< 撒母耳記下 9 >

1 達味問說:「撒烏耳家中還有剩下的人嗎﹖為了約納堂,我要對他表示慈愛。」
Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?”
2 撒烏耳家有一個僕人,名叫漆巴,有人把他帶到達味前;君王又問他說:「你是漆巴嗎﹖」他答說:「你的僕人是。」
Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li: “Èske ou se Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”
3 君王又問他說:「撒烏耳家中還有什麼人在嗎﹖我好對他表示天主的慈愛。」漆巴回答君王說:「還有約納堂的一個雙腳跛瘸的兒子。」
Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”
4 君王向他說:「他在那裏﹖」漆巴回答君王說:「他在羅德巴爾,阿米耳的兒子瑪基爾家裏。」
Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”
5 達味派人從羅德巴爾,阿米耳的兒子瑪基爾家裏把他接來。
Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar.
6 撒烏耳的孫子、約納堂的兒子,默黎巴耳來到達味前,就俯伏在地,叩拜君王。達味說:「默黎巴耳! 」他答:「你的僕人在這裏。」
Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?” Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”
7 達味向他說:「你不要害怕,為了你的父親約納堂,我要恩待你,將你祖父撒烏耳所有的土地全歸還給你;你以後要享用我桌上的食物。」
David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”
8 他伏首至地叩拜說:「你的僕人算什麼﹖你竟來眷顧像我這樣的一個死狗。」
Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade yon chen mouri tankou mwen?”
9 君王把撒烏耳的僕人漆巴召來,向他說:「撒烏耳和他全家所有的一切,我全給了你主人的兒子。
Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: “Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a.
10 所以,你和你的兒子以及你的僕役,應為他耕種田地,將收穫供給你主人的家庭作食糧;但你主人的兒子默黎巴耳要常享用我桌上的食物。」漆巴有十五個兒子,二十個僕役。
Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, va manje tout tan sou tab mwen.” Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè.
11 漆巴回答君王說:「凡我主大王吩咐你僕人的,你的僕人必全依照遵行。」如此,默黎巴耳享用君王桌上的食物,就如君王的一個兒子。
Epi Tsiba te di a wa a: “Selon tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo.
12 默黎巴耳有個小兒,名叫米加。凡住在漆巴家裏的人,無不服事默黎巴耳。
Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth.
13 默黎巴耳常住在耶路撒冷,因為他應常享用君王桌上的食物,只是他的雙腳跛了。
Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li.

< 撒母耳記下 9 >