< 以西結書 1 >

1 三十年四月五日,當我在革巴爾河畔,在俘虜之中的時候,天開了,我見了天主的異像,
Alò, li te vin rive nan trèzyèm ane, sou senkyèm jou a Katriyèm mwa a, pandan mwen te akote rivyè Kebar a, pami egzile yo, ke syèl yo te louvri, e mwen te wè vizyon a Bondye.
2 時在耶苛泥雅王充軍後第五年四月五日;
(Sou senkyèm jou nan mwa a, nan senkyèm ane egzil a Wa Jojakin nan,
3 那時在加色丁地,靠近革巴爾河,上主的話傳給步齊的兒子厄則克耳司祭,上主的手臨於我。
Pawòl SENYÈ a te rive eksprè a Ézéchiel, prèt la, fis a Buzi, nan peyi Kaldeyen yo akote rivyè Kebar a; epi la, men SENYÈ a te vini sou li.)
4 我觀望,看,有一陣暴風由北方吹來,颳來一大塊火光四射的雲彩,雲中有一團旋轉的火,火中有一種發亮的金屬。
Pandan mwen t ap gade, men gade byen, yon van tanpèt te vini soti nan nò, yon gwo nwaj ak loraj ki t ap tire san rete; yon limyè byen klere te antoure l e nan mitan l, yon bagay tankou metal ki klere nan mitan dife a.
5 火中似乎有四個活物的形狀,牠們的外表是這樣:都有人的形狀。
Anndan li, te gen fòm ki te sanble kat kreyati vivan. Men ki jan yo te parèt: yo te gen yon fòm tankou moun.
6 每個有四種形像,每個有四隻翅膀。
Yo chak te gen kat figi ak kat zèl.
7 牠們的腳是直立的腳,腳掌像牛蹄,發亮像磨光的銅。
Janm yo te dwat, pye yo te tankou zago jenn bèf, e yo te klere tankou bwonz poli.
8 在牠們四面的翅膀下邊,都有人手;四個活物各有自己的形像和翅膀。
Anba zèl yo, nan kat kote yo, te gen men a moun. Yo kat te gen figi ak zèl yo konsa:
9 牠們的翅膀互相連接,在行走時不必轉身,各朝著自己的前面行走。
Zèl pa yo te jwente youn lòt. Yo pa t vire lè yo te deplase. Yo chak te ale tou dwat devan.
10 關於牠們外表的形像:牠們四個的正面都具有人的形像,右邊有獅的形像,左邊牛的形像,背面有鷹的形像。
Pou fòm a figi yo a, yo chak te gen figi tankou a yon moun. Toule kat te gen figi a yon lyon adwat, figi a yon towo agoch, e toule kat te gen figi a yon èg.
11 牠們的翅膀向上伸開,每個用兩隻翅膀互相連接,用兩隻翅膀遮蔽身體。
Se konsa figi yo te ye. Zèl yo te ouvri anlè. Yo chak te gen de ki te touche a yon lòt kreyati e de ki te kouvri kò yo.
12 每個朝著自己的前面行走;神力催迫牠們往那裏去,牠們就往那裏去;行走時不必轉身。
Epi yo chak te ale tou dwat devan. Nenpòt kote lespri a te prèt pou ale, yo ta ale, san menm vire pandan yo t ap prale a.
13 在活物中間有壹種相似燃著的炭火,又好似火炬在活物中旋轉。這火有亮光,由火中射出閃光。
Nan mitan kreyati vivan yo, te gen yon bagay ki te sanble ak chabon dife, tankou tòch ki t ap file fè ale retou pami kreyati vivan yo. Dife a te klere e loray te vòltije soti nan dife a.
14 活物來回疾馳,好像閃電。
Epi kreyati vivan yo te kouri fè ale retou tankou kout loray.
15 我觀望那些活物時,看,靠近那些活物的四面,在地上各有一個輪子。
Alò, pandan mwen t ap gade kreyati vivan yo, gade byen, te gen yon wou sou tè a akote kreyati vivan yo, pou chak nan kat fas de yo.
16 那些輪子及其構造的外表,光澤有如橄欖石,四輪都有同樣的形狀。四輪結構的樣式,好像輪子套在輪子中。
Wou yo te sanble, jan yo te fèt la, tankou yon wòch krizolit briyan. E toule kat te gen menm fòm. Nan aparans la, jan yo fè l la, yo te fèt konsi yon wou te anndan yon lòt wou.
17 輪子轉動時,可向四方旋轉,前行時不必轉轍。
Nenpòt lè yo deplase, yo te deplase nan nenpòt nan kat direksyon yo, san menm vire pandan yo t ap deplase a.
18 輪輞高大,我看見四個輪輞都佈滿了眼睛。
Wotè a wou yo te tèlman wo. Yo te etonan. Arebò toule kat te plen ak zye toutotou l nèt.
19 活物行走時,輪子也在牠們旁邊轉動;活物由地面升起時,輪子也升起。
Nenpòt lè kreyati vivan yo te deplase, wou yo te deplase avèk yo. Epi nenpòt lè kreyati vivan yo te leve kite tè a, wou yo te leve tou.
20 神力催迫活物往那裏去,牠們就往神力催迫的方向去;輪子也同時與牠們一起升起,因為活物的神力在輪子內。
Nenpòt kote lespri a te prèt pou ale, yo ta ale nan direksyon sa a. Epi wou yo te leve toupre bò kote yo; paske lespri a kreyati vivan yo te nan wou yo.
21 活物行走,輪子也轉動;活物站住,輪子也停住;活物由地上升起,輪子也隨之升起,因為活物的神力在輪子內。
Nenpòt kote sa yo te ale, sila yo te ale tou. Lè sa yo te kanpe an plas, sila yo te kanpe an plas tou. Epi nenpòt lè sa yo te monte kite tè a, wou yo te leve toupre bò kote yo; paske lespri a kreyati vivan yo te nan wou yo.
22 在活物的頭上,有相似穹蒼的東西,好像發亮的水晶,在牠們頭上展開。
Alò, anwo tèt a kreyati vivan yo, te gen yon bagay tankou yon gwo espas, tankou yon briyans mèvèy kon kristal, ki te ouvri byen laj sou tèt yo.
23 在穹蒼下伸直牠們的翅膀,一隻的翅膀與另一隻的翅膀彼此相接,又各有兩隻翅膀遮蔽著身體。
Anba gwo espas la, zèl yo te lonje dwat, youn anvè lòt. Yo chak te gen de zèl ki te kouvri kò l tou, youn yon kote e youn yon lòt kote.
24 當牠們行動時,我聽見翅膀的颯颯聲,像洪水之聲,又像全能者的聲音,又似軍營中的喧噪之聲。當牠們站住時,就歛起翅膀。
Anplis, mwen te tande son a zèl yo tankou son anpil gwo dlo pandan yo t ap prale, tankou vwa a Toupwisan an, yon son a gwo boulvèsman, tankou son a yon lame ki nan kan li. Nenpòt lè yo sispann fè mouvman, yo lage desann zèl yo.
25 那時,由牠們頭頂上的穹蒼那裏,發出一種響聲;活物即站住,就歛起翅膀。
Konsa, te sòti yon vwa depi anwo gran espas lan ki te sou tèt pa yo. Nenpòt lè yo te sispann fè mouvman, yo te lage desann zèl yo.
26 在她們頭頂上的穹蒼上面,有一塊像藍玉的石頭,有寶座的形狀;在這狀如寶座之上,有一個外貌像人的坐在上頭。
Alò, anwo gwo espas ki te anwo tèt yo a, te gen yon bagay ki te sanble ak yon twòn, tankou yon pyè safì nan aparans. Epi sou sa ki te sanble a yon twòn nan, byen wo, te gen yon fòm ak aparans a yon nonm.
27 我望見在他相似腰部的上面,好像有發亮的金屬,內裏和周圍好像一團火。我又望見在相似腰部的下面,好像有火的形狀,周圍有光環繞,
Sa mwen te wè, te soti nan aparans a ren Li ak piwo, yon bagay tankou metal klere ki te sanble dife toutotou anndan l. Soti nan aparans a ren Li e piba, mwen te wè yon bagay tankou dife, epi te gen yon ekla limyè ki te antoure Li.
28 環繞在周圍的光,猶如落雨時雲彩中所出現的虹霓。這就是上主的光榮顯現時的奇象。我一看見,就伏地掩面,同時也聽見有一位講話的聲音。
Menm jan ak aparans a lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye. Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.

< 以西結書 1 >