< 歷代志下 7 >

1 [祝聖聖殿]撒羅滿祈禱完了,有火從天上降下,焚燒了全燔祭和其他的犧牲;上主的榮耀充滿了聖殿。
Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la.
2 由於上主的榮耀充滿了上主的殿,司祭不能進入上主的殿。
Prèt yo pa t kab antre lakay SENYÈ a akoz glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
3 所有的以色列子民看見有火降下,上主的榮耀充滿了聖殿,便俯伏在石鋪的地上,叩拜稱頌上主說:「因為他是聖善的,因為他的仁慈永遠常存。」
Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di: “Konsa Li bon, paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”
4 君王和眾百姓在上主面前祭殺了犧牲。
Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a.
5 撒羅滿王那時祭殺了二萬二千頭牛,十二萬隻羊;這樣君王和全百姓為上主的聖殿行了奉獻禮。
Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a.
6 司祭各站在自己的岡位上,肋未人拿著達味王所製的上主的樂器,奏「因為他的仁慈永遠常存」稱頌上主的歌;這讚美歌是達味令他們唱的;司祭們面對著他們吹號筒,同時全以色列人都站立不動。
Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.
7 撒羅滿祝聖了上主殿前的內院,在那裏,獻了全燔祭與和平祭的脂油,因為他製造的銅壇容不下那麼多全燔祭、素祭和脂油。
Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la.
8 那時,撒羅滿舉行慶節七天之久,所有的哈瑪特渡口到埃及小河的以色列百姓,都與他在一起,實是一大集會。
Konsa, Salomon te obsève fèt la nan tan sa a pandan sèt jou e tout Israël avèk li; yon trè gran asanble ki te sòti depi nan antre Hamath jis rive nan flèv Égypte la.
9 第八天又舉行了盛大的集會,如此舉行獻壇七天,過節七天。
Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou.
10 七月二十三日,君王遣散了民眾。他們因上主對達味、撒羅滿和他的百姓以色列所施的恩惠,都滿懷歡樂,回了自己的帳幕。[上主的俯允與警告]
Epi sou venn-twazyèm jou nan setyèm mwa a, li te voye pèp la nan tant yo, ranpli avèk jwa e avèk kè kontan, akoz bonte ke SENYÈ a te montre a David, a Salomon e a pèp Li a, Israël.
11 撒羅滿完成了上主的殿和王宮,凡撒羅滿心中要在上主的殿和自己的宮內所作的,都順利完成了。
Se konsa Salomon te fini kay SENYÈ a avèk palè wa a, e li te acheve nèt tout sa ke li te fè plan pou fè lakay SENYÈ a ak nan kay pa li a.
12 夜間上主顯示給撒羅滿,對他說:「我已聽了你的祈禱,我也為我揀選了這地方作為祭祀的大殿。
Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.
13 我如果使天閉塞不雨,使蝗蟲吞吃這地,或使瘟疫在我百姓中間流行,
“Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an,
14 這稱為我名下的百姓,如果謙遜祈禱,尋求我的面,遠離自己的惡行,我必從天上俯聽,寬恕他們的罪過,使他們的土地生產。
epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
15 自今以後,我必睜眼垂顧,側耳諦聽在此處發出的祈禱。
Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.
16 現今我已選擇這殿,予以祝聖,使我的名永遠在這殿中;我的眼和我的心,也時時留在那裏。
Paske koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.
17 至於你,如果你在我面前行走,像你父親達味那樣行走,遵行我吩咐你的一切,恪守我的法律和典章,
“Epi pou ou menm, si ou mache devan M tankou papa ou, David te mache a, fè selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo, e kenbe règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo,
18 我必鞏固你的王位,一如我應許你父親達味所說:你的子孫中,決斷不了有人作以色列的統治者。
alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’
19 但是,如果你們遠離我,離棄我在你們前所頒布的法律和誡命,而去服侍敬拜別的神,
“Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo,
20 我必將你們從我賜予你們的地上根除,且要拋棄這座為我名而祝聖的殿,毫不顧惜,使它成為萬民的笑話和話柄。
alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo.
21 這殿雖然宏大,凡經過的人必將驚愕說:上主為什麼這樣對待了這地方和這座殿﹖
Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a?
22 人必回答說:是因為他們離棄了領他們出離埃及地的上主,他們祖先的天主,而歸依、崇拜、服侍了別的神;為此,上主使這一切災禍臨到他們身上。」
Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’”

< 歷代志下 7 >