< 以斯帖記 2 >

1 這些事以後,薛西斯王的盛怒遂平息了,不再回念瓦市提和她所作的事,也不再追究對她所決定的事。
Apre bagay sa yo, lè kòlè a Wa Assuérus te vin kalme, li te sonje Vasthi ak sa li te fè a, e dekrè ki te fèt kont li an.
2 於是侍奉君王的僕役說:「應為大王另選美貌的年輕處女;
Alò, asistan a wa a ki te sèvi li yo, te di: “Annou fè rechèch pou jwenn jenn vyèj ki byen bèl pou wa a.
3 大王可指派委員到全國各省,把所有美貌的年輕處女,都召集到穌撒禁城的後宮來,由管理嬪妃的王家太監赫革負責照應,供給她們美容潤身的香料。
Kite wa a apwente sipèvizè nan tout pwovens a wayòm li yo pou yo kab rasanble tout bèl vyèj pou vin parèt nan sitadèl Suse la, antre nan kay fanm a wa a ki sou kontwòl Hégué a, enik a wa a, ki an chaj fanm yo. Kite yo byen prepare ak tout bagay pou fè yo bèl yo.
4 那中悅君王的處女就得代瓦市提為后。」這建議正合了王的心,王就照樣進行。
Alò, kite jenn fi ki bay wa a plezi a, vin regne la nan plas a Vasthi a.” Koze a te fè wa a kontan e se konsa li te fè l.
5 在穌撒禁城內,有一個猶太人,名叫摩爾德開,是雅依爾的兒子,史米的孫子,本雅明族人克士的曾孫,
Te gen nan sitadèl Suse la, yon Jwif ki te rele Mardochée, fis a Jaïr, fis a Schimeï, fis a Kis, yon Benjamit,
6 克士是巴比倫王拿步高由耶路撒冷將猶大王耶苛尼雅擄去時,被擄的俘虜之一。
ki te ale an egzil soti Jérusalem avèk kaptif ki te ekzile avèk Jeconia yo, wa Juda ke Nebudkanetsar, wa Babylone nan, te fè ekzile a.
7 摩爾德開撫養了他的堂妹哈達撒,又名叫艾斯德爾,她自幼就喪失父母。這女孩身材標致,容貌美麗,自她父母去世後,摩爾德開就收她作自己的女兒。
Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.
8 不久,皇帝的諭旨和詔令,傳遍了全國,許多少女都被召到穌撒禁城,受赫革的監護,艾斯德爾也被帶到王宮,交與管理嬪妃的赫革看管。
Konsa, li te vin rive ke lè kòmand avèk dekrè a wa a te tande e anpil jèn fi te ranmase nan sitadèl Suse la sou sipèvizyon a Hégaï, ke Esther te pran pou antre nan palè a wa a, anba sipèvizyon a Hégaï, ki te responsab fanm yo.
9 她很討赫革喜悅,大得他的寵愛,遂立即供給她美容潤身的物品和所需食品,並選派了七個美麗的宮女服侍她,又將她和她的侍女遷移到後宮最好的宮院裏。
Alò, jèn fi a te fè l plezi e te twouve favè devan l. Pou sa, li te bay li tout atik twalèt avèk manje san fè reta, e li te ba li sèt sèvant de chwa nan palè a wa a, e te voye li avèk sèvant li yo nan pi bon kote pami fanm a wa yo.
10 但艾斯德爾卻沒有說出她自己的民族和身世,因為摩爾德開早已吩咐她不要提及此事。
Esther pa t fè pèsòn konnen ras pèp li a ni fanmi li yo, paske Mardochée te enstwi li pou li pa ta dwe fè sa rekonèt.
11 此後,摩爾德開天天在後宮的庭院前徘徊,好打聽艾斯德爾的消自,想知道她的情形如何。
Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.
12 在每個處女輪流去見薛西斯王以前,都該先按嬪妃的規則,度過十二個月的「潤身期」:六個月應用沒藥汁,六個月應用香液,以及女人潤身的修飾品。
Alò, lè chans a chak jèn demwazèl te vin rive pou antre kote wa Assuérus la, lè l te fin fè preparasyon douz mwa anba règleman pou fanm yo—paske jou pou konplete preparasyon bèlte yo te fini konsa: si mwa avèk lwil lami a, e si mwa avèk aplikasyon epis ak pafen pou fanm—
13 有了這樣的準備,少女纔可去見君王;凡她所要求的,都應讓她由後宮帶進王宮去。
Men kòman jèn fi a ta antre kote wa a: nenpòt bagay ke li te dezire, ta bay a li menm pou pran avè l soti lakay fanm yo pou rive nan palè a wa a.
14 她晚上進去,次日早晨回到另一座後宮,受君王管理嬪妃的太監沙市加次的監護;除非君王寵愛她,提名召她,她不得再親近君王。
Nan aswè, li ta ale ladann e nan maten, li ta retounen nan dezyèm kay fanm yo, sou responsabilite Schaaschgaz, enik a wa a ki te an chaj konkibin a wa yo. Li pa t antre kote wa a ankò sof ke wa a te kontan anpil avèk li e te rele li eksprè pa non l.
15 一輪到摩爾德開的叔父阿彼海耳的女兒──即摩爾德開的養女──艾斯德爾去見君王的時候,除了管理嬪妃的王家太監赫革給她預備的東西以外,她什麼也不要;凡看見艾斯德爾的人,沒有不喜愛她的。
Alò lè lè pou Esther, fi de Abichaïl la, tonton li, Mardochée, ki te pran li kon pwòp pitit pa li, te rive antre kote wa a, li pa t mande anyen sof ke sa ke Hégaï, enik a wa a ki te an chaj fanm yo, te konseye yo. Epi Esther te jwenn favè nan zye a tout moun ki te wè l yo.
16 艾斯德爾在薛西斯為王第七年十月,即「太貝特」月,被召進王宮。
Pou sa, Esther te mennen vè Wa Assuérus nan palè wayal li a nan dezyèm mwa ki nan mwa Tébeth la, nan setyèm ane pouvwa li a.
17 王愛艾斯德爾超過所有的嬪妃。在所有的處女中,她最得君王的歡心和喜愛。王便將后冠戴在她頭上,立她為王后,以代瓦市提。
Wa a te renmen Esther plis pase tout fanm yo, e li te twouve gras avèk favè devan li menm plis pase tout lòt vyèj yo, jiskaske li te mete kouwòn wayal la sou tèt li e te fè li rèn nan plas a Vasthi a.
18 於是王給眾文武官員擺設盛宴,一連七天,號為艾斯德爾宴,又給全國各省頒賜大赦,並按照君王的法度敕贈御品。
Epi wa a te bay yon gran bankè pou tout chèf li yo ak sèvitè li yo. Li te rele l bankè Esther. Li te pwokame l yon jou fèt pou pwovens yo, epi li te bay yo kado selon jenewozite a wa a.
19 當二次召集處女時,摩爾德開仍在御門供職。
Lè vyèj yo te reyini ansanm yon dezyèm fwa a, alò, Mardochée t ap chita nan pòtay a wa a.
20 那時艾斯德爾,按著摩爾德開事先給她吩咐了的,還沒有透露自己的身世和種族:凡摩爾德開吩咐的,艾斯德爾必盡力遵守,如同昔日受他撫養時一樣。
Esther potko fè yo konnen fanmi li yo, ni pèp li a, jis jan ke Mardochée te bay li lòd fè a, jis jan li te fè lè se te li ki t ap swaye li a.
21 摩爾德開在御門供職的時候,王的兩個守門太監,彼革堂和特勒士,因一時忿怒,就設計對薛西斯王下毒手。
Nan jou sa yo, pandan Mardochée te chita nan pòtay palè a wa a, Bigthan avèk Théresch, de ofisye a wa yo ki t ap veye pòt la, te vin fache, e te chache mete men sou wa Assuérus.
22 但摩爾德開一發覺了那陰謀,就告知艾斯德爾王后,艾斯德爾便以摩爾德開的名義轉告君王。
Men konplo a te vin rekonèt pa Mardochée e li te pale rèn Esther, e Esther te pale wa a nan non a Mardochée.
23 那陰謀經過調查證實以後,就將他們二人懸在木架上,處以極刑。此事的原委,當著君王的面記錄在年鑑內。
Alò, lè yo fè rechèch nan konplo a e jwenn bout li, yo tou de te pann sou yon bwa; epi sa te ekri nan Liv Achiv Kwonik Yo nan prezans wa a.

< 以斯帖記 2 >