< 撒母耳記下 10 >

1 此後,阿孟子民的君王死了,他的兒子哈農繼位為王。
Li te vin rive apre ke wa a Amoreyen an te mouri e Hanun, fis li a, te devni wa nan plas li.
2 達味心想:「我要善待納哈士的兒子哈農,像他父親善待我一樣。」於是達味派自己的臣僕去慰問他,追悼他的父親。當達味的臣僕來到阿孟子民國內時,
Konsa, David te di: “Mwen va montre bòn volonte mwen a Hanun, fis a Nachasch la, jis jan ke papa li te montre m bòn volonte a.” Konsa, David te voye kèk nan sèvitè li yo pou konsole li konsènan papa li. Konsa, sèvitè a David yo te rive nan peyi Amonit yo.
3 阿孟子民的公卿,對他們的主上哈農說:「達味派人來慰問你,你想他是為尊敬你的父親嗎﹖達味派臣僕到你這裏來,豈不是來調查、探聽、破壞城池嗎﹖」
Men prens a Amonit yo te di a Hanun, mèt pa yo a: “Èske ou kwè ke David ap onore papa ou akoz li te voye moun konsole ou? Èske David pa t pito voye sèvitè li yo kote ou pou fè ankèt vil la, pou espyone ak boulvèse li?”
4 哈農遂拿住達味的臣僕,將他們的鬍鬚剃去一半,又將他們下半截衣服割去,直到臀部;然後放他們走了。
Konsa, Hanun te pran sèvitè a David yo, li te pase razwa sou mwatye bab yo, li te koupe manto yo jis rive nan mitan kote kwis yo, e li te voye yo ale.
5 有人把這事告訴了達味,王遂打發人去迎接他們,因為這些人很覺羞恥;王便吩咐他們說:「你們暫且留在耶里哥,等鬍鬚長起後再回來。」
Lè yo te pale David sa, li te voye rankontre yo, paske mesye yo te imilye anpil. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin pouse e konsa, retounen.”
6 阿孟子民見自己在達味跟前惹下仇恨,便遣人去,向貝特勒曷布和祚巴的阿蘭人僱了兩萬步兵,向瑪阿加君王僱了一千人,向托布人僱了一萬二千人。
Alò, lè fis a Ammon yo te wè ke yo te vin rayisab devan David, fis a Ammon yo te voye anplwaye Siryen yo Beth-Rehob e Siryen yo a Tsoba, ven-mil sòlda a pye, wa Macca avèk mil lòm e mesye a Tob yo avèk douz-mil lòm.
7 達味聽說這事,便派出約阿布和全隊士兵和勇士。
Lè David te tande sa, li te voye Joab avèk tout lame mesye vanyan yo.
8 阿孟子民出來,在城門前擺了陣,祚巴和勒曷布的阿蘭人和托布人與瑪阿加人,分別在田野間擺了陣。
Fis a Ammon yo te vin parèt. Yo te ranje yo nan chan batay la devan antre vil la, pandan Siryen a Tsoba yo avèk Rehob, mesye a Tob yo avèk Maaca pou kont yo te nan chan an.
9 約阿布見自己前後受敵,就由以色列勁旅中,選一隊精兵擺陣進攻阿蘭人,
Alò, lè Joab te wè ke batay la te ranje kont li pa devan kon pa dèyè, li te seleksyone pami mesye pi chwazi an Israël yo pou te ranje yo kont Siryen yo.
10 將其餘的軍隊,交給自己的兄弟阿彼瑟指揮,叫他列陣進攻阿孟子民,
Men rès nan pèp la, li te plase yo nan men Abischaï, frè li a e li te ranje yo kont fis Ammon yo.
11 並對他說:「若我打不下阿蘭人,你就來援助我;若你打不下阿孟子民,我就來援助你。
Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò, ou va ban m sekou; men si fis a Ammon yo twò fò pou ou, alò, mwen va vin ede ou.
12 要勇敢奮鬥,為了我們的民族,為了我們天主的城池,我們應奮鬥! 願上主成就他認為好的事! 」
Pran kouraj e kite nou parèt ak tout fòs nou pou koz a pèp nou an e pou vil Bondye pa nou an. Ke SENYÈ a kapab fè sa ki bon nan zye Li.”
13 然後約阿布和跟隨他的軍隊,向前進攻阿蘭人,阿蘭人就在他們前逃走了。
Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te rapwoche nan batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan yo.
14 阿孟子民見阿蘭人逃走,他們也在阿彼瑟前逃走,退入城中。約阿布便不再進攻阿孟子民,回了耶路撒冷。
Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo osi te sove ale devan Abischaï e te antre nan vil la. Alò, Joab te retounen sispann goumen kont fis a Ammon yo pou te rive kote Jérusalem.
15 阿蘭人見自己為以色列打敗,便再聯合起來。
Lè Siryen yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te vin rasanble ansanm.
16 哈達德則爾派人去,將大河那邊的阿蘭人也調來,都到了赫藍,由哈達德則爾的元帥芍巴客率領。
Epi Hadarézer te voye chache Siryen ki te pi lwen Rivyè Euphrate la pou yo te vini Hélam. Schobac, Kòmandan a lame a Hadarézer a te sou tèt yo.
17 達味一得了情報,就調集所有的以色列人,渡過約但河,來到赫藍。阿蘭人遂列陣進攻達味,與他交戰。
Alò, lè sa te pale a David, li te rasanble tout Israël ansanm e te travèse Jourdain an pou te rive vè Hélam. Konsa, Siryen yo te alinye yo pou rankontre David e te goumen kont li.
18 阿蘭人在以色列面前潰退。達味擊殺了阿蘭人的七百匹拉車的馬,和四萬馬兵;又攻擊了他們的元帥芍巴客,他便死在那裏。
Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la.
19 所有臣屬哈達德則爾的王子,一見自己敗於以色列,便與以色列講和,臣服於他們;從此阿蘭人再不敢援助阿孟子民了。
Lè tout wa yo, sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te pèdi devan Israël, yo te fè lapè avèk Israël pou te sèvi yo. Konsa, Siryen yo te vin gen krent pou ede fis a Ammon yo ankò.

< 撒母耳記下 10 >