< 列王紀下 20 >

1 在那些日子內,希則克雅患病垂危,阿摩茲的兒子依撒意亞來看他,對他說:「上主這樣說:快料理你的家務,因為你快要死,不能久活了。」
Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”
2 希則克雅就轉面向牆,懇求上主說:「
Konsa, Ézéchias te vire figi li vè miray la pou te priye a SENYÈ a. Li te di:
3 上主,求你記憶我如何懷著忠誠齊全的心,在你面前行走;如何作了你視為正義的事。」然後希則克雅放聲大哭。
“Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.
4 依撒意亞出來,還沒有走到中院,上主的話傳於他說:「
Avan Ésaïe te sòti nan mitan vil a, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di:
5 你回去,告訴我人民的領袖希則克雅說:上主,你祖先達味的天主這樣說:我聽見了你的祈禱,看見了你的眼淚。看,我必要治好你,第三天你就能上上主的殿。
“Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a.
6 我要在你的壽數上多加十五年,且由亞述王手中拯救你和這座城;為了我自己和我的僕人達味,我必要保護這座城。」
Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie. Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.”’”
7 依撒意亞遂吩咐說:「拿一塊無花果餅來。」人就拿來,貼在瘡口上;君王就好了。
Konsa, Ésaïe te di: “Pran yon gato figye etranje.” Yo te pran l e te mete li sou apse a, e li te vin refè.
8 希則克雅對依撒意亞說:「有什麼徵兆,上主要治好我,第三天我就能上上主的殿﹖」
Alò, Ézéchias te di a Ésaïe: “Ki sign ki va parèt ke SENYÈ a va geri mwen, e ke mwen va monte lakay SENYÈ a nan twazyèm jou a?”
9 依撒意亞回答說:「這就是上主給你的徵兆,上主必實踐他所說的話:你要日影向前進十度,還是要往後退十度﹖」
Ésaïe te di: “Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”
10 希則克雅答說:「日影向前進十度太容易,我不要;我要日影倒退十度。」
Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li fè bak dis pa.”
11 先知依撒意亞呼求上主,上主就使射在阿哈次日晷上的日影倒退了十度。
Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a, e Li te fè lonbraj la fè bak dis pa sou eskalye a sou sila li te avanse nan eskalye Achaz la.
12 那時,巴比倫王巴拉丹的兒子默洛達客捌拉丹派人來見希則克雅,呈上書信和禮物,因為他聽說希則克雅患病又好了。
Nan tan sa a, Berodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt avèk yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke Ézéchias te konn malad.
13 希則克雅非常高興,就叫使者參觀自己的寶庫、金銀、香料、珍膏和武器庫,以及他府庫內所有的財寶:凡他宮中和全國內所有的,希則克雅沒有一樣不叫他們不看的。
Ézéchias te koute yo e montre yo tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.
14 依撒意亞先知遂來見希則克雅,對他說:「這些人說了什麼﹖他們是從什麼地方到你這裡來的﹖」希則克雅回答說:「他們是從遠方,從巴比倫來的。」
Alò, pwofèt la, Ésaïe, te vin kote Ézéchias. Li te mande li: “Kisa mesye sila yo te di e depi kibò yo sòti pou rive kote ou a?” Epi Ézéchias te di: “Yo sòti nan yon peyi lwen, nan Babylone.”
15 先知又問說:「他們在你宮中看見了什麼﹖」希則克雅回答說:「凡我宮中所有的,他們都看了;凡我府庫內所有的,沒有一樣我不叫他們不看的。」
Li te di: “Kisa yo te wè lakay ou a?” Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke m pa t montre yo.”
16 依撒意亞遂對希則克雅說:「你聽上主的話罷!
Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ a.
17 日子要到,凡你宮中所有的,及你祖先直到今日所積蓄的,都要被帶到巴比倫去,什麼也不會留下:上主說。
‘Veye byen, jou yo ap vini lè tout sa ki lakay ou avèk tout sa ke zansèt ou yo te mete an depo jis rive jou sa a va pote ale Babylone. Anyen p ap rete, pale SENYÈ a.
18 此外,由你所出,即你所生的子孫中也有一些要被擄去,在巴比倫王宮內充當太監。
Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va fè, va retire ale; epi yo va devni ofisye nan palè a wa Babylone nan.’”
19 希則克雅對依撒意亞說:「你所說的上主的話是合理的!」繼而說:「惟願我有生之日有平安,有安全! 」
Alò Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ a ke ou te bay la bon.” Paske li te reflechi: “Èske se pa sa, si k ap gen lapè avèk verite nan jou mwen yo?”
20 希則克雅其餘的事蹟,他的英勇和他怎樣鑿池築溝,引水入城的事,都記載在猶大列王實錄上。
Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
21 希則克雅與他的列祖同眠,他的兒子默納舍繼位為王。
Konsa, Ézéchias te dòmi avèk zansèt li yo e Manassé, fis li a, te devni wa nan plas li.

< 列王紀下 20 >