< 傳道書 11 >
Voye pen ou sou sifas dlo, e apre anpil jou, ou va twouve l.
2 將你的家產分作七分八分,因為你不知道世上要發生什麼災禍。
Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm; paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.
3 雲一滿了,雨就傾住於地。樹倒向南或倒向北,一倒在那裏,就躺在那裏。
Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè; epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò, kote li tonbe a, se la l ap kouche.
Sila ke veye van an p ap simen; ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.
5 就如你不知道生氣如何進入孕婦胎中的骨骼裏,同樣你也不知道天主所創造的一切化工。
Menm jan ke ou pa konnen chemen van an, ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan, se konsa ou pa konnen zèv Bondye ki fè tout bagay la.
6 你早上撒種,晚上也不要住手,因為你不知道:是早上撒的,或是晚上撒的長的好,或是兩種都同樣好。
Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.
Limyè a byen bèl, e li bon pou zye wè solèy la.
8 人無論活了多大年紀,儘可享受各種福樂;但他應想到黑暗的日子還多,所發生的事,盡屬虛幻。
Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane, kite li rejwi li nan yo tout; men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil. Tout sa ki gen pou vini se vanite.
9 少年人,在你青春時應歡樂;在你少壯的時日,應心神愉快;隨你心所欲,你眼所悅的去行,但應知道:天主必要就你所行的一切審判你。
Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
10 掃除你心中的煩惱,驅除你身上的痛苦,因為青春和少年都是虛幻。
Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste pou l pa nan kè ou, e fè mal rete lwen chè ou; paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.