< 使徒行傳 27 >

1 定了要我們坐船往義大利去,就將保祿和一些別的囚犯,交給皇家營裏的一個百夫長,他名叫猶里約。
Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius.
2 有一隻由阿得辣米特來的船,要開往亞細亞沿岸一帶地方去。我們上去,便開了船,同我們一起的,還有馬其頓的得撒洛尼人阿黎斯塔苛。
Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.
3 第二天,我們在漆冬靠了岸,猶里約優待保祿,准他到朋友那裏去獲得照應。
Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius te byen trete Paul e te pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen.
4 我們又從那裏開了船,因為是逆風,便沿塞浦路斯背風的海面航行,
Soti la nou te monte sou lanmè a pou te pran vwal anba pwoteksyon Chypre akoz van an ki te kontrè.
5 橫渡基里基雅和旁非里雅一帶的海面,便到了里基雅的米辣。
Lè nou te fin travèse lanmè a toupre kot Cilicie ak Pamphylie, nou te rive nan Myra, nan Lycie.
6 百夫長在那裏找到一隻由亞歷山大里亞來,要開往義大利的船,便叫我們上了那船。
La santenye a te twouve yon bato Alexandryen ki t ap pran vwal pou Italie, e li te fè nou anbake.
7 我們一連多日緩慢航行,僅到了克尼多對面,因為風阻止我們,我們就靠著克里特背風的海面,在撒耳摩訥旁邊航行,
Nou te navige byen lantman pandan anpil jou, epi avèk difikilte te rive akote Nid, akoz ke van pa t pèmèt nou ale pi lwen. Akoz sa nou te pran vwal anba pwoteksyon Crète la, toupre Salmone.
8 我們沿岸而行,方纔來到一個名叫良港的地方,拉撒雅城就在附近。
Konsa, avèk difikilte, nou te vwayaje pou rive a yon sèten kote ke yo te rele Beau-Ports, toupre lavil Lasea a.
9 歷時既久,航海已很危險,因為禁食節已過了,保祿就勸告他們說:
Lè anpil tan te fin pase, vwayaj la te vin andanje akoz ke tan Fèt Jèn nan te fin pase, e Paul te kòmanse avèti yo.
10 「諸位同人!我看這次航行,不但貨物和船,就是連我們的性命,也將要遭受災害和重大的損失。」
Li te di yo, “Mesye yo, mwen prevwa ke vwayaj la va an verite gen donmaj ak gwo pèt, non sèlman pou bagay nou pote ak bato a, men anplis pou lavi nou.”
11 可是,百夫長寧信從舵手和船主,不聽保祿所說的話。
Men santenye a te plis enfliyanse pa pilòt la ak kaptenn bato a, ke pawòl a Paul yo.
12 又因為這港口不適於過冬,大多數人便提議由這裏開船,或者能到腓尼斯去過冬,腓尼斯是克里特的一個港口,面朝西南和西北。
Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.
13 那時,南風徐徐吹來,大家以為對目的地已有了把握,就起錨沿著克里特航行。
Lè yon van sid byen modere te vin parèt, avèk kalkil la ke yo vin reyisi plan an, yo leve lank bato a, e yo te kòmanse pran vwal pou swiv Crète, toupre kot la.
14 可是,過了不久,有一種稱為「東北風」的颶風,向島上衝來。
Men avan anpil tan, yon van vyolan, ke yo te rele Euraquilon te desann soti atè e te vin vole sou yo.
15 船被颶風捲去,不能頂風而行,我們只好任風飄流。
Konsa, lè bato a te pran nan li, li pa t kab fè fas a van an, e nou te kite l pran nou pou lèse nou pouse pa van an.
16 當我們貼著一個名叫克勞達小島的背風處疾駛時,纔能將小艇把持住,
Pandan nou t ap kouri anba pwoteksyon a yon ti lil ke yo rele Clauda, nou te prèske pa t kab mete bato a anba kontwòl.
17 水手們把小艇拉上來,用纜索把船綁好、又怕撞在敘爾提淺灘上,便落下船具,這樣任船飄蕩。
Lè yo te fin leve l, yo te sèvi ak kab pou ranfòse bato a. Akoz pè ke yo ta vin echwe nan bafon Syrte la, yo te desann gwo vwal la, epi konsa kite van an pouse yo avanse.
18 我們被風浪巔簸得太厲害,第二天我們便將貨物拋去;
Nan demen, pandan nou t ap jete toupatou avèk vyolans akoz van a, yo te kòmanse vide chaj yo pote nan lanmè.
19 第三天他們又親手把船上的用具也拋棄了。
Nan twazyèm jou a, yo te jete tout aparèy pou manevre bato a nan lanmè avèk pwòp men yo.
20 好多天看不見太陽,看不見星辰,狂暴的風仍不見小,從此我們獲救的希望,全都消失了。
Akoz ni solèy, ni etwal pa t parèt pandan anpil jou, e se pa yon ti kras tanpèt ki t ap atake nou an, depi la, tout espwa pou nou ta sove te disparèt.
21 眾人好久已沒有吃飯,保祿便站在他們中間說:「諸位同人,你們本該聽我的話,不該從克里特開船,而遭受這場災害和損失。
Lè yo te fin fè anpil tan san manje, Paul te kanpe nan mitan yo e te di yo: “Mesye yo, nou te dwe swiv konsèy mwen an pou nou pa pran lanmè a soti Crète pou envite fè rive donmaj ak pèt sila yo.
22 雖然如此,我現在仍勸你們放心,因為除這隻船外,你們中沒有一個會喪命的,
Men koulye a mwen ankouraje nou pou pran kouraj, paske p ap gen pèt lavi pami nou, men sèlman chaj bato a.
23 因為我所歸屬和所事奉的天主的使者,今夜曾顯現給我,
Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen, e Sila ke m sèvi, te kanpe devan mwen.
24 說保祿! 不要害怕,你必要站在凱撒面前。看,一切和你同船的人,天主都已賜給你了。
Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’
25 因此,諸位同人!請放心好了,因為我信天主對我怎樣說,也必怎樣成就;
Akoz sa, mesye yo pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an.
26 不過我們必要擱淺在一個島上。」
Men fòk nou echwe sou yon sèten lil.”
27 到了第十四天夜裏,我們在亞得里亞海飄來飄去;約在半夜時分,水手們猜想離一處陸地近了,
Men lè katòzyèm nwit lan te vin rive, pandan van a t ap pouse vire nou nan Lanmè Adriatique la, anviwon minwi, yo te kòmanse vin konprann ke yo t ap pwoche vè yon tè.
28 便拋下測鉛,得知水深二十尋;隔了一會,又拋下測鉛,得知水深十五尋。
Lè Yo te sonde, yo te twouve ke se te a ven bwas pwofondè; epi yon ti kras pi lwen, yo te sonde ankò, e te twouve li a kenz bwas.
29 他們又怕我們碰在礁石上,就從船尾拋下四個錨,切望天亮。
Nan pè pou nou ta kouri atè yon kote sou wòch, yo voye kat lank pa dèyè bato yo e te espere pou jounen an vin rive.
30 水手想法離船逃走,便將小艇繫到海裏,假裝要從船頭拋錨的樣子,
Men pandan mesye lanmè yo t ap eseye chape kite bato a, yo te deja lonje desann ti kannòt bato a nan lanmè a, sou pretèks ke yo t ap lonje lank pa devan yo,
31 保祿就給百夫長和士兵說:「這些人若不留在船上,你們便不能獲救。」
Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.”
32 那時,士兵便割斷小艇的纜索,任它沉沒。
Alò, sòlda yo te koupe kòd a kannòt bato a, e te kite l tonbe lib.
33 從那時直到天亮,保祿一直勸眾人用飯說:「你們一直忍饑期待,沒有吃什麼,到今天已是第十四天了。
Jiskaske joune a te prèt pou pwente, Paul t ap ankouraje yo tout pou pran kèk bagay pou manje, e t ap di: “Jodi a fè katòzyèm jou ke nou ap veye san rete, ale san manje, e pa pran anyen.
34 所以我勸你們用飯;這與你們獲救有關,因為連你們頭上的頭髮也不會失掉一根。」
Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.”
35 保祿說了這話,便拿起餅來,在眾人前,感謝了天主,然後擘開,開始吃。
Lè l fin di sa, li te pran pen e te remèsye Bondye nan prezans a tout moun. Li te kase li e te kòmanse manje.
36 於是眾人都放了心,也都用了飯。
Yo tout te ankouraje e yo menm yo tout te pran manje.
37 當時我們在船上的,共有二百七十六人。
Nou tout nan bato a se te de-san-swasann-sèz moun.
38 眾人都吃飽了飯,便把麥子拋在海裏,使船輕些。
Lè yo te manje kont yo, yo te kòmanse fè bato a pi lejè pa voye ble nan lanmè a.
39 當天亮時,他們不認得那陸地,但瞥見一個有岸邊的海灣,如果可能,就願意把船駛進去。
Lè jounen an te vin rive yo pa t rekonèt tè a, men yo te wè yon pò avèk yon plaj, e yo te pran kouraj pou dirije bato a vè li si l te posib.
40 於是將錨割斷,棄在海裏,同時鬆開舵繩,拉上前帆,順著風,向岸邊前進。
Konsa, yo te jete lank yo, e te kite yo nan lanmè a, pandan nan menm moman an yo t ap lage kòd gouvènay yo, yo te monte vwal devan an pou van an pran l; konsa yo te tire vè plaj la.
41 不料卻碰到一道沙灘,兩邊有海,竟把船擱淺了,船頭陷入,膠定不動,船尾卻被浪濤猛力衝壞。
Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an moso akoz gwo vag lanmè a.
42 那時士兵主張要把囚犯殺掉,免得有人泅水逃走;
Sòlda yo te fè plan pou touye tout prizonye yo, pou okenn nan yo pa ta chape naje nan lanmè a.
43 可是百夫長卻願救保祿,便阻止他們任意行事,遂命令會泅水的先跳入水中,先行登陸,
Men santenye a ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè,
44 至於其餘的人,有的用木板,有的憑船上的零碎東西:這樣眾人都登了陸,得了救。
epi rès la ta swiv yo, kèk sou mòso bwa, e lòt yo sou plizyè lòt bagay pou kite bato a. Konsa li te rive, ke yo tout te vin rive sof atè.

< 使徒行傳 27 >