< 歷代志下 5 >
1 [聖殿落成]撒羅滿為上主的殿所作的一切工作完成了以後,遂將他父親達味所奉獻的禮品,金銀和所有的器具運上來,存放在天主殿宇的府庫裏。 [迎約櫃入聖殿]
Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.
2 那時,撒羅滿召集以色列的長老,各支派的首領和以色列子民各家族長,到耶路撒冷,機上主的約櫃從達味城,即熙雍運上來。
Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion.
Tout mesye Israël yo te rasanble yo kote wa a nan fèt ki te nan setyèm mwa a.
Konsa, tout ansyen Israël yo te vini. Levit yo te leve pran lach la.
5 將約櫃和會幕內所有的聖器都抬上來;抬運的都是司祭和肋未人。
Yo te mennen lach la fè l monte avèk tant asanble a ak tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt Levit yo te mennen fè yo monte.
6 撒羅滿王和聚集在他那裏的以色列全會眾,在約櫃前宰殺了牛羊,多得無法計算,不可勝數。
Epi Wa Salomon avèk tout asanble Israël ki te rasanble avèk li devan lach yo, t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab kontwole ni konte.
7 司祭們將上主的約櫃抬到殿的內部,即至聖所內,放在革魯賓的翅膀下,那早已預備的地方。
Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo.
8 革魯賓伸開翅膀遮在約櫃的所在之上,所以革魯賓在上面正遮著約櫃和抬櫃的扛桿。
Paske cheriben yo te lonje zèl yo sou plas lach la, jiskaske cheriben yo te fè yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo.
9 這扛桿很長,扛頭從內殿前的聖所裏可以看見,在殿外卻看不見;直到今天還在那裏。
Poto yo te tèlman long ke pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a.
10 約櫃內除了兩塊石版,沒有別的東西:這是以色列子民出埃及後,上主與他們立約時,梅瑟在曷勒布山放在裏面的。[上主顯示榮耀]
Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo ke Moïse te mete ladann nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo lè yo te sòti an Égypte la.
11 當司祭從聖所出來時,─因為所有在場的司祭都自潔過,未分班次,
Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo),
12 全體歌唱的肋未人,阿撒夫、赫曼、耶杜通,和他們的兒子以及他們同族的弟兄,一律穿著細麻的衣服,站在祭壇的東面,擊鈸、鼓瑟、彈琴;同他們在一起的,尚有一百二十位司祭吹號筒,─
epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a otèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo,
13 吹號筒的和歌唱的人都同聲同調讚美上主。當他們配合號筒鐃鈸和各種樂器,高聲讚美上主說:「因為他是聖善的,因為他的仁慈永遠常存」時,雲彩充滿了聖殿,即上主的殿,
ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di: “Paske Li bon, lanmou dous Li a dire pou tout tan!” Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj,
14 致使司祭由於雲彩不能繼續奉職,因為上主的光榮充滿了天主的殿。
jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.