< 撒母耳記下 15 >

1 這事以後,阿貝沙隆準備了車輛和駿馬,並叫五十個為他開道。
Alò, li te rive apre sa ke Absalom te fè pwovizyon pou tèt li yon cha avèk cheval ak senkant mesye pou kouri devan li.
2 阿貝沙隆常清早起來,站在進城門的大路旁;凡有爭訟,要到君王前去要裁判的人,阿貝沙隆就把他叫到自己跟前來問說:「你是那一城裏的人﹖」他答說:「你僕人是以色列某支派的人」。
Absalom te konn leve granmmaten e kanpe akote chemen an devan pòtay la. Konsa, lè yon moun ta gen yon pwosè, e te vin kote wa a pou jijman, Absalom te rele li e di: “Nan ki vil ou sòti?” Epi li ta di: “Sèvitè ou a sòti nan youn nan tribi Israël yo.”
3 阿貝沙隆就向他說:「看你的案件是正直有理的,但是君王沒有派人來聽取你的案件」。
Alò, Absalom ta di a li: “Ou wè, ka ou yo bon e jis; men nanpwen pèsòn ki pou koute ou nan non a wa a.”
4 阿貝沙隆又接著說:「唉! 誰若立我作了國家的判官,凡是有訴和案件的,來到我這裏,我必使他獲得公正的裁判」。
Anplis, Absalom te di: “Oswa ke yon moun ta chwazi mwen jij nan peyi a; alò, konsa chak moun ki te gen yon ka oswa yon pwosè ta kapab vin kote mwen e mwen ta ba li jistis.”
5 若有人前來叩拜他,他就伸手將他抱住,與他親吻。
Epi lè yon mesye ta vin kote li pou bese li menm devan li, li ta lonje men li, kenbe li e bo li.
6 凡是要到君王前去告狀的以色列人,阿貝沙隆總是這樣對待他們;如此他獲得了以色列人的心。
Nan jan sa a, Absalom te konn aji avèk tout Israël lè yo te pwoche wa a pou jijman. Konsa, Absalom te vòlè kè a mesye Israël yo.
7 四年以後,阿貝沙隆向君王說:「我要求大王讓我去赫貝龍,向上主所許的願,
Alò, li te rive ke nan fen karant ane ke Absalom te di a Wa a: “Souple, kite mwen ale peye ve ke m te fè a SENYÈ a, nan Hébron.
8 因為你的僕人住在阿蘭革叔爾時,曾願許說:若上主領我再回耶路撒冷,我要在赫貝龍崇拜上主」。
Paske sèvitè ou a te fè yon ve pandan mwen t ap viv Gueschur Aram, e li te di: ‘Si SENYÈ a va vrèman mennen mwen retounen Jérusalem; alò, mwen va sèvi SENYÈ a’”.
9 君王向他說:「你平安去吧! 」阿貝沙隆便往赫貝龍去了。
Wa a te di li: “Ale anpè.” Konsa, li te leve ale Hébron.
10 阿貝沙隆打發特務到以色列各支派說:「你們一聽見號聲,就喊說:阿貝沙隆在赫貝龍為王了! 」
Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’”
11 由耶路撒冷與阿貝沙隆同來的,還有二百人,他們因為被請,就好心好意的來了,對於事情的真相,卻一點不知道。
Konsa, de-san mesye yo te ale avèk Absalom soti Jérusalem. Yo te envite; yo te ale nan inosans, san yo pa konnen anyen.
12 當阿貝沙隆祭獻時,就派人將達味的參謀,基羅人阿希托費耳由他的本城基羅請來參與祭祀。這樣,叛亂就更形擴大,隨從阿貝沙隆的民眾也逐漸加多。
Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.
13 有報信的人來到達味前說:「以色列人的心都歸向阿貝沙隆了」。
Alò, yon mesaje te vin kote David. Li te di: “Kè a mesye Israël yo avèk Absalom.”
14 達味就對所有跟他在耶路撒冷的臣僕說:「我們趕快逃跑,不然,我們就來不及逃避阿貝沙隆了。你們趕快上路,免得他忽然趕到,殘害我們,用刀屠殺全城的人」。
Konsa, David te di a tout sèvitè ki te avèk li yo Jérusalem: “Leve e annou sove ale, paske si se pa sa, nanpwen nan nou ki va chape de Absalom. Ale vit, oswa li va rive sou nou byen vit, fè gwo malè rive sou nou e frape vil la avèk lam nepe.”
15 王的臣僕向君王說:「凡我主大王所決定的,你的臣僕必都照辦」。
Alò, sèvitè a wa yo te di a wa a: “Gade, sèvitè ou yo va fè nenpòt sa ke wa a vle.”
16 君王帶著全家徒步出走,只留下十個嬪妃看守王宮。
Konsa, wa a te sòti avèk tout manm lakay li avèk li. Men wa a te kite dis nan ti mennaj li yo pou pran swen kay la.
17 君王徒步前行,他的軍民都跟著他;到了最後的住宅區,君王站住了。
Wa a te sòti e tout pèp la avèk li, e yo te rete nan dènye kay la.
18 所有的軍民都由他身邊走過,所有的革勒提人和培肋提人,還有從加特跟隨依泰來的六百人,也都由君王面前過去。
Alò, tout sèvitè li yo te pase akote li, tout Keretyen yo avèk tout Peletyen yo ak tout Gatyen yo, sis-san moun ki te vini avèk li soti Gath, te pase devan wa a.
19 君王逐向加特人依泰說:「你m口我們一起出走﹖你回去協同新王國吧! 因為你是個離鄉背井的,流徙在外的僑民。
Alò, wa a te di a Ittaï, Gatyen an: “Poukisa ou ta ale avèk nou tou? Retounen rete avèk wa a; paske ou se yon etranje e yon egzile de pwòp plas ou.
20 你昨天來了,今天我就要你同我們一起漂流嗎﹖我還不知道我要往哪裏去﹖你領著你的兄弟們一起回去吧! 願上主仁慈忠誠對待你! 」
Ayè ou te vini e èske, jodi a, mwen ta dwe fè ou mache egare avèk nou pandan mwen prale kote mwen prale a? Retounen reprann frè ou yo. Ke gras avèk verite kapab avèk ou.”
21 依泰回答君王說:「上主永在! 我主大王萬歲! 在我主大王所在的地方,無論生死,你的僕人也必在那裏! 」
Men Ittaï te reponn wa a. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, nenpòt kote ke mèt mwen an, wa a, ye, kit pou mouri, kit pou viv, se la tou sèvitè ou a va ye.”
22 達味向依泰說:「好,你過去吧! 」加特人依泰與他率領的人民,和他全家也都過去了。
Pou sa, David te di Ittaï: “Ale, janbe lòtbò.” Konsa Ittaï, Gatyen an te janbe avèk tout mesye pa li yo ak tout pitit ki te avèk li yo.
23 人民過去時,遍地一片哭聲;君王停在克德龍谷中,人民在他面前過去,向曠野的路上走去。
Pandan tout peyi a t ap kriye avèk gwo vwa, tout pèp la te pase janbe. Wa a tou te pase janbe flèv Cédron an, e tout pèp la te pase janbe lòtbò vè chemen dezè a.
24 匝多克和所有的肋未人抬著天主的結約之櫃來了,他們把天主的約櫃放在厄貝雅塔爾面前,等由城中出來的人民全都走過。
Alò, gade byen, Tsadok te parèt tou, ansanm avèk tout Levit ki t ap pote lach akò Bondye a. Epi yo te poze lach Bondye a e Abithar te monte la jiskaske tout pèp la te fin kite vil la.
25 君王對匝多克說:「你將天主的約櫃抬回城去,放在原處! 若我在上主眼中蒙恩,衪必會領我回來,再能見約櫃和衪的聖所。
Wa a te di a Tsadok: “Retounen lach Bondye a nan vil la. Si mwen jwenn favè nan zye Bondye; alò, Li va mennen mwen retounen ankò pou montre mwen a Li menm e a abitasyon pa Li a.
26 但若上主說:我不喜歡你,看,我在這裏,衪看著怎樣好,就怎樣處置 吧! 」
Men si Li ta di konsa: ‘Mwen pa gen kè kontan avè w’, gade byen, men mwen, kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
27 君王又向匝多克司祭「看,你 和厄貝雅塔爾可以平安回城,你的兒子阿希瑪茲和厄貝雅塔爾的兒子約納堂,你們的兩個兒子,也應隨你們回去。
Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a.
28 我願在曠野中的渡口暫並住下,等侯你們來給我報告消息」。
Gade, mwen pral tann nan pasaj dezè a jiskaske pawòl ou rive enfòme mwen.”
29 匝多克和厄貝雅塔爾抬著天主的約櫃回了耶路撒冷,且住在那裏。
Pou sa, Tsadok avèk Abiathar te retounen lach Bondye a Jérusalem e te rete la.
30 以後,達味上了橄欖山:一邊上,一邊哭,蒙著頭赤著腳;隨著人民也都蒙著頭,哭著上山。
Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale.
31 忽有人報告達味說:「阿希托費耳也跟隨了阿貝沙隆,雜在叛黨中」。 根遂說:「上主,我求你使阿希托費耳的計謀轉為愚策」。
Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”
32 達味一到了山頂,敬拜天主的地方,見他的朋友阿爾基人胡瑟穿著撕裂的衣服,頭上頂灰,出來迎接他。
Li te rive pandan David t ap pwoche krèt mòn nan, kote yo adore Bondye a, ke vwala, Huschaï, Achit la, te rankontre li avèk manto li chire ak pousyè sou tèt li.
33 達味向他說:「你若跟隨 ,為我反是負擔;
David te di li: “Si ou janbe lòtbò avè m; alò, ou va ankonbre m.
34 但你若回去,向阿貝沙隆說:大王,我願作你的僕人,先我是你父親的人,如今我作你的僕人;這樣你反能為我破壞阿希托費耳的計謀。
Men si ou retounen lavil la e di a Absalom: ‘Mwen va sèvi ou, O wa a. Jan mwen te sèvi papa ou nan tan pase a, konsa, mwen va koulye a, devni sèvitè pa ou’, konsa, ou kapab vin kontrekare konsèy Achitophel la pou mwen.
35 在那裏同你一起的,還有司祭匝多克和厄貝雅塔爾司祭。
Èske Tsadok avèk Abiathar se pa prèt ki avèk ou la a? Pou sa, nenpòt sa ou tande soti lakay wa a, ou va bay rapò a Tsadok avèk Abaithar, prèt yo.
36 與他們在一起的,還有他們的兩個兒子,匝多克的兒子阿希瑪茲和厄貝雅塔爾的兒子約納堂,託他們把你們所聽到的傳報給我」。
Gade byen, de fis pa yo a avèk yo la a, Achimaats, fis a Tsadok a e Jonathan, fis a Abaithar a; epi pa yo menm, ou va voye ban mwen tout bagay ke ou tande yo.”
37 達味的朋友胡瑟就回了城,同時也到了耶路撒冷。
Konsa, Huschaï, zanmi a David la, te antre nan vil la, e Absalom te vini Jérusalem.

< 撒母耳記下 15 >