< 歷代志下 8 >

1 [撒羅滿的其他建設]撒羅滿建造上主的殿和自己的王宮歷時二十年;二十年過後,
Alò, li te vin rive nan fen ven ane pandan sila yo Salomon te bati kay SENYÈ a avèk pwòp kay li a,
2 撒羅滿又重建了希蘭還給他的城邑,令以色列子民住在那裏。
ke li te fin bati vil ke Huram te ba li yo, e li te etabli Izrayelit yo ladann.
3 此後,撒羅滿到了哈瑪特祚巴,征服了那地。
Epi Salomon te ale kote Hamath-Tsoba e te kaptire li.
4 又修建了在曠野裏的塔德摩爾,在哈瑪特四周修築了儲藏城。
Li te bati Thadmor nan dezè a ak tout vil depo ke li te bati nan Hamath yo.
5 又修築了上貝特曷龍和下貝特曷龍,作為有牆有門有閂的設防城。
Anplis, li te bati Wo Beth-Horon an avèk Ba Beth-Horon an, vil fòtifye avèk miray, pòtay ak fè fòje;
6 又建築了巴阿拉特和所屬於撒羅滿的儲藏城,以及一切屯車城和騎兵城;凡撒羅滿願意在耶路撒冷、黎巴嫩以及他所管轄的境內所要建設的,都已建設了。
avèk Baalath ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, tout vil pou cha li yo avèk vil pou chevalye yo ak tout sa ki te fè kè Salomon kontan pou bati nan Jérusalem, nan Liban ak nan tout peyi ki te anba règleman li yo.
7 至於其餘的人民,即那些不屬以色列的赫特人、阿摩黎人、培黎齊人、希威人和耶步斯人,
Tout moun nan pèp la ki te rete nan Etyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, avèk Jebizyen ki pa t yon pati nan Israël,
8 以色列子民沒有消滅,而他們凡留在此地的子孫,撒羅滿都徵來充作苦役,直到今天仍是如此。
ki te sòti nan desandan pa yo ki te kite nan peyi, ke fis Israël yo pa t detwi yo, yo menm, Salomon te fè yo leve kòm ouvriye kòve ki fèt jis rive jodi a.
9 撒羅滿並沒有使以色列子民為他的工作擔任苦役,因為他們是他的戰士、將官、戰車長和騎兵長。
Men Salomon pa t fè esklav pou travay li pami fis Israël yo. Yo te mesye lagè, chèf kapitèn li avèk kòmandan a cha li yo ak chevalye li yo.
10 撒羅滿的監察官,共有二百五十人,監管百姓。
Sila yo te chèf prensipal a Wa Salomon; de san senkant yo ki te dirijan sou pèp la.
11 撒羅滿又將法郎的女兒,從達味城搬到為她建築的宮中,因為他說:「連我的妻子,也不可住在以色列王達味的宮中,因為上主約櫃所到的地方是聖地。」
Salomon te mennen fè monte fi a Farawon an soti Jérusalem pou rive nan kay ke li te bati pou li a, paske li te di: “Madanm mwen p ap rete lakay David, wa Israël la, akoz plas yo kote lach SENYÈ a te ye a sen.”
12 那時,撒羅滿在上主的祭壇上,即他在門廊前所築的祭壇上,向上主獻了全燔祭;
Salomon te ofri ofrann brile bay SENYÈ a, sou lotèl ke li te bati devan galri a.
13 並按梅瑟的吩咐,在安息日、新月和每年的三個節期:無酵節、七七節和帳棚節,奉獻每日應獻的祭品。
Sa te fèt selon règleman a chak jou. Li te ofri yo selon lòd Moïse pou Saba yo, nouvèl lin yo, fèt apwente yo twa fwa pa lan yo—Fèt Pen San Ledven an, Fèt Semèn Yo, ak Fèt Tonèl Yo.
14 它又照他父親達味的規定,為司祭派定了班次,各盡其職;又規定了肋未人的任務,令他們負責讚頌;照每日的定例,在司祭前服務;又派定了門丁,按照他們的班次守衛各門,因為天主的人達味是如此命令的。
Alò, selon règleman a papa li yo, David, li te chwazi divizyon a prèt yo pou sèvis pa yo, Levit yo pou devwa pa yo, pou fè lwanj e fè sèvis devan prèt yo selon règ a chak jou a, e gadyen pòtay pa divizyon pa yo nan chak pòtay. Paske se konsa David, nonm Bondye a, te konn kòmande sa.
15 君王對司祭和肋未人所吩咐的任何職務,以及管理府庫的事,他們都沒有違抗。
Epi yo pa t varye menm nan lòd wa a ak prèt yo avèk Levit yo nan okenn fason ki te konsène kay depo trezò yo.
16 由上主的殿奠基之日起,以迄完成,撒羅滿的一切工作完備無缺;上主的殿於是告成。
Konsa, tout travay a Salomon an te akonpli depi jou lakay SENYÈ a te etabli a, jiskaske li te fini. Konsa, lakay SENYÈ a te konplete.
17 此後,撒羅滿往厄東地,到了濱海的厄茲雍革貝爾及厄拉特。
Konsa, Salomon te ale kote Etsjon-Guéber ak Élath sou lanmè peyi Édom an.
18 希蘭派遣自己的臣僕給他送來了船隻和善於航海的人;他們與撒羅滿的僕人同往敖非爾去,從那裏裝載了黃金四百五十「塔冷通,」運到撒羅滿王那裏。
Epi Huram, pa sèvitè li yo te voye bato kote li avèk sèvitè ki te konnen lanmè yo. Yo te ale avèk sèvitè a Salomon yo nan Ophir e yo te pran soti la, kat-san-senkant talan lò pou te pote yo kote Wa Salomon an.

< 歷代志下 8 >