,他們將盾牌和銅盔懸在你中間,增加你的光彩。
“‘“Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou, mesye lagè ou yo. Yo te pann boukliye ak kas nan ou. Yo te fè grandè ou parèt byen bèl.
11 阿爾瓦得和赫肋客子民圍繞在你的城牆上,加瑪得人在你的角樓中;他們把自己的盾,掛在四周的城牆上,使你的華麗更為圓滿。
Fis a Avad yo ak lame ou a te sou miray ou yo, e gèrye yo te pann boukliye yo sou miray ou yo toupatou. Yo te vin pèfeksone bèlte ou a.
12 塔爾史士因你的財帛豐富,作你的客商以銀、鐵、錫、鉛來與你交易。
“‘“Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo. Avèk ajan, fè, fè blan, ak plon, yo te achte machandiz ou yo.
13 雅汪、突巴耳、默舍客和你通商,以人口和銅器與你交易貨物。
“‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”
14 由托加爾瑪地方,有人以馬、戰馬、騾子來交換貨物。
“‘“Sila nan Beth-Togarma yo te bay cheval ak cheval lagè ak milèt pou byen ou yo.”
15 德丹人也和你通商,許多島民作你手下的商人,以象牙角和烏木作送給你的貢物。
“‘“Fis a Dedan yo te fè trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin fè mache ou. Kòn ivwa ak ebèn te pote pou fè twòk.
16 阿蘭人因你的出品多,也作你的客商,以紫寶石、紅布、刺繡、細麻、珊瑚和紅瑪瑙與你交換貨物。
“‘“Syrie te fè trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo. Yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi.”
17 猶大和以色列地也和你通商,以米尼特穀、蠟、蜜、油和香料與你交易貨物。
“‘“Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou. Ak ble ki sòti Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.”
18 大馬士革因你出產多,財帛豐富,也作你的客商,以赫耳朋酒和匝哈爾羊毛與你交易。
“‘“Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”
19 此外丹、雅汪和烏匝耳也與你交易,以鋼鐵、肉桂和香菖蒲交換你的貨物。
“‘“Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo. Fè fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo.”
20 德丹以騎馬的坐墊和你交易。
“‘“Dedan te fè komès ak ou nan sèl pou monte cheval.”
21 阿剌伯和刻達爾的一切酋長也作你手下的商人,以羔羊、山羊和公羊與你交換貨品。
“‘“Arabie ak tout prens a Kédar yo, te kliyan ou pou jenn mouton, belye ak kabrit yo. Nan tout sa yo, yo te kliyan ou.”
22 舍巴和辣阿瑪的買賣人也作你的顧客,以各種上等的香料,各種寶石和黃金和你交換貨品。
“‘“Vandè a Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak lò.”
23 哈郎、加乃、厄登和舍巴的商人,亞述和一切瑪待人也與你通商。
“‘“Charan, Canné, ak Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.”
24 他們在你的商場上,以華麗的衣服、朱色的外氅、刺繡、花毯、編織的結實繩索與你交易。
Yo te fè komès ak ou nan bèl abiman, nan vètman an ble ak bwodri fen, nan tapi a tout koulè, ak kòd trese byen sere, ki te pami machandiz ou yo.
25 塔爾史士船隻載運你的貨物。你在海上滿了載,極其沉重。
“‘“Bato a Tarsis yo te transpòte machandiz ou yo. Epi ou te vin ranpli, te tèlman vin bèl nan kè lanmè yo.
26 你的槳夫將你划到汪洋大海,東風將你在海中吹毀。
Mèt zaviwon yo te mennen ou nan gwo dlo. Van lès la te vin kraze ou nan kè lanmè yo.
27 你的財帛、商品、貨物,你的水手、舵手、船工,同你交易的商人,在你中間的一切戰士,以及在你中間所有的民眾,都在你沉沒之日,溺死海中。
Richès ou yo, byen ou yo, machandiz ou yo, maren ak pilòt ou yo, Gwo bòs pou ranje bato yo, vandè ki fè komès machandiz, Ak tout mesye lagè ki nan ou yo, ak tout twoup ki pami ou a, va tonbe antre nan kè lanmè yo nan jou boulvèsman ou an.
28 海岸都因你舵手的狂叫聲而震動。
Nan son kri a pilòt ou yo, tè patiraj yo va souke.
29 所有搖櫓的人、水手和航海的舵手都要離船登岸,
Tout moun ki konn manyen zaviwon, mesye maren ak tout pilòt lanmè yo va desann kite bato yo. Yo va kanpe atè,
30 狂呼吶喊哀弔你,在頭上撒灰,輾轉於塵埃之中,
epi yo va fè vwa yo vin tande sou ou, e yo va kriye anmè. Yo va jete pousyè sou tèt yo. Yo va vire tounen nan mitan sann yo.
31 並且為你而剃光了頭,穿上苦衣,痛心哭泣,悲痛哀悼你。
Anplis, yo va fè tèt yo vin chòv pou ou, e mare senti yo ak twal sak. Yo va kriye pou ou nan amètim nanm yo, ak yon plenyen byen anmè.
32 他們在痛苦中,向你唱哀歌,追悼你說:『有誰相似沉沒於海中的提洛﹖
Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon lamantasyon pou ou, e menm kriye pou ou: ‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki rete an silans nan mitan lanmè a?’
33 你的貨品由海中運出時,曾使許多民族滿足;以你大量的財帛和貨物,使陸地上的列王豐富。
Lè tout byen ou yo te sòti toupatou sou lanmè yo, ou te fè kè anpil pèp kontan. Ak fòs kantite richès ak machandiz ou yo, ou te fè wa latè yo vin rich.
34 現今你沉入海中,落在海底,你的財物和所有的人,都隨著你而沉沒了。』
Alò, nan moman an, lè ou vin kraze nèt pa lanmè yo, nan fon dlo yo, machandiz ou ak tout twoup ou yo te tonbe pami ou.
35 群島所有的居民都為你而驚駭,那裏的列王都極為戰慄,面帶憂色。
Tout sila ki rete nan peyi kot lanmè yo te vin efreye de ou, e wa yo vin plen ak gwo laperèz. Vizaj yo vin twouble.
36 各國的商人都要嗤笑你;你竟成了恐怖的對象,且永遠不復存在。」
Komèsan pami pèp yo vin sifle anlè kon koulèv sou ou. Lafèn ou te vreman etonnan, e ou p ap la ankò, jis pou tout tan.”’”

< 以西結書 27 >