< 撒母耳記下 23 >
1 達味的最後遺言如下:葉的兒子達味的神諭,至高者所舉揚的人,雅各伯的天主的受傅者,以色列的善歌詠者的神諭:
Men dènye pawòl David yo. David, pitit gason Izayi a, te yon nonm Bondye te mete byen wo. Se li menm Bondye Jakòb la te chwazi pou wa. Li te fè bèl chante pou pèp Izrayèl la. Men sa li te di:
Se lespri Seyè a k'ap pale nan mwen. Se mesaj li k'ap soti nan bouch mwen.
3 雅各伯的天主說過,以色列的磐石曾向我說:那以正義統治人的,那以敬畏天主之情統治人的,
Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m' konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,
4 有如日出時的晨光,無雲的黎明,雨後射在綠草地上的光輝。
ap tankou solèy k'ap leve byen klere nan maten, nan yon syèl klè san yon ti nwaj ladan l'. L'ap tankou solèy k'ap fè zèb pouse apre lapli.
5 的確,我的家必屹立在天主前,因為衪與我結了永久的盟約,妥善而有保證的盟約,衪豈能不給我產生救恩和喜樂。
Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle.
6 但匪徒敗類必像被拋棄的荊棘,誰也不敢去用手拿;
Men, moun ki pa konn Bondye yo, y'ap tankou pikan y'ap voye jete. Pesonn p'ap manyen yo ak men.
7 誰若去觸動,必用刀或槍柄打伐,而後用火燒盡」。
Pou manyen yo se pou ou gen yon bout fè osinon yon frenn. Lèfini, ou boule yo nèt nan dife.
8 以下是達味勇將的名單:哈革摩尼人依市巴耳是三傑之首,他一次揮矛擊殺了八百人。
Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan (800) moun. Li touye tout yon sèl kou.
9 其次為阿曷亞人多多的兒子厄肋阿匝爾,也是三傑之一。有一次他同達味在帕斯達明,當培肋舍特人正在那裏集合準備交戰時,以色列人退卻,
Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit Dodo, pitit yon moun lavil Awoya. Se te yonn nan Twa pi vanyan yo. Yon jou, li menm ak David, y' al atake moun Filisti yo ki te sanble pou goumen. Sòlda pèp Izrayèl yo te kouri pou batay la.
10 他卻固守陣地,擊殺培肋舍特人,直到他的手麻痺無力,貼在刀柄上。上主在那一天使他大獲勝利,民眾折回,在他身後專奪財物。
Men, li menm, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li touye moun jouk li gen lakranp nan men l'. Li pa t' ka louvri men l' pou l' lage nepe a. Jou sa a, Seyè a goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. Apre sa, lame pèp Izrayèl la tounen kote Eleaza te ye a, yo pran tou sa lènmi yo te kite.
11 再其次是哈辣黎人厄拉的兒子沙瑪。那時,培肋舍特人在肋希集合;在口有一塊長滿扁豆的田地。當民眾由培肋舍特心面前逃走時,
Twazyèm lan te rele Chama, pitit gason Age, moun lavil Ara. Yon jou, moun Filisti yo te sanble lavil Lechi, kote ki te gen yon gwo jaden pwa. Sòlda pèp Izrayèl yo t'ap kouri pou moun Filisti yo.
12 他獨自立在田間,保護了那塊田地,殺敗了培肋舍特人:如上主又使他大獲勝利。
Men Chama rete kanpe nan mitan jaden pwa a, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li bat yo byen bat. Se konsa Seyè a te goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo.
13 在開始收割時,培肋舍特的軍隊在勒法因平原紮了營,三十勇士中,有三位下到阿杜藍山岩,來見達味。
Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn Refrayim yo.
14 達味恰在山岩內,而培肋舍特人當時在白冷駐防。
Lè sa a, David te nan ti fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm.
15 達味渴望著說:「誰能為白冷城門旁的井中,給我打一點水來喝﹖」
Yon sèl anvi pran David, li di konsa: Ki moun ki va fè m' bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan?
16 那三位勇士就衝過培肋舍特人的營幕,從白冷城門旁的井裏打了水,將水取來,帶到達味前,但他不肯喝,反而將水奠於上主前,
Lamenm, twa mesye yo desann nan kan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a.
17 說:「上主決不許我做這事;我豈能喝那些冒生命危險者的血﹖」所以他不止喝。這是這三位勇士的事。
Li di konsa: Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo pou al chache l'. Se konsa li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan sòlda sa yo te fè.
18 責魯雅兒子,約阿布的兄弟,阿彼瑟是三十勇士的領袖,他揮舞長矛擊殺了三百人,因此,在三十勇士中出了名。
Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan (300) moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup trant lan.
19 他是三十勇士中最出名的,所以做了他們的領袖,但尚不及前三傑。
Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa Twa pi vanyan yo te fè.
20 約雅達的兒子貝納雅原是卡貝責耳人,是一位英勇,大有作為的人。他擊殺了摩阿布人阿黎耳的兩個兒子,又在下雪天,下到旱井裏打死一隻獅子。
Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo pou li touye yon lyon.
21 他也曾打死了一個埃及大漢。這埃及人手中拿著長矛,他只拿著一棍子,就下去與他對抗,從那埃及人手裏把長矛奪過來,用那長矛將他殺死。
Se li menm ki te touye yon moun peyi Lejip, yon potorik gason bèl wotè, ki te gen yon frenn nan men l'. Li menm, li atake l' ak yon baton ase. Li wete frenn lan nan men moun Lejip la epi li touye l' avè l'.
22 這是約雅達的兒子貝納雅做的事,因此,他在三十勇士中也出了名。
Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant lan.
23 他比三十勇士更有名望,但尚不及前三傑。達味派他作侍衛長。
Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa t' janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l' chèf gad kò li.
24 約雅布的兄弟阿撒耳也是三十勇士中的一位,還有白冷人多多的兒子厄耳哈難,
Nan gwoup Trant lan te gen ankò: Asayèl, frè Joab la, Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm,
Chama ak Elika, moun lavil Awòd,
Elèz, moun lavil Pelèt, Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa,
Abyezè, moun lavil Anatòt, Mebounayi, moun lavil Oucha,
Salmon, moun lavil Awoya, Marayi, moun lavil Netofa,
29 乃托法人巴托阿納兒子赫肋得,本雅明族基貝亞人黎拜的兒子依泰,
Elèb, pitit gason Bana, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo,
Benaja, moun lavil Piraton, Idayi, moun ravin Gach yo,
Abyalbon, moun lavil Araba, Azmavèt, moun lavil Baawoun,
Elyaba, moun lavil Chalbon, pitit gason Joachenn yo, Jonatan,
33 哈辣黎人沙瑪的兒子約納堂,哈辣黎人沙辣爾的兒子阿希揚,
Chama, moun lavil Ara, Akiyam, pitit gason Chara, moun lavil Ara,
34 貝特瑪阿加人阿哈斯拜的兒子厄里培肋特,基羅人阿希托費的兒子厄里安,
Elifelèt, pitit gason Asbayi, moun lavil Maka, Elyam, pitit gason Achitofèl, moun lavil Gilo,
Ezarayi, moun lavil Kamèl, Parayi, moun lavil Arab,
Igal, pitit gason Natan, moun lavil Zoba, Bani, moun lavil Gad,
37 阿孟人責肋克,貝厄洛特人納赫賴,他是責魯貝的兒子約阿布的持戟者;
Zelèk, moun lavil Amon, Nakarayi, moun lavil Bewòt, se li menm ki te pote zam Joab, pitit Sewouya a,
Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a,
Ouri, moun lavil Et la. Antou, te gen trannsèt vanyan sòlda.