< 但以理書 1 >

1 猶大王約雅金在位第三年,巴比倫王拿步高前來圍攻耶路撒冷,
Nan twazyèm ane a règn Jojakim, wa Juda a; Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te rive Jérusalem e te fè syèj sou li.
2 上主將猶大王約雅金和天主殿內的一部分器皿,交在拿步高手中,他便將這些器皿帶到史納爾地方,存放在他神殿的庫房內。
Senyè a te livre Jojakim, wa Juda a, nan men li, ansanm ak kèk nan veso lakay Bondye yo. Epi Nebucadnetsar te pote yo nan peyi Schinear, kote lakay dye pa li a, e li te mennen veso yo antre nan trezò a dye li a.
3 君王吩咐他的宦官長阿市培納次,要他由以色列子民中,選一些王室或貴族的青年,
Alò, wa a te pase lòd a Aschpenaz, chèf sou ofisye pa l yo, pou mennen kèk nan fis Israël yo, ansanm ak kèk nan fanmi wayal la ak kèk nan prens yo:
4 他們應沒有缺陷,容貌俊美,足智多才,富有知識,明察事理,適合在王宮內充當侍從,應教給他們加色丁文字和語言。
jennonm ki te san defo, ki te bo gason, ki te montre yo entèlijan nan tout kalite sajès, beni avèk bon konprann e ak kapasite pou disène, e ki te gen kapasite pou fè sèvis nan palè a wa a; pou l ta ka enstwi yo nan lèt ak langaj Kaldeyen yo.
5 君王且給他們指定了,每天要吃君王所吃的食品和所飲的美酒,如此教養他們三年;期滿以後,他們便可侍立在君王左右。
Wa a te chwazi pou yo yon pòsyon manje ki te sòti nan meyè manje a wa a ak nan diven ke li te konn bwè. Anplis, li te fè lòd pou yo ta kapab fè enstriksyon lekòl pandan twazan, epi nan fen a twazan yo, yo te dwe antre nan sèvis pèsonèl a wa a.
6 他們中為猶大後裔的,有達尼爾、阿納尼雅、米沙耳和阿匝黎雅。
Alò, pami yo, soti nan fis a Juda yo, se te Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria.
7 宦官長另給他們起了名字:給達尼爾起名叫貝特沙匝,阿納尼雅叫沙得辣客,米沙耳叫默沙客,阿匝黎雅叫阿貝得乃哥。
Answit, chèf nan linik yo te bay nouvo non a yo menm. Pou Daniel, li te bay non Beltschatsar, Hanania non a Schadrac, Mischaël non a Méschac e Azaria, non a Abed-Nego.
8 但是阿尼爾心中早已拿定主意,決不讓自己為君王的食品和君王飲的美酒所玷污,所以他請求宦官長使自己免受玷污。
Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li.
9 天主賞達尼爾在宦官長眼中獲得寵遇和同情。
Alò, Bondye te bay Daniel favè ak gras devan zye a chèf ofisye yo.
10 宦官長對達尼爾說:「我害怕我的主上君王,他原給你們指定了飲食,若見你們的面容比你們同年的青年消瘦,這樣你們豈不是將我的頭斷送給君王! 」
Epi chèf nan linik yo te di a Daniel: “Mwen gen krent mèt mwen, Wa a, ki te bay lòd konsènan manje nou ak bwason nou. Paske poukisa li ta dwe wè figi nou nan yon eta pi mal ke lòt jennonm ki gen menm laj avèk nou yo? Alò, nou ta fè mwen peye pri tèt mwen bay wa a.”
11 達尼爾對宦官長派來照管達尼爾、阿納尼雅、米沙耳和阿匝黎雅的人說:「
Men Daniel te di a sipèvizè ke chèf nan linik yo te chwazi sou Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria a,
12 請你一連十天試一試你的僕人們,只給我們蔬菜吃,清水喝;
“Souple, teste sèvitè ou yo pandan di jou. Kite nou resevwa sèlman kèk legim pou manje ak dlo pou bwè.
13 然後,你親自觀察我們的容貌,和那些吃君王食品的青年的容貌,就照你所觀察的,對待你的僕人們罷! 」
Epi konsa, kite aparans nou vin konpare ak aparans a jennonm k ap manje meyè manje a wa a; epi aji ak sèvitè ou yo selon sa ou wè a.”
14 他答應了他們的要求,試驗了他們十天。
Konsa, li te koute yo nan bagay sa a, e te teste yo pandan di jou.
15 十天以後,他們的容貌比那些吃君王食品的青年顯得更為美麗,肌肉更為豐滿。
Nan fen di jou yo, aparans yo te parèt pi bon, e yo te angrese plis ke tout jennonm ki t ap manje meyè manje a wa a.
16 負責照管的人,遂將他們的食品和應喝的美酒撤去,祇給他們蔬菜。
Akoz sa, sipèvizè a te kontinye retire meyè manje sa yo, ak diven yo te dwe pou bwè, e te kontinye bay yo legim yo.
17 至於這四個青年,天主賜給了他們精通各種文字和學問的才智與聰明,而且達尼爾還通曉各種神視和夢兆。
Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.
18 君王規定帶他們進宮的期限一滿,宦官長就領他們進見拿步高。
Konsa, nan fen jou wa a te etabli pou prezante yo a, linik a wa a te fè yo parèt devan Nebucadnetsar.
19 君王和他們交談,發現其中沒有一個能及得上達尼爾、阿納尼雅、米沙耳和阿匝黎雅的,於是他們隨侍在君王前,
Wa a te pale ak yo e pami yo tout, pa t gen youn ki te konpare ak Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. Akoz sa, yo te antre nan sèvis pèsonèl a wa a.
20 君王無論詢問他們什麼智識和學問,發現他們都十倍於自己全國所有的巫師和術士。
Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.
21 達尼爾就這樣一直到居魯士王元年。
Epi Daniel te kontinye jis rive nan premye ane Cyrus, wa a.

< 但以理書 1 >