< 出埃及記 5 >

1 此後,梅瑟同亞郎去見法朗說:「以色列的天主雅威這樣說:「你應放我的百姓走,好叫他們在曠野裏過傑敬拜我。」
Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”
2 法朗問說:「誰是雅威,我該聽他的命,放以色列走﹖我不認識雅威,也不放以色列走。」
Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.”
3 他們回答說:「希伯來人的天主遇見了我們。請讓我們走三天的路到曠野裏,向上主我們的天主獻祭,免得他用瘟疫刀兵擊殺我們。」
Yo te di: “Bondye a Ebre yo te reyini avèk nou. Souple, kite nou ale fè yon vwayaj twa jou nan dezè a pou nou kapab fè yon sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an; otreman, Li va vin tonbe sou nou ak gwo maladi, oubyen nepe.”
4 埃及王回答他們說:「梅瑟、亞郎啊! 你們為什麼妨礙百姓工作呢﹖去服你們的勞役罷! 」
Men wa a Égypte la te di yo: “Moïse avèk Aaron, poukisa nou ap rale pèp la kite travay li? Ale retounen nan travay nou.”
5 法朗又說:「現在他們比本地的人民還多,你們竟然叫他們歇工﹖」
Ankò Farawon te di: “Gade, pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!”
6 那一天法朗命令那些百姓中的監工和工頭說:「
Alò menm jou a, Farawon te kòmande chèf kòve ki te sou pèp la avèk fòmann pa yo. Li te di yo:
7 你們以後不要再像往日一樣,給百姓做磚用的草楷,叫他們自己去拾草。
“Nou p ap bay pèp la pay ankò pou fè brik jan nou te konn fè a. Kite yo ale ranmase pay pou kont yo.
8 但你們仍向他們要往日所做的同樣磚數,一點也不可減少,因為他們懶惰,所以才吶喊說:我們要去向我們的天主獻祭。
“Menm fòs brik yo te konn fè avan an, fòk nou egzije yo fè l. Nou pa pou redwi li menm. Paske yo se parese! Se pou sa y ap kriye a: ‘Kite nou ale fè sakrifis a Bondye nou an.’
9 應給這些人加重工作,使他們只工作,而不聽謊言。」苦工加重
Kite travay la vin pi lou pou mesye yo. Kite yo travay pou yo pa swiv fo pawòl sa yo ankò.”
10 百姓中的監工頭遂出去向百姓說:「法朗這樣吩咐:我不再給你們草楷。
Konsa, chèf kòve a pèp yo avèk fòmann pa yo te ale deyò pou te pale avèk pèp la. Li te di: “Konsa pale Farawon: ‘Mwen p ap bannou okenn pay.
11 你們看那裏能找到草楷,就到那裏去拾罷! 但應有的工作一點也不可減少。」
Nou menm, ale chache pay nou pou kont nou nenpòt kote nou kab jwenn nan, men pou fòs travay nou oblije fè a, li p ap redwi.’”
12 百姓就分散到埃及全境,拾取麥莖充當草楷。
Konsa, pèp la te gaye nan tout peyi Égypte la pou ranmase tij sereyal pou sèvi kòm pay.
13 監工催迫說:「你們每天應該完成當天的工作,像從前有草楷時一樣。」
Chèf Kòve yo te peze yo rèd. Yo te di: “Konplete menm fòs travay jounen ke nou te bannou an, menm jan ke lè nou te gen pay la.”
14 法朗的監工責打他們所派出的以色列子民的工頭說:「你們昨天今天為什麼沒有完成像前天所做的磚數呢﹖」
Anplis de sa, fòmann yo, fis Israël yo, ke chèf kòve Farawon yo te mete sou yo a, te pran kou. Konsa yo te mande yo: “Poukisa nou pa t konplete sa ke nou te gen pou fè a, ni ayè, ni jodi a nan fè brik yo menm jan tankou avan an?”
15 以色列子民的工頭遂去向法朗訴苦說:「你為什麼這樣對待你的僕人們呢﹖
Epi fòmann sou fis Israël yo te vin kriye devan Farawon. Yo te di: “Poukisa ou aji konsa avèk sèvitè ou yo?
16 不給你僕人們草楷,只對我們說:做磚罷! 原是你人民的錯,你卻來打你的僕人們。」
Yo pa bay pay a sèvitè yo, men yo kontinye di nou: ‘fè brik!’ E gade byen, sèvitè ou yo pran kou, men se fot pwòp pèp pa w la.”
17 法朗回答說:「你們太懶惰了! 所以說:讓我們去祭獻上主!
Men li te di: “Nou se parese! Nou pa travay menm! Se pou sa nou di: ‘Kite nou ale fè sakrifis a SENYÈ a.’
18 現在都快去作工! 決不供給你們草楷,但是磚卻該如數交上。
Alò koulye a, al travay! Paske nou p ap resevwa pay, men fòk nou konplete fòs kantite brik ke nou gen pou fè yo.”
19 以色列子民的工頭因所出的命令說:你們每天應做的磚數,不得減少,」便知自己更陷於困難中。梅瑟受責哀求天主
Fòmann nan fis Israël yo te wè ke yo te gen gwo pwoblèm, paske li te di yo: “Nou pa pou redwi fòs kantite brik pa jou yo.”
20 工頭們由法朗那裏出來,遇見梅瑟和亞郎正等候他們,
Lè yo te kite prezans Farawon, yo te rankontre Moïse avèk Aaron paske yo t ap tann yo.
21 就對他們說:「願上主鑑察懲罰你們! 你們使我們在法朗和他臣僕眼中成了可恨的,就好像把刀交在他們手中,宰殺我們。」
Yo te di yo: “Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.”
22 梅瑟回到上主那裏說:「吾主,你為什麼折磨這百姓﹖為什麼偏偏打發我呢﹖
Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an?
23 自從我到法朗那裏,奉你的名講話以來,他更加折磨這百姓,而你也沒有整救你的百姓。」
Depi mwen te vin kote Farawon pou pale nan non Ou a, li te fè mechanste a pèp sila a. Ni Ou pa t delivre pèp Ou a ditou.”

< 出埃及記 5 >